Nations Bible

2 Chronicles 12

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Lè Woboram fin chita gouvènman li byen chita, lè li santi li te fò, li pa mache dapre lalwa Seyè a ankò. Lèfini, tout pèp Izrayèl la fè menm jan an tou. 2Paske moun yo te vire do bay Seyè a, Chichak, wa peyi Lejip la, moute vin atake lavil Jerizalèm nan senkyèm lanne rèy wa Woboram, 3avèk mildesan (01.200) cha lagè, swasantmil (060.000) kavalye ak yon kantite sòlda moun pa t' ka konte ki te moute avè l' soti nan peyi Lejip. Te gen moun peyi Libi, moun peyi Soukit ak moun peyi Letiopi nan lame a. 4Li pran tout lavil ak gwo ranpa peyi Jida yo, jouk li rive lavil Jerizalèm. 5Chichak t'ap pwoche sou lavil la, lè Chemaya, pwofèt la, al jwenn Woboram ak tout chèf peyi Jida yo ki te reyini lavil la, li di yo konsa: -Men sa Seyè a voye di nou. Menm jan nou te lage m' lan, se konsa m'ap lage nou tou nan men Chichak. 6Wa a ansanm ak chèf yo rekonèt yo te fè sa ki mal: -Seyè a gen rezon l' nan pla men l'! 7Lè Seyè a wè jan yo rekonèt tò yo, li pale ak Chemaya ankò, li di l' konsa: -Paske yo rekonèt yo pa t' dwe fè sa yo fè a, mwen p'ap detwi yo nèt. Men, lè Chichak va atake, m'ap ba yo chans pou yo chape kò yo. Mwen p'ap sèvi ak Chichak pou m' fè moun lavil Jerizalèm yo santi jan m' fache sou yo. 8Men, Chichak pral fè yo soumèt devan l'. Lè sa a, y'a wè sèvi m' ak sèvi chèf sou latè sa ki pi dous. 9Wa Chichak atake lavil Jerizalèm. Li pran tout trezò ki te nan Tanp lan ak nan palè wa a. Li pran ata gwo plak pwotèj an lò Salomon te fè fè yo. 10Wa Woboram fè fè lòt gwo plak pwotèj an kwiv fwa sa a pou mete nan plas yo. Lèfini, li renmèt yo nan men chèf gad ki t'ap fè pòs nan pòtay palè a. 11Chak fwa wa a t'ap antre nan Tanp lan, chèf gad yo al pran gwo plak pwotèj yo pote vini. Lè li ale, yo pote yo tounen nan chanm gad yo. 12Paske Woboram te rekonèt li pa t' dwe fè sa l' te fè a devan Seyè a, kòlè Seyè a bese, li pa fini nèt avè l'. Men pou di vre, te gen bon bagay ki te pase nan peyi Jida lè sa a tou. 13Woboram te gouvènen lavil Jerizalèm, li chita otorite l' byen chita. Woboram te gen karanteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li gouvènen pandan disètan lavil Jerizalèm, lavil Seyè a te chwazi nan tout peyi Izrayèl pou anplasman kote pou yo fè sèvis pou li a. Manman Woboram te moun lavil Amon. Li te rele Nama. 14Woboram te fè sa ki mal, paske li pa t' chache fè volonte Seyè a. 15Tou sa wa Woboram te fè, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, nou jwenn yo ekri nan liv travay pwofèt Chemaya ak nan liv vizyon pwofèt Ido ki bay lis fanmi yo. Se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboram. 16Lè Woboram mouri, yo antere l' nan lavil David la. Se Abija, pitit gason li, ki pran plas li sou fotèy la.

Did you know?

Shishak's Invasion and Rehoboam's Reign

  • In the fifth year of Rehoboam's reign, Pharaoh Shishak (identified as Sheshonk I) invaded Judah with a large coalition army, capturing fortified cities and reaching Jerusalem. Records of Shishak's military campaigns have been preserved on the portico at Karnak, in ancient Thebes.Sources: Shishak · the Bible text itself
  • After Shishak seized the treasures of the temple and the royal palace, including the gold shields made during Solomon's reign, Rehoboam replaced them with bronze shields. Royal guards carried these bronze substitutes whenever the king went to the house of the LORD, returning them to the guardroom afterward.Sources: the Bible text itself · Shishak · Solomon
  • The account of Rehoboam's reign cites historical records compiled by the prophet Shemaiah and the seer Iddo. Shemaiah delivered prophetic warnings to Judah's leaders during the Egyptian invasion, while Iddo wrote genealogical and historical accounts.Sources: the Bible text itself · Shemaiah · Iddo

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Egypt · 30.129, 31.308 · verses 2, 3, 9
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 2, 4, 5, 7, 9, 13
  • Ammon · 31.955, 35.934 · verse 13
  • City of David · 31.774, 35.236 · verse 16

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.