Acts 23
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Pòl fikse je l' sou manm Gran Konsèy yo, li di: Frè m' yo, depi tout tan mwen toujou viv san repwòch devan Bondye jouk jounen jòdi a. 2Ananyas, granprèt la, bay moun ki toupre Pòl yo lòd pou yo ba l' yon souflèt. 3Lè sa a Pòl di li: Ou pòtre yon miray blanchi ak lacho! Se Bondye ki va frape ou. Ou chita la pou jije m' dapre Lalwa Bondye a. Men, se ou menm k'ap dezobeyi Lalwa Bondye a lè ou bay lòd frape m' lan. 4Moun ki te toupre Pòl yo di li: Apa w'ap joure granprèt Bondye a? 5Pòl reponn: Eskize m', frè m'. Mwen pa t' konnen se granprèt msye te ye. Paske, men sa yo di nan Liv la: Piga ou pale chèf pèp ou a mal. 6Pòl konnen te gen sadiseyen yon bò ak farizyen yon lòt bò nan Gran Konsèy la. Se poutèt sa li pran pale byen fò devan yo, li di: Frè m' yo, se yon farizyen mwen ye, pitit pitit farizyen. Se paske mwen gen espwa mò yo gen pou yo leve vivan ankò ki fè yo rele m' an jijman devan nou. 7Lè l' di sa, farizyen yo pran diskite ak sadiseyen yo; asanble a fè de kan. 8(Sadiseyen yo t'ap di moun mouri pa leve, pa gen zanj, pa gen lespri. Farizyen yo, bò pa yo, te kwè nan tou sa.) 9Moun yo t'ap rele pi fò toujou. Kèk dirèktè lalwa, ki te patizan farizyen yo, leve kanpe, yo antre nan yon diskisyon byen cho, yo t'ap di: Nou pa jwenn anyen ki mal nan nonm sa a. Se dwe yon zanj Bondye osinon yon lespri ki pale avè li. 10Diskisyon an te vin sitèlman cho kòmandan an te pè pou yo pa t' dechèpiye Pòl. Li bay sòlda yo lòd desann nan asanble a, al wete Pòl nan mitan yo, mennen l' tounen nan kazèn lan. 11Jou lannwit sa a, Pòl wè Seyè a ki di li: Kouraj! Menm jan ou kanpe bay verite a pou mwen isit la lavil Jerizalèm, se konsa tou ou gen pou ou al kanpe bay verite a pou mwen lavil Wòm. 12Nan denmen maten, jwif yo fè yon konplo. Yo sèmante sou tèt yo yo p'ap mete anyen nan bouch yo toutotan yo pa touye Pòl. 13Te gen karant moun pou pi piti nan konplo a. 14Y' al jwenn chèf prèt yo ak chèf fanmi yo, yo di yo: Nou sèmante sou tèt nou, nou p'ap manje anyen toutotan nou pa touye Pòl. 15Koulye a, nou menm ansanm ak tout Gran Konsèy la, mande kòmandan an pou l' mennen Pòl ban nou, tankou si nou ta renmen egzaminen ka li a pi byen. Nou menm, bò pa nou, nou tou pare pou n' touye l' anvan l' gen tan rive isit. 16Men, pitit gason sè Pòl la pran nouvèl konplo a. li al nan kazèn lan, li antre, li avèti Pòl. 17Pòl rele yonn nan ofisye yo, li di li: Mennen jenn gason sa a bò kot kòmandan an: li gen kichòy pou l' di li. 18Ofisye a pran jenn gason an avè l', li mennen l' bay kòmandan an, li di: Prizonye yo rele Pòl la rele m', li mande m' pou mennen jenn gason sa a ba ou. Li bezwen di ou kichòy. 19Kòmandan an pran men jenn gason an, li mennen l' sou kote, li mande li: Kisa ou gen pou di mwen? 20Li reponn: Jwif yo ranje yon konplo. Y'ap mande ou mennen Pòl denmen devan Gran Konsèy la. Y'ap di ou yo ta renmen egzaminen ka msye pi byen. 21Pa koute yo. Gen karant moun pou pi piti ki pare pou yo pran li. Yo sèmante sou lavi yo, yo p'ap mete anyen nan bouch yo toutotan yo pa touye li. Koulye a yo fin pare nèt, se respons ou ase y'ap tann. 22Kòmandan an di l' konsa: Pa kite pesonn konnen ou te vin di m' sa. Epi li voye jenn gason an al fè wout li. 23Apre sa, kòmandan an rele de nan ofisye l' yo, li di yo: Sanble desan (200) sòlda, swasanndis kavalye ak desan (200) zòm ame ak pikèt. Se pou nou tout pare pou n' pati pou Sezare aswè a, vè nevè. 24Pare yon chwal pou Pòl tou. Mennen l' ale bay gouvènè Feliks an byen, san okenn danje, san okenn malè. 25Epi li ekri lèt sa a: 26Klòd Lizyas voye bonjou ak tout respe l' pou chèf li, gouvènè Feliks. 