Job 4
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Elifaz, moun Teman an, pran lapawòl, li di konsa: 2-Jòb, si m' pale avè ou, ou p'ap fache, vye frè? Mwen pa ka pa pale. 3Yon lè, se ou ki te konn moutre moun anpil bagay, se ou ki te konn bay moun fòs lè yo fèb. 4Pawòl nan bouch ou te yon ankourajman pou moun ki te dekouraje. Ou te ede yo kanpe sou de pye yo ankò. 5Koulye a, paske se tou pa ou, ou pèdi tèt ou. Malè tonbe sou ou, w'ap depale. 6W'ap sèvi Bondye, ou fèt pou genyen l' konfyans. Ou mennen bak ou byen, ou pa fèt pou dekouraje. 7Repase tèt ou byen. Ou janm konnen yon inonsan ki mouri mal? Ou janm wè yo touye yon moun ki mache dwat? 8M'ap di sa m' wè ak je m': Moun ki kouve mechanste nan kè yo epi k'ap mache bay moun lapenn, se mechanste ak lapenn yo rekòlte. 9Lè Bondye fache, li soufle sou yo, yo mouri. Lè van tanpèt Bondye a leve, yo disparèt. 10Mechan yo rele kou lyon, yo gwonde kou bèt sovaj. Men, Bondye fèmen bouch yo, li kase dan nan bouch yo. 11Yo mouri tankou lyon ki pa jwenn bèt pou yo manje. Tout pitit yo gaye nan bwa. 12Yon lè, mwen tande Bondye t'ap pale tou dousman nan zòrèy mwen. Mwen pa t' fin tande nèt sa li t'ap di. 13Tankou yon move rèv nan mitan lannwit, li mete yon bann vye lide nan tèt mwen. M' pa ka dòmi tèlman mwen pè. 14Mwen pran tranble, mwen santi yon frison mache nan tout kò m'. Tout zo nan kò m' ap krake. 15Yon souf pase bò figi m', tout cheve nan tèt mwen kanpe. 16Mwen rete konsa mwen wè yon moun kanpe devan m'. Mwen pa t' rekonèt ki moun li ye. Men, fòm moun lan te la devan je m'. Mwen pa tande yon ti bri menm. Apre sa, mwen tande yon vwa ki t'ap pale tou dousman, li t'ap di: 17Ki moun ki ka di li mache dwat devan Bondye? Ki moun ki san repwòch devan Bondye ki kreye l' la? 18Bondye pa janm fin fye sèvitè l' yo nèt. Ata zanj li yo, li jwenn bagay pou l' repwoche yo. 19Ale wè atò pou moun ki fèt ak labou, pou moun ki soti nan pousyè tè, pou moun yo kapab kraze tankou poudbwa! 20Yon sèl jou kont pou yo tounen pousyè, yo disparèt nèt. Pesonn pa wè sa. 21Yo rete konsa yo kase kòd. Yo mouri san yo pa janm rive fin gen bon konprann.

Did you know?
Eliphaz's First Speech
- Eliphaz the Temanite is the first of Job's companions to respond, breaking their week of silence. He acknowledges Job's past reputation for comforting and strengthening the distressed before questioning why Job cannot apply that same endurance to his own suffering.Sources: the Bible text itself · Eliphaz
- Eliphaz introduces the traditional principle of retribution, arguing that the innocent never perish and that individuals reap what they sow in life.Sources: the Bible text itself
- To support his theological claim, Eliphaz describes a chilling night vision where a mysterious spirit stood before him in the dark, declaring that fragile mortals dwelling in houses of clay cannot be more righteous or pure than their Maker.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org