Isaiah 12
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Jou sa a, w'a pran chante: -M'ap fè lwanj ou, Seyè! Ou te move sou mwen. Men koulye a, ou pa fache ankò. W'ap ban m' kouraj. 2Se Bondye ki delivre m'! Mwen gen konfyans nan li. Kè m' pa kase ankò! Se Seyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'! 3Menm jan kè pèp la kontan lè y' apral pran dlo nan sous, se konsa y'a kontan lè Bondye ap delivre yo. 4Jou sa a, n'a pran chante: Ann di Bondye mèsi! Ann lapriyè nan pye l'! Fè tout nasyon yo konnen sa li fè. 5Chante pou Seyè a, paske li fè gwo mèvèy. Fè tout moun sou latè konn sa! 6Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt! Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa. Se nan mitan nou li rete.
Did you know?
A Song of Praise and Salvation
- Isaiah 12 is structured as a short hymn of thanksgiving, looking forward to a day of restoration when God's anger turns away and he becomes his people's strength, song, and salvation.Sources: the Bible text itself
- The chapter directly addresses the inhabitants of Zion—the prominent hill in Jerusalem where King David established his citadel and city—calling on them to shout and sing because the Holy One of Israel dwells among them.Sources: the Bible text itself · Zion
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 6
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org