Nations Bible

2 Chronicles 11

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Lè Woboram rive lavil Jerizalèm, li sanble sankatrevenmil (0180.000) sòlda nan pi bon sòlda ki te nan branch fanmi Jida ak nan branch fanmi Benjamen. Li te fè lide al goumen ak moun peyi Izrayèl yo pou l' mete yo anba lòd li ankò. 2Men, Bondye pale ak Chemaya, pwofèt li a, li di l' konsa: 3-Pale ak Woboram, pitit Salomon an, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun pep Izrayèl ki fè pati branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo. Di yo konsa: 4Men mesaj mwen menm Seyè a, mwen voye ba yo: Piga n' al goumen ak fanmi nou yo. Tounen lakay nou. Sa ki rive a se travay mwen. Se mwen menm ki vle l' konsa. Moun yo koute lòd Seyè a vre, yo pa moute al goumen ak Jewoboram. 5Woboram rete lavil Jerizalèm, li moute ranpa nan anpil lavil peyi Jida pou pwoteje yo. 6Se konsa, li ranfòse miray lavil Betleyèm, Eytam, Tekoa, 7Betsou, Soko, Adoulam, 8Gat, Marecha, Zif, 9Adorayim, Lakis, Aseka, 10Soreya, Ajalon, Ebwon. Tou sa se lavil ak ranpa ki te nan peyi Jida ak nan peyi Benjamen. 11Li ranfòse miray ranpa yo, li mete chèf reskonsab yo, li fè bati depo pou mete manje, lwil ak diven. 12Lèfini, nan chak lavil, li fè bay gwo plak pwotèj ak frenn an kantite. Lavil sa yo te byen pwoteje. Se konsa Woboram te kenbe moun branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo anba otorite l'. 13Prèt yo ak moun Levi yo soti toupatou nan peyi Izrayèl, yo vin jwenn Woboram. 14Moun Levi yo te kite bèt yo nan savann ak tout lòt byen yo, yo desann lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, paske Jewoboram, wa peyi Izrayèl la ak tout wa ki te vin apre l' yo, te enpoze moun Levi yo fè sèvis yo tankou prèt Seyè a. 15Jewoboram te chwazi prèt pa l' pou fè sèvis kote yo fè ofrann bèt pou lòt bondye li t'ap sèvi sou fòm estati bouk kabrit ak ti towo bèf li te fè fè pou li yo. 16Nan tout peyi Izrayèl la moun ki te vle sèvi Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ak tout kè yo fè tankou moun Levi yo ak prèt yo. Yo desann lavil Jerizalèm pou yo te ka ofri bèt pou yo touye pou Seyè a, Bondye zansèt yo a. 17Sa te bay gouvènman peyi Jida a anpil fòs. Pandan twazan yo kenbe la ak Woboram, pitit Salomon an, yo viv jan yo te konn viv sou rèy wa David ak wa Salomon. 18Woboram te marye ak Malat, pitit fi Jerimòt ki te pitit David ak Abigayil, pitit fi Eliyab, pitit pitit fi Izayi. 19Yo fè twa pitit gason: Jeouch, Chemarya ak Saram. 20Apre sa, Woboram marye ak Maka, pitit fi Absalon, ki ba li kat pitit gason: Abija, Atayi, Ziza ak Chelomit. 21Antou Woboram te gen dizwit madan marye ak swasant fanm kay. Li fè venntwit pitit gason ak swasant pitit fi. Nan tout madan marye li yo ak fanm kay li yo, se Maka, pitit fi Absalon an, li te pi renmen. 22Konsa tou, li te pito Abija, pitit gason Maka te fè pou li a, pase tout lòt pitit li yo. Li mete l' chèf tout frè l' yo. Li te vle se li ki pou pran plas li lè li mouri. 23Li te fè lide bay chak pitit gason l' yo yon reskonsablite. Se konsa, li voye yo al rete toupatou nan peyi Jida ak nan peyi Benjamen, nan tout lavil li te ranfòse yo, li ba yo pwovizyon an kantite epi li marye yo ak anpil fanm.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Rehoboam Fortifies Judah

  • After being warned by the prophet Shemaiah not to wage civil war against the northern tribes, Rehoboam fortified fifteen key cities across Judah and Benjamin—such as Bethlehem, Hebron, and Lachish—stocking them with officers, shields, spears, and supplies of food, oil, and wine.Sources: the Bible text itself · Shemaiah · Bethlehem
  • When Jeroboam rejected the Levites and appointed his own priesthood for the calf and goat idols in the north, priests and Levites abandoned their common lands and migrated south to Jerusalem, followed by faithful worshippers from every tribe of Israel.Sources: the Bible text itself · Jeroboam
  • Rehoboam favored his wife Maacah, a descendant of Absalom, and designated her son Abijah as chief prince and heir to the throne, while stationing his other sons throughout the fortified cities with abundant provisions.Sources: the Bible text itself · Maachah · Abijah

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 5, 14, 16
  • Bethlehem · 31.704, 35.208 · verse 6
  • Tekoa · Today: Khirbet Teku’a · 31.632, 35.210 · verse 6
  • Socoh · Today: Tel Socho · 31.682, 34.975 · verse 7
  • Mareshah · Today: Tel Maresha · 31.593, 34.898 · verse 8
  • Lachish · Today: Tell ed Duweir · 31.565, 34.849 · verse 9
  • Hebron · Today: Tel Rumeida · 31.525, 35.102 · verse 10

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.