Nations Bible

2 Chronicles 13

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Jewoboram te gen dizwitan depi li te wa peyi Izrayèl la, lè Abija moute wa nan peyi Jida. 2Li gouvènen pandan twazan lavil Jerizalèm. Manman l' te rele Mikaja. Se te pitit fi Ouryèl, moun lavil Gibeya. Se te yon lagè san rete ant Abija ak Jewoboram. 3Abija leve yon lame katsanmil (0400.000) vanyan sòlda ki konn goumen. Jewoboram bò pa l' kanpe pou goumen kont Abija ak witsanmil (0800.000) vanyan sòlda ki konn goumen. 4De lame yo kontre nan mòn peyi Efrayim yo. Wa Abija kanpe sou mòn Zemarayim, li pale byen fò, li di: -Koute m' non, Jewoboram ak nou tout moun peyi Izrayèl yo! 5Eske se konnen nou pa konnen Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te pase yon kontra ak David, kontra ki pa kapab kase. Dapre kontra a, li mete gouvènman pèp Izrayèl la nan men l' ak nan men fanmi l' pou tout tan. 6Men, Jewoboram, pitit gason Nebat la, li menm ki t'ap sèvi ak Salomon, pitit David la, revòlte kont mèt li. 7Apre sa, yon bann vòryen ak yon bann vakabon al mete tèt yo ansanm ak li, yo fòse Woboram, pitit gason Salomon an, yo fè l' fè sa yo vle, paske li te jenn, li te gen tèt fèb. Li pa t' ka kenbe tèt ak yo. 8Koulye a, nou fè lide vin kraze otorite Seyè a te mete nan men fanmi David la, tou sa paske nou gen avèk nou yon gwo lame ak tout estati towo bèf an lò Jewoboram te fè pou sèvi nou bondye a. 9Nou mete prèt Seyè yo, pitit Arawon yo, deyò ansanm ak moun Levi yo, lèfini nou fè tankou lòt nasyon yo, nou chwazi moun pa nou pou sèvi prèt. Nenpòt moun ki vin jwenn nou ak yon towo bèf osinon ak sèt mouton, nou fè l' prèt bondye nou yo ki pa bondye. 10Men nou menm, se Seyè a ki Bondye nou. Nou pa janm vire do ba li. Prèt k'ap sèvi devan Seyè a se fanmi Arawon yo ye. Moun ki reskonsab sèvis yo se moun Levi yo ye. 11Chak maten, chak aswè, y'ap ofri bèt yo boule nèt pou Seyè a ansanm ak lansan. Yo mete pen ki apa pou Bondye yo sou yon tab ki nan kondisyon pou sèvis Bondye. Chak aswè, yo limen lanp ki sou gwo lanp sèt branch lan. Nou fè tou sa Seyè a ban nou lòd fè. Men, nou menm moun peyi Izrayèl, nou vire do ba li. 12Se Bondye menm ki alatèt nou avèk prèt li yo. Yo tou pare pou kònen twonpèt yo pou bay siyal mache pran nou. Se poutèt sa, nou menm moun peyi Izrayèl yo, pa fè lagè ak Seyè a, Bondye zansèt nou yo. Paske se nou k'ap anba. 13Jewoboram fè sòlda ki te dèyè yo fè yon detou al pase dèyè lame moun peyi Jida yo. Konsa, pifò sòlda li yo te kanpe sou devan lame moun Jida yo, ak yon bon valè sòlda li yo sou dèyè yo. 14Lè moun peyi Jida yo voye je alawonn, yo wè yo te sènen sou devan ak sou dèyè, yo rele mande Seyè a sekou. Prèt yo menm pran kònen twonpèt yo. 15Moun Jida yo bay yon sèl rèl byen fò, epi yo atake. Bondye fè Jewoboram ak tout lame moun Izrayèl yo pèdi devan Abija ak moun Jida yo. 16Moun Izrayèl yo pran kouri pou moun Jida yo, Bondye lage yo nan men moun Jida yo. 17Abija ak sòlda li yo touye yon pakèt ladan yo. Yo touye senksanmil (0500.000) nan pi bon sòlda lame pèp Izrayèl la. 18Se konsa moun peyi Izrayèl yo soti wont nan batay la, men moun peyi Jida yo soti pi fò, paske se sou Seyè a, Bondye zansèt yo a, yo te apiye. 19Abija kouri dèyè Jewoboram, li pran lavil Betèl, lavil Jesana ak lavil Efwon ansanm ak tout ti bouk ki te sou kont yo. 20Jewoboram pa janm pran pye ankò pandan tout rèy Abija. Bout pou bout, Seyè a frape l', li mouri. 21Abija menm te vin pi fò toujou, li te gen katòz fanm ki te fè vennde pitit gason ak sèz pitit fi pou li. 22Tout rès istwa Abija a, tou sa li te fè ak tou sa li te di, nou jwenn yo nan liv istwa pwofèt Ido te ekri a.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Abijah’s Victory over Jeroboam

  • Before the battle, King Abijah of Judah stood on Mount Zemaraim in the hill country of Ephraim to speak to Jeroboam and Israel, defending the Davidic dynasty by citing an enduring covenant of salt.Sources: the Bible text itself · Mount Zemaraim · Abijah
  • Abijah contrasted the religious practices of the two kingdoms, noting that Judah retained the Aaronic priesthood and regular temple rituals, whereas Jeroboam had driven out the Levites and consecrated priests for golden calves.Sources: the Bible text itself · Aaron
  • Even though Jeroboam set an ambush behind the army of Judah, Judah prevailed after crying out to God and blowing the sacred trumpets, subsequently taking control of towns such as Bethel, Jeshanah, and Ephron.Sources: the Bible text itself · Bethel (of Palestine) · Jeshanah

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 2
  • Jeshanah · Today: Burj el Isaneh · 31.999, 35.260 · verse 19

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.