Acts 24
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Apre senk jou, Ananyas, granprèt la, rive Sezare ak yon avoka yo rele Tètilis ansanm ak kèk chèf fanmi. Yo parèt devan gouvènè a; yo te vin pote plent pou Pòl. 2Yo fè rele Pòl. Lè sa a Tetilis kòmanse pale, li t'ap akize Pòl konsa: Ekselans, se ou ki fè nou gen lapè depi lontan. Se sou gouvènman ou yo fè anpil refòm nesesè pou byen peyi a, tèlman ou gen bon konprann. 3Pou tou sa w'ap fè depi lontan toupatou, n'ap di ou mèsi anpil ak tout kè nou. 4Mwen pa vle pran twòp tan ou. Men tanpri souple, pran pasyans, koute sa nou gen pou n' di ou la a. Nou p'ap pale anpil. 5Nou fin wè nonm sa a se yon gwo nwizans: l'ap mache fè dezòd nan mitan jwif yo toupatou sou latè. Se chèf gwoup Nazareyen yo li ye. 6Li menm seye derespekte tanp lan. Lè nou wè sa, nou arete l'. Nou te vle jije l' dapre Lalwa nou an. 7Men, kòmandan Lizyas antre nan koze a, li aji yon jan brital ak nou, li wete li nan men nou. 8Apre sa, Lizyas bay moun ki t'ap akize l' yo lòd pou yo vin parèt devan ou. Si ou poze nonm sa a keksyon, wa wè ou menm tou, ki jan sa n'ap di la a se verite tou klè. 9Tout jwif yo te dakò avèk li, yo t'ap di se konsa bagay la te ye vre. 10Gouvènè a fè Pòl siy pou l' pale. Pòl di: Mwen konnen w'ap fè jistis nan peyi a depi lontan. Se ak kè poze mwen vin plede kòz mwen devan ou. 11Ou mèt pran ranseyman, jòdi a fè douz jou depi mwen te moute Jerizalèm pou m' al fè sèvis pou Bondye. 12Jwif yo pa jwenn mwen ap diskite ak pesonn nan tanp lan, yo pa bare m' ap moute tèt pesonn ni nan sinagòg yo ni okenn lòt kote nan lavil la. 13Moun sa yo pa ka bay okenn prèv pou tou sa yo sot di mwen fè a. 14Men, m'ap rekonèt sa devan ou: m'ap sèvi Bondye zansèt nou yo dapre chemen yo pretann di ki pa bon an. Men, mwen kwè tout bagay ki ekri nan lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo. 15Mwen gen espwa sa a, epi mwen konnen yo genyen l' tou; yon jou Bondye gen pou fè tout moun, bon kou mechan, leve soti vivan nan lanmò. 16Se konsa m'ap fè posib mwen pou m' toujou kenbe konsyans mwen san repwòch devan Bondye ak devan moun. 17Apre mwen fin pase anpil lanne deyò, mwen tounen Jerizalèm. Mwen te vin pote yon ti lajan pou ede pèp mwen an, epi m' tou pwofite fè ofrann bèt pou Bondye. 18Men sa m' t'ap fè lè yo jwenn mwen nan tanp lan. Mwen te fin patisipe nan jou sèvis pou mete moun nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Pa te gen foul moun avè m', pa te gen kras dezòd. 19Men, te gen kèk jwif ki te soti nan pwovens Lazi, se yo menm ki te dwe la devan ou pou akize m', si yo te gen kichòy kont mwen. 20Osinon, se pou moun ki isit la di ki move zak yo jwenn mwen te fè lè m' te kanpe devan Gran Konsèy la. 21Men sèl pawòl mwen te di byen fò lè m' te kanpe devan yo tout la: Se paske mwen kwè mò yo gen pou leve vivan ankò kifè yo rele m' an jijman devan nou jòdi a. 22Feliks ki te okouran tout bagay sou chemen Bondye a, ranvwaye jijman an pou pita. Li di yo konsa: Lè kòmandan Lizyas va vini, m'a pran yon desizyon sou zafè sa a. 23Li bay ofisye ki te reskonsab Pòl la lòd pou l' pa lage l', men pou l' ba li kèk ti libète, epi pou kite zanmi l' yo rann li ti sèvis. 24Kèk jou apre sa, Feliks vini avèk Drisil, madanm li, ki te yon jwif. Li voye rele Pòl, li te vle tande sa Pòl te gen pou l' di sou konfyans nan Jezikri a. 25Men, lè Pòl pran pale sou jan moun dwe viv byen, sou jan moun dwe kontwole kò yo, sou jou jijman ki gen pou vini an, Feliks soti pè, li di: Bon, koulye a ou mèt ale. Lè m'a gen tan m'a rele ou ankò. 26Li te mete nan tèt li Pòl ta ka ba li lajan. Se poutèt sa plizyè fwa li te fè l' vin koze avèk li. 27Dezan pase konsa. Feliks menm ki te vle fè jwif yo plezi te kite Pòl nan prizon tout tan sa a. Apre sa, Pòsiyis Festis vin moute gouvènè nan plas Feliks.

Did you know?
Paul before Felix
- The high priest Ananias came down with some elders and a lawyer named Tertullus, whom Easton's Bible Dictionary describes as a Roman advocate employed by the Jews to state their case against Paul before Felix. Tertullus praised the governor and then called Paul a pestilence who stirred up dissension among the Jews all over the world, a ringleader of the sect of the Nazarenes, and a man who had tried to desecrate the temple. The dictionary links that opening praise with Felix's clearing the country of bandits and impostors.Sources: the Bible text itself · Tertullus · Felix
- Felix, who was well informed about the Way, adjourned the hearing and kept Paul under guard, while allowing him some freedom and letting friends meet his needs. The account says he hoped Paul would offer a bribe and so sent for him often; Easton's Bible Dictionary likewise says he appears to have expected a bribe and therefore held several interviews with him. After two years Porcius Festus succeeded him—Easton's Bible Dictionary (1897) dates that appointment to A.D. 60—and, wishing to do the Jews a favor, Felix left Paul in prison.Sources: the Bible text itself · Felix · Portius Festus
- Several days later Felix returned with his wife Drusilla, who was Jewish, and listened as Paul spoke about faith in Christ Jesus and about righteousness, self-control, and the coming judgment; Felix became frightened and sent him away. Easton's Bible Dictionary (1897) identifies Drusilla as the third and youngest daughter of Herod Agrippa I and says Felix induced her to leave her husband, Azizus, king of Emesa. The same entry says that she and her son perished in the eruption of Mount Vesuvius in A.D. 79.Sources: the Bible text itself · Drusilla
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Caesarea · Today: Caesarea Maritima · 32.500, 34.892 · verse 1
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 11, 17
- Asia · 38.400, 28.300 · verse 18
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org