Hosea 12
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Pèp Efrayim lan ap fè yon bann bagay ki p'ap rapòte yo anyen. Y'ap kouri siyen kontra ak moun k'ap fini ak yo. Tout lajounen y'ap plede bay manti sou manti. Se fè mechanste. Yo fè kontra avèk peyi Lasiri, y'ap fè kòmès lwil avèk peyi Lejip. 2Seyè a gen yon kont pou l' regle ak moun Jida yo tou. Li pral pini moun Jakòb yo dapre ajisman yo. Li pral fè yo peye sa yo fè a. 3Depi nan vant manman l', Jakòb, zansèt yo, t'ap goumen ak Ezaou, frè jimo li a. Lè li vin gran li goumen ak Bondye. 4Li mare batay ak yon zanj Bondye, epi li genyen. Lè sa a, Jakòb kriye, li mande pou zanj lan beni l'. Li kontre ak Bondye Betèl, Bondye pale avè l'. 5Se te Seyè ki gen tout pouvwa a. Seyè, se konsa yo rele li. 6Konsa, nou menm pitit pitit Jakòb yo, tounen vin jwenn Bondye nou. Pa janm sispann renmen l'. Fè sa ki dwat devan je li. Pran pasyans! Toujou konte sou Bondye. 7Seyè a di ankò: -Moun Izrayèl yo tankou moun Kanaran yo. Y'ap sèvi avèk fo mamit. Yo renmen fè mache nwa. 8Y'ap plede di: Nou fin rich. Nou fè yon bèl kòb. Men, nou travay di tou. Pesonn pa ka di nou te fè ankenn bagay mal pou n' gen tout lajan sa a! 9Men, mwen menm, se Seyè a, Bondye nou an mwen ye. Se mwen ki te mennen nou depi lè nou te moute kite peyi Lejip la. M'a pral fè nou rete anba tant twal ankò, jan nou te konn fè l' lè mwen te vin jwenn nou nan dezè a. 10Mwen te pale ak pwofèt yo. Se mwen ki fè yo fè anpil vizyon. Mwen fè yo bay pèp la anpil avètisman pou mwen. 11Pèp la ap adore zidòl lavil Galarad. Men, sa p'ap sèvi yo anyen. Y'ap ofri towo bèf lavil Gilgal. Men, lotèl yo ap tounen pil wòch nan jaden y'ap pare. 12Jakòb, zansèt nou an, te blije al kache nan peyi Aram. Lè l' te la, li te travay pou moun pou l' te ka jwenn yon fanm pou l' marye. Wi, li te fè metye gadò mouton pou l' te ka jwenn yon fanm. 13Seyè a voye yon pwofèt pou fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip. Li fè menm pwofèt la pran swen yo. 14Men, pèp Efrayim lan te fè bagay ki te fè Seyè a fache anpil. Se poutèt sa, l'ap fè yo peye krim yo fè a. L'ap fè yo peye wont yo te fè l' wont la.

Did you know?
Jacob's Heritage and Ephraim's Deceit
- Hosea condemns the northern kingdom for balancing alliances between rival world empires, noting that Ephraim made treaties with Assyria to the north while sending olive oil to Egypt along the Nile.Sources: the Bible text itself · Assyria · Egypt
- The text recalls key episodes from the life of the patriarch Jacob: grasping his brother's heel at birth, wrestling with an angel, encountering God at Bethel, and laboring as a shepherd in the elevated region of Aram to obtain a wife.Sources: the Bible text itself · Jacob (Israel) · Bethel (of Palestine) · Aram
- The prophet highlights idolatry at historic locations such as Gilead, the mountainous territory east of the Jordan, and Gilgal, an ancient sanctuary camp, warning that their sacrificial altars would be reduced to piles of stones in plowed furrows.Sources: the Bible text itself · Gilead · Gilgal
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Assyria · 36.359, 43.153 · verse 1
- Egypt · 30.129, 31.308 · verses 1, 9, 13
- Gilead · Today: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · verse 11
- Aram · 33.511, 36.306 · verse 12
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org