1 Peter 5
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Mwen menm ki yon chèf reskonsab, m'ap pale koulye a ak chèf reskonsab ki nan mitan nou yo. Mwen menm ki te wè jan Kris la te soufri a, mwen pral patisipe tou nan bèl pouvwa Bondye ki gen pou parèt la. 2Men sa m'ap di nou: Tankou gadò, se pou nou swen bann mouton Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa tankou si se fòse y'ap fòse nou. Men, fè l' paske nou vle fè sa Bondye vle. Pa fè travay la tankou si se dèyè lajan nou ye. Men, fè l' ak tout kè nou. 3Pa fè menm jan ak chèf k'ap maltrete moun ki sou kont yo. Okontrè, se pou nou tounen yon egzanp pou mouton yo. 4Konsa, lè gran gadò a va parèt, n'a resevwa yon kouwòn ki p'ap janm fennen: n'a resevwa lwanj Bondye. 5Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li. 6Se poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa la leve nou lè pou l' leve nou an. 7Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou. 8Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l' devore. 9Kanpe fèm nan konfyans nou, kenbe tèt avè l', paske nou konnen lòt frè nou yo ki nan lemonn ap soufri menm soufrans ak nou. 10Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, la kenbe nou fèm, la ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n' te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini. 11Se pou li tout pouvwa a, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn. 12Se avèk konkou frè Silven, yon nonm serye dapre sa mwen konnen, m'ap ekri nou lèt sa a, pou m' ka ankouraje nou, pou m' fè nou konnen jan favè Bondye pou nou an se yon bagay ki vre. Kenbe fèm nan li. 13Legliz Bondye chwazi nan lavil Babilòn lan voye bonjou pou nou, ansanm ak Mak, pitit mwen an. 14Bò pa nou, yonn di lòt bonjou pou mwen, yonn bo lòt tankou frè ak frè. Mwen mande pou nou tout k'ap viv ansanm nan Kris la, pou nou gen kè poze.

Did you know?
Shepherding the Flock in Humility
- The chapter says the brief letter was written through Silvanus, regarded as a faithful brother. Easton's Bible Dictionary (1897) identifies Silvanus with Silas, a prominent member of the Jerusalem church, chosen with Judas Barsabas to accompany Paul and Barnabas back to Antioch as bearers of the council's decree. The same entry says Silas then assisted Paul in Antioch, joined his second missionary journey, and is called Silvanus in Second Corinthians and in the letters to the Thessalonians.Sources: Silas · the Bible text itself
- Greetings also come from the writer's 'son Mark.' Easton's Bible Dictionary (1897) explains that Mark, a Roman name, gradually replaced the Jewish name John; he was Mary's son, probably born in Jerusalem, and Barnabas's cousin. The dictionary says Peter calls him his son and thinks it probable that Peter converted him, noting that many were gathered praying in his mother's house when Peter was released from prison.Sources: John Mark · the Bible text itself
- The church in Babylon, 'chosen together with you,' also sends greetings. Easton's Bible Dictionary (1897) explains Babylon as the Greek form of Babel, from Semitic Babilu, 'The Gate of God,' and says that in Assyrian tablets the name means 'the city of the dispersion of the tribes.' It places the city on the Euphrates, about 200 miles above the junction with the Tigris, which flowed through the city and divided it into two almost equal parts.Sources: Babylon · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Babylon · Today: Rome · 41.892, 12.485 · verse 13
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org