Nations Bible

Ezekiel 18

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 2-Poukisa y'ap plede repete pwovèb sa a nan peyi Izrayèl la? Y'ap di: Papa ak manman manje rezen vèt, men se dan pitit yo ki gasi. 3Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa: Nou p'ap janm repete pwovèb sa a ankò nan peyi Izrayèl la. 4Lavi tout moun, papa, manman kou pitit, se pou mwen yo ye. Moun ki fè peche a, se li menm k'ap mouri. 5Ann pran ka yon moun k'ap mache dwat devan Bondye, ki fè sa li dwe fè, ki pa nan patipri. 6Li pa moute nan mòn pou l' al bay zidòl manje, ni li pa fè sèvis pou vye zidòl moun pèp Izrayèl yo ap sèvi. Li pa al dèyè madanm lòt moun pèp Izrayèl parèy li, li pa kouche ak fanm ki gen lalin li. 7Li pa pwofite sou pesonn, li pa bay pesonn koutba, li renmèt garanti moun te ba li pou lajan li prete yo. Li bay moun ki grangou yo manje, li bay moun ki toutouni yo rad pou mete sou yo. 8Li pa bay ponya, li pa pran enterè sou lajan li prete. Li refize mete men l' nan sa ki mal. Lè de moun gen kont, li mete verite a kote li ye. 9Yon moun konsa mache sou lòd mwen bay, li fè tou sa mwen mande pou moun fè. Li pa janm chache twonpe m'. Se yon moun ki dwat. Se sèten l'ap viv. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. 10Si nonm sa a ta rive fè yon pitit ki soti yon lwijanboje, ki renmen mete san moun deyò, epi k'ap mache fè tou sa 11papa l' pa janm fè: l'ap manje nan manje yo ofri bay zidòl sou tèt mòn yo, l'ap kouri dèyè madanm lòt moun pèp Izrayèl parèy li, 12l'ap toupizi pòv malere yo ak moun ki nan malsite, l'ap vòlò, li p'ap renmèt garanti moun te ba li pou lajan li te prete yo, l'ap fè sèvis pou zidòl, l'ap fè vye bagay derespektan, 13l'ap bay ponya, li pran enterè pou lajan li prete, yon nonm konsa pa fèt pou viv. Non, li pa gen dwa viv lè li fin fè tout vye bagay derespektan sa yo. Se sèten l'ap mouri. Se li menm k'ap pote chay tou sa li fè. 14Annou konsidere koulye a ka dezyèm moun sa a ki ta rive fè yon pitit gason. Pitit la wè tout peche papa l' te fè yo. Li wè yo, men li pa fè tankou l'. 15Li pa al sou tèt mòn yo ofri manje bay zidòl, li derefize fè sèvis pou vye zidòl moun peyi Izrayèl yo. Li respekte madanm lòt moun pèp Izrayèl parèy li, 16li pa pwofite sou pesonn, li pa kenbe garanti moun te ba li pou lajan li te prete yo. Li pa vòlò pesonn, li bay moun ki grangou manje, li bay moun ki toutouni rad pou yo mete sou yo. 17Li refize fè moun mechanste, li pa bay ponya, li pa pran enterè sou lajan li prete moun. Yon moun konsa mache sou lòd mwen bay, li fè tou sa mwen mande pou moun fè. Li p'ap mouri poutèt peche papa l' te fè yo. Sèten l'ap viv. 18Papa l' pou bò pa l' te fè mechanste, li vòlò frè parèy li, li pa janm fè byen pou pesonn. Se li menm k'ap mouri poutèt tou sa li fè ki mal. 19N'a mande nan kè nou: Poukisa yon pitit pa peye pou peche papa li te fè a? Men repons la. Se paske pitit la te mache dwat devan Bondye, li fè sa li te dwe fè. Li mache sou lòd mwen bay, li fè tou sa mwen mande pou moun fè, kifè l'ap viv. 20Moun ki fè peche, se yo k'ap mouri. Yon pitit p'ap peye pou peche papa l' te fè, ni yon papa p'ap peye pou peche pitit li fè. Moun ki mache dwat va jwenn rekonpans pou dwat yo te mache dwat la. Mechan an va peye pou mechanste li fè a. 21Si mechan an sispann fè peche li te konn fè yo pou li mache dapre lòd mwen yo, si li fè sa ki dwat ak sa ki byen, li p'ap mouri. Sèten l'ap viv. 22Yo p'ap chonje tout peche li te konn fè yo. L'ap viv paske li te fè sa ki dwat. 23Eske nou kwè mwen ta renmen wè mechan an mouri? Se Seyè sèl Mèt la ki mande sa. Non! Mwen ta pito wè l' sispann fè sa ki mal pou l' ka viv. 24Men, si yon moun ki mache dwat sispann fè sa ki byen pou li lage kò l' nan fè sa ki mal ak tout lòt vye bagay derespektan mechan yo ap fè a, nan kondisyon sa a èske li ka viv toujou? Non. Yo p'ap chonje tout byen li te konn fè yo. L'ap mouri paske li pa t' kenbe pawòl li, paske li fè sa ki mal. 25Men, n'a di n'a kè nou: Jan Seyè a ap aji la a pa bon non. Enben, nou menm moun pèp Izrayèl yo, koute. Nou di jan m' aji a pa bon. Nou pa kwè se jan nou menm n'ap aji a ki pa bon pito? 26Lè yon moun ki t'ap mache dwat sispann fè sa ki byen pou li lage kò l' nan fè sa ki mal, l'ap mouri. Se poutèt sa li fè ki mal la l'ap mouri. 27Lè mechan an sispann fè peche li konn fè yo pou li fè sa ki dwat ak sa ki byen, l'ap sove lavi l'. 28Li rekonèt sa li t'ap fè a te mal, li sispann fè l'. Sèten li p'ap mouri. Se viv pou li viv. 29Men, moun peyi Izrayèl yo ap plede di: Jan Seyè a ap aji a pa bon. Nou kwè se jan m'ap aji a ki pa bon vre? Eske se pa jan nou menm n'ap aji a ki pa bon pito? 30Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la ap di moun peyi Izrayèl yo: M'ap jije chak moun dapre sa yo fè. Tounen vin jwenn mwen, sispann fè sa ki mal, pa kite peche nou yo lakòz nou mouri. 31Vire do bay tout vye peche nou te konn fè yo. Chanje kè nou, chanje lide nou. Poukisa atò, nou menm moun pèp Izrayèl yo, pou n'ap chache lanmò konsa? 32Mwen pa ta renmen wè pesonn mouri. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. Tounen vin jwenn mwen epi n'a viv.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Individual Responsibility and Repentance

  • The popular proverb about fathers eating sour grapes and children's teeth being set on edge expressed a fatalistic belief that the current generation was being punished solely for the sins of their ancestors. The chapter firmly rejects this proverb, establishing the principle that each individual is held accountable for their own moral choices.Sources: the Bible text itself
  • To illustrate individual responsibility, the text examines three successive generations: a righteous father, a violent son, and a moral grandson. It emphasizes that righteousness and guilt are not inherited, and that even a wicked person who repents will live, because God takes no pleasure in anyone's death.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.