Nations Bible

1 Peter 3

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Menm jan an tou, nou menm medam, soumèt devan mari nou. Konsa, si gen nan mari nou yo ki pa kwè nan Bondye, kondit nou kont pou fè yo kwè, san n' pa janm bezwen louvri bouch nou, 2paske y'a wè jan nou viv byen, jan nou respekte yo. 3Nou pa bezwen fè kò nou bèl ak bagay moun ka wè, tankou lè n'ap fè anpil kwafi estraòdenè, lè n'ap mete kantite bijou an lò ak kantite rad ki koute chè sou nou. 4Okontrè, se sa ki nan kè nou ki tout bèlte nou, yon bèlte ki p'ap janm pase. Se pou nou gen yon karaktè dou, yon karaktè poze. Se sa ki gen valè devan Bondye. 5Nan tan lontan, se konsa medam ki t'ap viv pou Bondye yo te fè tèt yo bèl: yo te mete espwa yo nan Bondye, yo te soumèt devan mari yo. 6Se konsa Sara te ye. Li te soumèt devan Abraram jouk pou li te rele l' mèt. Nou menm tou, medam, nou se pitit Sara, si nou fè sa ki byen san nou pa pè anyen. 7Menm jan an tou, nou menm mari, nan tout bagay se pou nou viv byen ak madanm nou paske yo pi fèb pase nou. Ba yo tout respè yo merite, paske yo menm tou y'a resevwa menm lavi avèk nou tankou yon favè nan men Bondye. Konsa, anyen p'ap antrave lapriyè nou. 8Pou fini, nou tout nou dwe dakò yonn ak lòt, se pou nou gen menm santiman yonn pou lòt. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak sè, se pou nou gen bon kè, san lògèy. 9Pa rann moun mal pou mal, jouman pou jouman. Okontrè, lè konsa, mande benediksyon pou yo, paske se benediksyon Bondye te pwomèt pou l' ban nou lè li te rele nou an. 10Paske: Si yon moun vle jwi lavi a, si l' anvi pase kèk bon kadè sou latè, se pou l' kenbe lang li pou l' pa pale moun mal. Se pou l' veye bouch li pou l' pa bay manti. 11Se pou l' sispann fè sa ki mal, se pou l' fè sa ki byen. Se pou l' chache viv byen ak moun. Se pou l' fè sa li kapab pou li viv byen ak tout moun. 12Paske, Bondye veye sou moun k'ap mache dwat devan li. Li tande yo lè y'ap lapriyè nan pye l'. Men, l'ap vire do bay moun k'ap fè sa ki mal. 13Ki moun ki ka fè nou mal si se byen ase nou vle fè? 14Men, si nou rive soufri poutèt byen nou fè, konsidere sa tankou yon benediksyon. Nou pa bezwen pè moun, nou pa bezwen toumante tèt nou pou anyen. 15Sèl bagay, se pou nou rekònèt se Kris la ki Seyè a nan kè nou. Se pou n' toujou pare pou n' defann tèt nou chak fwa yon moun mande nou esplikasyon sou espwa nou gen nan kè nou an. 16Men, fè sa avèk dousè ak tout respè. Kenbe konsyans nou pwòp. Konsa, moun k'ap pale nou mal poutèt bon kondit nou gen nan Kris la, se yo menm ki va wont pou pawòl yo te di lè yo t'ap joure nou an. 17Se volonte Bondye pou nou fè sa ki byen. Menm si nou gen pou n' soufri, li pa vle nou fè sa ki mal. 18Paske, Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou yo, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t'ap mache dwat yo, pou l' te ka mennen nou bay Bondye. Li te mouri nan kò l', men ak pouvwa Lespri Bondye a, li leve vivan ankò. 19Ak pouvwa menm Lespri a, li te al preche nanm ki nan prizon yo. 20Se nanm moun ki nan tan lontan te derefize kwè nan Bondye. Se te sou tan Noe. Lè sa a, Bondye t'ap tann ak pasyans pandan Noe t'ap fè gwo batiman an. Nan batiman sa a, se kèk moun sèlman, wit moun antou, ki te sove nan dlo a. 21Pou nou menm, dlo sa a kanpe pou dlo batèm lan k'ap delivre nou koulye a. Batèm lan, se pa yon bagay k'ap wete kras sou kò nou. Men, se yon angajman nou pran devan Bondye ak yon konsyans san repwòch. Bondye sove nou gremesi Jezikri ki te leve soti vivan nan lanmò, 22ki moute nan syèl la, ki chita sou bò dwat Bondye kote l'ap domennen sou tout zanj yo, sou tout chèf yo ak sou tout otorite yo.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Conduct, Suffering, and Hope

  • In 1 Peter 3, the letter recalls the holy women of the past who put their hope in God and were submissive to their husbands, and it names Sarah, who obeyed Abraham and called him lord. It tells them they are her children if they do what is right and refuse to give way to fear. Easton's Bible Dictionary (1897) says that Sarah means “Princess,” and that this name was given when it was announced that she would be the mother of the promised child.Sources: the Bible text itself · Sarah
  • Abraham, the husband whom Sarah obeyed and called lord, is described by Easton's Bible Dictionary (1897) as “Father of a multitude.” The same entry calls him the son of Terah and the heir of the promises.Sources: the Bible text itself · Abraham
  • The chapter also looks back to the days of Noah, when God waited patiently while the ark was being built and only eight souls were saved through water; the letter says that this water symbolizes baptism. Easton's Bible Dictionary (1897) gives Noah’s name as meaning “Rest” and names his three sons as Shem, Ham, and Japheth.Sources: the Bible text itself · Noah

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.