Acts 25
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Lè Festis rive nan pwovens lan, sou twa jou li kite Sezare, li ale lavil Jerizalèm. 2Chèf prèt yo ansanm ak jwif ki te grannèg nan lavil la vin pote plent ba li pou Pòl. 3Yo mande Festis yon favè. Yo mande l' pou l' fè mennen Pòl Jerizalèm. Yo te gen tan fè konplo pou touye l' sou wout la. 4Men, Festis reponn yo: Pòl deja nan prizon Sezare. Mwen menm poutèt pa m', mwen pral tounen Sezare talè konsa. 5Si Pòl fè kichòy ki mal, se pou chèf nou yo desann ansanm avè m', y'a akize l' laba a. 6Festis pase wit a dis jou sèlman avèk yo Jerizalèm. Apre sa li tounen Sezare. Nan denmen, li al chita nan tribinal la, li bay lòd pou yo mennen Pòl. 7Lè Pòl rive, jwif ki te soti Jerizalèm yo vin kanpe bò kote l', yo pote anpil gwo akizasyon kont li, men yo pa t' kapab bay okenn prèv. 8Men sa Pòl di pou defann tèt li: Mwen pa fè anyen ki kont lalwa jwif yo, ni kont tanp lan, ni kont Seza. 9Festis menm ki te vle fè jwif yo plezi mande Pòl: Eske ou pa ta vle al Jerizalèm pou yo ka jije ou devan m' sou zafè sa a? 10Pòl reponn li: Se devan tribinal Seza mwen ye, se la pou yo jije mwen. Mwen pa fè jwif yo anyen. Ou konnen sa byen pwòp. 11Si m' desobeyi lalwa, si m' fè yon bagay ki merite lanmò, mwen p'ap refize mouri. Men tou, si akizasyon y'ap pote sou mwen yo pa vre, pesonn pa ka lage m' nan men yo. Mwen mande pou Seza tande kòz mwen. 12Lè sa a, Festis fè yon ti pale ak manm konsèy li yo, epi l' di: Bon. Ou mande pou Seza tande kòz ou, ou pral devan Seza. 13Kèk jou apre sa, wa Agripa ak Berenis rive Sezare. Yo te vin di Festis bonjou. 14Yo t'ap pase kèk jou la. Festis pwofite esplike sitiyasyon Pòl la bay wa a, li di li: Feliks te kite yon nonm nan prizon isit la. 15Lè m' te al Jerizalèm chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi jwif yo te vin pote m' plent pou li, yo mande m' pou m' kondannen li. 16Mwen reponn yo: Se pa koutim moun lavil Wòm yo pou yo renmèt yon akize bay lènmi l' konsa san yo pa mete l' fasafas ak moun k'ap akize l' yo anvan. Se pou l' gen chans defann tèt li tou anba akizasyon yo. 17Se konsa yo vin isit la avèk mwen. Mwen pa t' pèdi tan mwen. Nan denmen m' al chita nan tribinal la, mwen bay lòd pou yo mennen nonm lan. 18Moun ki t'ap akize l' yo vin parèt tou, men yo pa t' bay okenn move zak li te fè, jan m' te kwè a. 19Se yon diskisyon sèlman yo te gen avè l' sou relijyon yo a ak sou yon nonm yo rele Jezi ki mouri. Men, Pòl sètifye nonm sa a leve, li vivan ankò. 20Mwen pa t' konn sa pou m' te fè ankò pou m' te pran enfòmasyon sou keksyon sa yo. Mwen mande Pòl si l' pa ta vle al Jerizalèm pou yo te ka jije l' sou zafè sa a la. 21Men, Pòl mande pou Seza tande kòz li. Li mande pou yo kenbe l' nan prizon jouk Seza va pran yon desizyon sou ka li. Se konsa mwen bay lòd pou yo pa lage l' jouk m'a ka voye l' bay Seza. 22Agripa di Festis konsa: Mwen ta renmen tande nonm sa a. Festis reponn li: Denmen wa tande li. 23Se konsa, nan denmen Agripa ak Berenis vin nan mitan yon gwo kòtèj. Yo antre nan sal odyans lan avèk tout chèf militè yo ansanm ak notab lavil la. Festis bay yon lòd, epi yo mennen Pòl vini. 24Apre sa, Festis di: Wa Agripa, nou tout ki isit la avèk nou, men li! Nou wè nonm sa a. Tout jwif yo vin pote m' plent pou li, ni laba Jerizalèm ni isit la. Y'ap plede rele nonm sa a te fèt pou l' mouri deja. 25Mwen menm, pou tèt pa m', mwen wè li pa fè anyen ki merite lanmò. Men, li menm li mande pou Seza tande kòz li. Se poutèt sa, mwen pran desizyon voye l' bay Seza. 26Mwen pa gen anyen ki sèten pou m' ekri sou li. Se poutèt sa mwen fè l' konparèt devan nou, devan ou menm sitou, wa Agripa. Konsa m'a jwenn sa pou m' ekri lè n'a fin poze l' keksyon. 27Pou mwen menm, sa pa gen sans pou espedye yon prizonye konsa san ou pa di egzakteman kisa li fè.

Did you know?
Paul's Appeal to Caesar
- Caesarea, on the Mediterranean about seventy miles northwest of Jerusalem, was the capital of the Roman province of Judaea and the seat of the procurators. Herod the Great built it and named it after Caesar Augustus, and Festus sat on the judgment seat there; going up to Jerusalem and down to Caesarea follows the road between that coastal capital and the mountain city.Sources: Caesarea · Jerusalem · the Bible text itself
- Easton's Bible Dictionary (1897) identifies Festus as the procurator of Judea who succeeded Felix; a few weeks after Festus took office, the case of Paul, whom Felix had left in prison at Caesarea, was reported to him. The same dictionary says he found nothing worthy of death or bonds and would have set Paul free had Paul not appealed to Caesar; after the appeal, Festus conferred with his council and replied that Paul would go to Caesar.Sources: Portius Festus · Felix · the Bible text itself
- Agrippa II, born in Rome and brother of Bernice, was made superintendent of the Temple in Jerusalem by the emperor Claudius and later king over the tetrarchy of Philip and Lysanias. He and Bernice came down to Caesarea to pay their respects to Festus, who, at a loss over disputes about the Jews’ own religion and about a Jesus whom Paul affirmed to be alive, brought Paul before the king so he would have definite charges to write to the emperor.Sources: Agrippa · Bernice · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Caesarea · Today: Caesarea Maritima · 32.500, 34.892 · verses 1, 4, 6, 13, 24
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 3, 7, 9, 15, 20, 24
- Rome · 41.892, 12.485 · verses 25, 27
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org