27Jwif yo te mete men sou nonm sa a, yo tapral touye l' lè m' vin konnen se yon sitwayen women li ye. Lè sa a, mwen rive avèk sòlda m' yo, mwen delivre li. 28Mwen mennen l' devan Gran Konsèy jwif yo, paske mwen te vle konnen kisa jwif yo t'ap di sou li konsa. 29Mwen wè li pa t' fè anyen ki pou ta fè yo touye l' ni pou yo mete l' nan prizon. Yo t'ap akize l' dèske li fè yon bann bagay ki gen rapò ak Lalwa yo a. 30Lè m' vin konnen jwif yo t'ap fè konplo pou touye l', mwen pran desizyon voye l' ba ou. Epi mwen mande moun ki t'ap akize l' yo pou yo vin pote plent pou li devan ou. 31Sòlda yo fè tou sa Lizyas te ba yo lòd fè: yo pran Pòl, yo mennen li jouk Antipatris lannwit la menm. 32Nan denmen, sòlda ki t'ap mache apye yo tounen nan kazèn lan, yo kite kavalye yo fè rès vwayaj la avèk Pòl. 33Rive yo rive Sezare, kavalye yo renmèt gouvènè a lèt la, epi yo renmèt Pòl nan men li. 34Gouvènè a li lèt la, li mande Pòl moun ki pwovens li ye. Lè l' vin konnen se moun Silisi li ye, li di li: 35Lè moun k'ap akize ou yo va vini, m'a tande sa ou gen pou di. Epi li bay lòd pou yo mete Pòl sou bon gad nan gwo palè Ewòd la.

Did you know?
Paul before the Sanhedrin and the road to Caesarea
- Ananias was the high priest before whom Paul was brought while Felix was procurator. After Paul said he had conducted himself before God in all good conscience, Ananias ordered those standing nearby to strike him on the mouth; Paul called him a whitewashed wall, and when they protested that he had insulted God's high priest, he answered that he had not known Ananias held that office. Easton's Bible Dictionary (1897) notes that this reply has occasioned some difficulty.Sources: Ananias (High Priest) · the Bible text itself
- More than forty men bound themselves by an oath not to eat or drink until they had killed Paul, and soldiers took him by night from Jerusalem as far as Antipatris. Antipatris, built by Herod the Great and named in honor of his father Antipater, lay on the great Roman road from Caesarea to Jerusalem, about twenty-eight miles from Caesarea. Caesarea, on the Mediterranean shore about seventy miles northwest of Jerusalem, was the capital of the Roman province of Judea and the seat of the procurators.Sources: the Bible text itself · Antipatris · Caesarea
- Claudius Lysias, described by Easton's Bible Dictionary as a Greek who had purchased Roman citizenship and taken the name Claudius, wrote to Governor Felix that the charges concerned questions of Jewish law and that there was no charge worthy of death or imprisonment. Felix, the Roman procurator of Judea, asked which province Paul was from; learning that he was from Cilicia, where Tarsus, Paul's birthplace, was one of the chief towns, he ordered that Paul be kept under guard in Herod's Praetorium until the accusers arrived.Sources: Claudius Lysias · Felix · Cilicia · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 11
- Rome · 41.892, 12.485 · verse 11
- Caesarea · Today: Caesarea Maritima · 32.500, 34.892 · verses 23, 32, 33
- Aphek · Today: Tell Ras el Ain · 32.105, 34.930 · verse 31
- Cilicia · 36.913, 34.892 · verse 34
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org