1 Peter 4
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Se poutèt sa, menm jan Kris la te soufri nan kò li, nou menm tou se pou nou pare pou n' soufri menm jan an tou. Paske, lè yon moun soufri nan kò li, li pa gen anyen pou l' wè ak peche ankò. 2Se pou li viv ti rès tan li gen pou l' viv sou tè a dapre egzijans volonte Bondye, pa dapre egzijans lachè. 3Paske, nan tan lontan, nou te gen kont tan nou pou n' te fè tou sa moun ki pa konnen Bondye yo ap fè. Lè sa a, nou t'ap viv nan libètinaj, nan lanvi, nan bwè tafya, nan debòch, nan banbòch, nan sèvi zidòl, bagay lalwa defann nou fè. 4Koulye a, moun sa yo twouve sa dwòl dèske nou pa fè bann ak yo ankò nan tout eksè sa yo. Se poutèt sa, y'ap pale nou mal. 5Men, yo gen pou yo rann kont bay Bondye ki deja pare pou jije ni moun ki vivan yo ni moun ki mouri yo. 6Se pou sa menm yo te anonse bon nouvèl la bay moun ki mouri yo. Konsa, si lè yo te sou latè yo te tonbe anba jijman Bondye tankou tout moun, koulye a yo ka viv nan pouvwa Lespri Bondye a, jan Bondye vle l' la. 7Tout bagay prèt pou fini. Se pou nou kenbe tèt nou anplas, veye kò nou pou n' ka lapriyè. 8Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche. 9Se pou nou yonn resevwa lòt lakay nou san plenyen. 10Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay. 11Si yon moun ap pale, se pou l' pale tankou si se te pawòl Bondye li t'ap di. Si yon moun ap rann sèvis, se pou li fè l' ak fòs Bondye ba li. Konsa, nan tout bagay lwanj lan va pou Bondye, gremesi Jezikri. Se pou Jezikri tout lwanj ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn. 12Frè m' yo, nou pa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo k'ap tonbe sou nou tankou yon gwo dife. Nou pa bezwen konprann sa se yon bagay estwòdenè k'ap rive nou la a. 13Okontrè, fè kè n' kontan. Paske, menm jan nou patisipe nan soufrans Kris yo, konsa tou n'a kontan nèt ale lè gwo pouvwa Kris la va parèt. 14Si yo joure nou paske n'ap swiv Kris la, konsidere sa tankou yon benediksyon. Paske, Lespri ki gen gwo pouvwa a, Lespri Bondye a nan nou. 15Mwen swete pou pesonn nan nou pa gen pou li soufri paske li te touye moun, osinon paske li te fè sa ki mal, osinon paske li te foure bouch li nan zafè ki pa gade li. 16Men, si yon moun ap soufri paske se kretyen li ye, li pa bezwen wont pou sa. Okontrè, se pou li fè lwanj Bondye dèske li pote non Kris la. 17Paske, dat la rive pou jijman Bondye a konmanse. L'ap konmanse ak moun ki nan kay Bondye a anvan. Si li konmanse ak nou, nou pa bezwen mande sak pral rive moun sa yo ki pa koute bon nouvèl Bondye a. 18Tankou sa ekri nan Liv la: Si moun k'ap viv dwat devan Bondye yo pa fasil pou sove, nou pa bezwen mande sa k'ap rive moun ki pa kwè nan Bondye yo, moun k'ap viv nan peche yo. 19Se poutèt sa, moun k'ap soufri paske se sa Bondye vle pou yo a, se pou yo pa sispann fè sa ki byen, se pou yo renmèt nanm yo nan men Bondye ki kreye yo, epi ki p'ap lage yo.

Did you know?
A fiery trial and a different way of life
- The chapter says the readers have already spent enough time in the past carrying out the same desires as the Gentiles: debauchery, lust, drunkenness, orgies, carousing, and detestable idolatry. Their remaining time on earth is not to be lived for human passions but for the will of God, and those people find it strange that they will not plunge with them into the same flood of reckless indiscretion and heap abuse on them.Sources: the Bible text itself
- The chapter tells readers not to be surprised by the fiery trial that has come upon them, as if something strange were happening, but to rejoice that they share in Christ's sufferings. Suffering as a murderer, thief, wrongdoer, or meddler is set apart from suffering as a Christian: in that case they should not be ashamed, but glorify God that they bear that name. Those insulted for the name of Christ are called blessed, because the Spirit of glory and of God rests on them.Sources: the Bible text itself
- Because the end of all things is near, the chapter urges a clear mind and sobriety so that they can pray, and above all a deep love that covers over a multitude of sins, together with hospitality offered without complaining. Each person is to use whatever gift has been received, as a good steward of God's manifold grace: one who speaks should speak as one conveying the words of God, and one who serves should serve with the strength God provides.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org