Nations Bible

Ezekiel 19

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Bondye pale avè m', li di m' konsa: -Koulye a, plenn sò chèf peyi Izrayèl yo. 2Men sa ou pral di: Apa yon manman lyon manman ou tè ye! Li kouche nan mitan lyon yo, l'ap okipe pitit li yo. 3Li pran yonn nan pitit li yo, li fè l' tounen yon jenn mal lyon. Jenn lyon an aprann jan pou l' kouri dèyè bèt pou l' manje. Li tanmen devore moun. 4Men, lòt nasyon yo pran nouvèl la. Yo pran l' nan pèlen twou yo te pare pou li a. Yo mete yon zanno fè nan nen l', yo trennen l' ale nan peyi Lejip. 5Manman lyon an tann, li tann jouk li pèdi espwa wè l' ankò. Li pran yon lòt nan pitit li yo, li fè l' tounen yon jenn mal lyon. 6Li t'ap pwonmennen nan mitan lòt lyon yo, li tounen yon jenn mal lyon. Li aprann jan pou l' kouri dèyè bèt pou l' manje. Li tanmen devore moun. 7Li demoli fò yo. Li sakaje lavil yo. Chak fwa li gwonde, moun k'ap viv nan peyi a gen kè sote. 8Moun lòt nasyon yo leve dèyè l'. Moun soti toupatou nan pwovens bò kote l' yo, yo vin voye yon privye sou li. Yo pran l' nan pèlen twou yo te pare pou li a. 9Yo mete yon zanno fè nan nen l', yo fèmen l' nan yon kaj. Yo mennen l' bay wa Babilòn lan. Yo mete sòlda veye l' pou moun pa janm tande vwa l' ankò nan mòn peyi Izrayèl yo. 10Manman ou te tankou yon pye rezen plante bò kannal dlo. Pye rezen an te chaje ak fèy, li t'ap donnen anpil paske li te jwenn kont dlo li. 11Li pouse gwo branch. Branch yo tounen baton kòmandman wa. Pye rezen an grandi, li rive depase tèt tout lòt bwa yo. Tout moun t'ap gade jan li te wo, jan li te gen anpil branch. 12Men, yo move sou li, yo derasinen l', yo jete l' atè. Van lès koule tout donn li yo, li kase tout gwo branch li yo. Branch yo cheche, yo boule nan dife. 13Koulye a, se nan yon dezè li kanpe, nan yon tè sèk san dlo. 14Dife pran nan pye rezen an. Li boule ni branch li yo ni donn li yo. Li pa gen gwo branch ankò ki pou ta sèvi baton kòmandman pou wa. Sa a se yon chante pou yo chante anpil fwa pou plenn sò chèf peyi Izrayèl yo.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

A Lament for the Princes of Israel

  • Ezekiel frames this funeral song as an allegory of a mother lioness rearing her cubs. The first cub learns to tear prey but is captured with hooks and brought to Egypt, while the second cub is trapped in a net, placed in a cage, and led into captivity before the king of Babylon.Sources: the Bible text itself · Egypt · Babylon
  • The second half of the lament compares the royal line to a flourishing vine planted beside abundant waters, bearing strong branches fit for rulers' scepters. It depicts the vine being uprooted in fury, scorched by the east wind, consumed by fire, and transplanted into a parched wilderness.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Egypt · 30.129, 31.308 · verse 4
  • Babylon · 32.543, 44.422 · verse 9

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.