2 Chronicles 10
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Woboram moute lavil Sichèm, paske se la tout pèp Izrayèl la nèt te sanble pou fè li wa. 2Lè Jewoboram, pitit gason Nebat la, ki te nan peyi Lejip kote li te al kache pou Salomon an, pran nouvèl la, li kite peyi Lejip, li tounen lakay li. 3Moun branch fanmi ki nan nò peyi a voye chache l'. Yo tout ansanm, yo al jwenn Woboram, yo di l' konsa: 4-Papa ou te di anpil ak nou. Li te peze nou anpil. Koulye a, fè yon leve men pou nou. Kite nou viv yon ti jan pi alèz, n'a sèvi ou nèt ale. 5Woboram di yo: -Tounen nan twa jou. Lè sa a, m'a ban nou repons. Epi moun yo al fè wout yo. 6Woboram menm al jwenn chèf fanmi ki te sèvi konseye pou Salomon, papa l', lè li t'ap viv la, li mande yo: -Kisa pou m' reponn pèp la? Ki konsèy nou ban mwen? 7Yo reponn li: -Si ou aji byen ak pèp la, si ou asepte fè sa yo mande ou la, si ou pale byen ak yo, y'ap toujou sèvi ou, 8Men, Woboram pa koute konsèy granmoun yo te ba li a, li al jwenn jenn gason ki te leve ansanm avè l' yo, lèfini ki te toujou la pou ba l' konsèy tou. 9Li di yo: -Ki konsèy nou ta ban mwen? Kisa pou m' reponn pèp la k'ap mande m' pou m' fè yon leve men pou yo? 10Jenn gason kanmarad li yo reponn li: -Men sa w'a di moun sa yo k'ap plenyen pou papa ou ki t'ap peze yo, epi k'ap mande ou fè yon leve men pou yo a. W'a di yo: Si papa m' te di ak nou, mwen menm m'ap pi di pase l'. 11Wi, w'a di yo: Papa m' t'ap peze nou anba chay lou, mwen menm se mete m'ap mete sou chay la anko. Papa m' te bat nou ak fwèt, mwen menm m'ap pase fwèt la anba sann pou m' bat nou. 12Twa jou apre vre, Jewoboram tounen ansanm ak tout moun Izrayèl yo vin jwenn wa Woboram, jan li te di yo a. 13Wa a pa koute konsèy granmoun yo, li pale di ak pèp la. 14Li reponn yo jan jenn gason yo te ba l' konsèy la. Li di yo: -Papa m' te peze nou anba chay lou, mwen menm, m'ap mete sou chay n'ap pote deja a. Papa m' te bat nou ak fwèt, mwen menm, m'ap pase fwèt la anba sann pou nou. 15Se konsa wa a pa t' asepte fè sa pèp la te mande l' la. Sa se travay Seyè a menm ki te vle pou sa li te voye Akija, pwofèt Silo a, al di Jewoboram, pitit Nebat la, rive vre. 16Lè pèp Izrayèl la wè wa a pa t' soti pou li fè sa yo te mande l' la, yo reponn wa a, yo di li: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David. Nou pa gen anyen pou n' separe ak pitit Izayi a. Nou menm pèp Izrayèl la, ann al lakay nou! Ann kite pitit David yo degaje yo pou kont yo ak fanmi yo! Se konsa moun pèp Izrayèl la vire do al lakay yo. 17Yo kite Woboram pou li gouvènen sèlman sou moun ki rete nan pòsyon tè branch fanmi Jida a. 18Apre sa, wa Woboram voye Adoram ki te reskonsab travay kòve yo al bò kote moun Izrayèl yo. Men, moun Izrayèl yo kalonnen li koutwòch jouk li mouri. Lè sa a, wa Woboram prese moute sou cha li, li kouri ale lavil Jerizalèm. 19Depi lè sa a, moun pèp Izrayèl yo vire do bay moun fanmi David yo jouk jounen jòdi a.

Did you know?
The Division of the Kingdom
- Rehoboam traveled to Shechem to be confirmed as king, where the assembly demanded relief from the heavy forced labor and taxation imposed under Solomon. Jeroboam, a former supervisor of forced labor who had fled to Egypt, returned to represent the people's appeal.Sources: the Bible text itself · Rehoboam · Jeroboam
- Rehoboam rejected the counsel of his father's veteran elders to speak kindly to the people, choosing instead the harsh answer suggested by the young men who grew up with him. The biblical narrative notes that this turn of events fulfilled the prophecy delivered by Ahijah the Shilonite.Sources: the Bible text itself · Ahijah
- When the northern tribes revolted from the house of David, Rehoboam sent Hadoram, his superintendent over forced labor, to address them. The Israelites stoned Hadoram to death, forcing Rehoboam to flee in his chariot to Jerusalem.Sources: the Bible text itself · Adoniram
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Shechem · Today: Tell Balatah · 32.214, 35.282 · verse 1
- Egypt · 30.129, 31.308 · verse 2
- Shiloh · Today: Khirbet Seilun · 32.056, 35.290 · verse 15
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 18
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org