Nations Bible

Isaiah 13

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Men mesaj Bondye te bay Ezayi, pitit Amòz la, sou lavil Babilòn: 2-Mete yon drapo kanpe sou tèt yon mòn kote pa gen pyebwa menm! Rele byen fò pou sòlda yo pare yo! Leve men ou anlè. Ba yo siyal pou y' al atake pòtay lavil grannèg yo! 3Se mwen menm, Seyè a, k'ap bay sèvitè m' yo lòd! M'ap rele tout vanyan sòlda mwen yo, tout moun pa m' yo ki gen kè kontan, k'ap mache tèt anlè, pou yo pini moun k'ap fè m' fè kòlè yo. 4Koute yon gwo bri sou mòn yo! Se tankou bri yon gwo foul moun, yon kantite nasyon ak moun tout peyi k'ap sanble. Se Seyè ki gen tout pouvwa a k'ap fè enspeksyon lame li a anvan y' al goumen. 5Seyè a move, l'ap vini ansanm ak sòlda ki pral fè sa li ba yo lòd fè a. Y'ap soti byen lwen nan lòt peyi ki nan dènye bout latè pou yo vin ravaje tout peyi a. 6Nou mèt plenyen kont kò nou, paske jou Seyè a pre rive! Bondye ki gen tout pouvwa a pral vini pou l' devaste tè a. 7Se poutèt sa, tout moun sou latè pèdi kouraj, kè yo kase! 8Y'ap rete konsa, yo pral gen doulè ak lakranp nan tout kò yo. Yo pral tòde tankou fanm ansent ki gen tranche. Yonn ap gade lòt san di krik, y'ap rete ak je yo louvri byen gran tèlman y'a wont. 9Jou Seyè a ap rive. Seyè a ap san pitye, l'ap fè gwo kòlè, l'ap move anpil. L'ap fè tè a tounen yon dezè, l'ap disparèt dènye moun k'ap fè sa ki mal! 10Tout grenn zetwal nan syèl la, tout zetwal Oryon yo p'ap klere ankò. Solèy la ap tou nwa lè li leve, lalin lan menm p'ap klere ankò. 11Seyè a di ankò: -Mwen pral fè dezolasyon tonbe sou tout latè poutèt mechanste moun yo ap fè. Mwen pral pini tout mechan yo poutèt fòfè y'ap fè yo. Mwen pral kraze lògèy tout moun k'ap gonfle lestonmak yo. Mwen pral kraze awogans tout mechan k'ap peze moun anba pye yo. 12Moun k'ap chape yo ap pi ra pase bon lò, pase bon lò ki soti nan peyi Ofi. 13Se poutèt sa, jou mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m'a fè move san an, jou m'a fè gwo kòlè mwen an, m'ap fè syèl la tranble, m'ap fè tè a kite plas kote li ye a. 14Lè sa a, moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi Babilòn lan va kouri al lakay yo nan peyi yo, tankou gazèl bèf mawon k'ap kouri pou chasè, tankou mouton san gadò ki gaye nan savann. 15Y'ap touye tout moun peyi a y'a kontre sou wout yo, y'ap kraze tout moun peyi a y'a bare sou chemen yo. 16Y'ap krabinen ti pitit yo la devan je yo, y'ap piye kay yo, y'ap fè kadejak sou madanm yo. 17Seyè a di ankò: -Mwen pral voye moun peyi Medi yo vin atake yo. Se yon bann moun lajan pa di yo anyen, lò pa tante yo. 18Avèk banza yo, yo pral touye jenn gason. Y'ap san pitye pou timoun fenk fèt. Kè yo p'ap fè yo mal pou timoun piti. 19Lavil Babilòn, se yon bijou. Se li ki pi bèl pase tout peyi. Moun peyi Kalde yo plen lògèy, y'ap fè grandizè poutèt li. Men, mwen menm Seyè a, m'ap kraze l' tankou mwen te kraze lavil Sodòm ak lavil Gomò. 20Moun p'ap janm al rete la ankò. L'ap rete san moun pou tout tan. Moun peyi Arabi k'ap mache nan dezè yo p'ap janm moute tant yo bò la, ni ankenn gadò mouton p'ap janm mennen mouton yo vin manje bò la. 21Se la tout bèt nan bwa pral rete. Koukou pral fè nich nan tout kay yo. Se la otrich pral fè kay yo. Se la kabrit mawon pral danse kalenda. 22Chen mawon pral wouke nan gwo kay yo. Chat mawon pral pran plezi yo nan bèl palè yo. Lè a prèt pou sonnen pou lavil Babilòn, jou l' prèt pou bout.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Judgment on Babylon

  • Isaiah son of Amoz announces an oracle of impending judgment against Babylon, proclaiming that the Medes would be stirred up against it. The complete desolation of the imperial city is likened to the ancient, proverbial overthrow of Sodom and Gomorrah.Sources: the Bible text itself · Isaiah · Sodom · Gomorrah
  • The prophecy describes survivors becoming scarcer than the pure gold of Ophir. Ophir was renowned across the ancient Near East for its wealth of gold, with various traditions and commentators locating it in Arabia, India, or other distant trading regions.Sources: the Bible text itself · Ophir
  • Situated on the Euphrates River, Babylon was celebrated as a jewel of kingdoms and the pride of the Chaldeans. Isaiah depicts its future desolation as total, foretelling that its luxurious palaces and fortresses would be inhabited only by jackals, hyenas, and wild desert creatures.Sources: the Bible text itself · Babylon

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Babylon · 32.543, 44.422 · verses 1, 2, 14, 17, 19, 20, 22
  • Chaldea · 30.962, 46.104 · verse 19

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.