Hosea 11
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Lè pèp Izrayèl la te timoun toujou, mwen te renmen l' tankou pitit gason mwen. Mwen te rele l', mwen fè l' soti kite peyi Lejip. 2Men, plis mwen te konsidere l' tankou pitit mwen, se plis li t'ap vire do ban mwen. Yo t'ap plede fè ofrann bèt pou Baal, yo t'ap plede boule lansan pou zidòl. 3Se mwen menm ki te moutre moun Izrayèl yo jan pou yo mache. Mwen te konn pran yo nan bra mwen. Men, yo pa t' vle rekònèt se mwen menm ki te pran swen yo. 4Pou m' te ka rale yo sou mwen, mwen fè yo wè jan mwen renmen yo, jan mwen gen bon kè. Mwen defèt baboukèt ki te mare bouch yo a. Mwen bese atè pou m' ba yo manje. 5Men yo refize tounen vin jwenn mwen. Se poutèt sa yo p'ap tounen nan peyi Lejip la ankò, se moun Lasiri ki va gouvènen yo. 6Lènmi pral desann sou lavil yo ak nepe nan men yo. Y'ap kraze miray ranpa lavil yo, y'ap detwi pèp mwen an, paske yo fè sa yo pito. 7Yo vire do ban mwen, yo fin pran pli a nèt. Y'a rele anba chay ki sou zepòl yo a, men pesonn p'ap vin wete l' sou yo. 8Nou menm moun Efrayim yo, kouman nou ta vle pou m' lage nou? Nou menm moun Izrayèl yo, kouman nou ta vle pou m' ta detwi nou tankou mwen te detwi lavi Adma? Kouman nou ta vle pou m' ta trete nou tankou mwen te trete lavil Zeboyim yo? Non! Mwen pa gen kè pou m' fè bagay konsa. Tout zantray mwen ap fè mwen mal pou nou. 9Mwen p'ap fè sa m' te di mwen t'ap fè lè m' te ankòlè a. Mwen p'ap detwi moun Efrayim yo ankò. Paske se Bondye mwen ye, mwen pa tankou lèzòm. Se yon bondye apa mwen ye. Mwen la avèk nou. Mwen p'ap fè kòlè pou m' vin detwi nou. 10Y'a pran mache dèyè m' ankò. Lè m'a gwonde tankou yon lyon, y'a tranble kou fèy bwa, y'a kouri kite peyi bò kote solèy kouche a, y'a vin jwenn mwen. 11Y'a vole tankou zwazo, y'a kouri kite peyi Lejip. Y'a pran zèl tankou toutrèl, y'a kouri kite peyi Lasiri. M'a fè yo tounen vin rete nan peyi yo a. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. 12Seyè a di ankò: Moun Efrayim yo kouvri m' anba manti. Moun Izrayèl yo vlope m' ak bèl pawòl. Men, moun peyi Jida yo ap kenbe tèt avè m' toujou, mwen menm Bondye ki toujou kenbe pawòl mwen, mwen menm ki yon Bondye apa!

Did you know?
God's Parental Love and Compassion
- The chapter depicts God as a devoted parent who called Israel out of Egypt as a child, taught Ephraim to walk, lifted the yoke from their necks, and bent down to feed them.Sources: the Bible text itself · Ephraim · Egypt
- When the passage asks 'How could I make you like Admah? How could I treat you like Zeboiim?', it references two cities of the plain in the vale of Siddim that were destroyed alongside Sodom and Gomorrah.Sources: the Bible text itself · Admah · Zeboiim
- Although Hosea warned that Israel would be ruled by Assyria for refusing to repent, he also prophesied a future return where the people would come trembling like doves from Egypt and Assyria to resettle their homes.Sources: the Bible text itself · Assyria · Egypt
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org