1 Corinthians 5
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Toupatou y'ap fè kouri bri jan gen dezòd lachè k'ap fèt nan mitan nou. Dezòd la sitèlman wòd, ata moun lòt nasyon yo pa ta fè bagay konsa. Y'ap mache di gen yonn nan nou k'ap viv ak madanm papa li. 2Apre sa, ki jan nou ka fè gen lògèy ankò? Okontrè, se bagay ki pou ta fè nou kriye anpil. Epi, nonm ki fè bagay sa a, se pou n' te wete l' nan mitan nou. 3Mwen menm, mwen pa la avèk nou nan kò m', men mwen la nan lespri m'. Pou tèt pa m', nan non Jezikri, Seyè a, mwen deja jije nonm ki fè kalite vye bagay lèd sa a, tankou si m' te la avèk nou. 4Lè n'a reyini ansanm, m'a la tou avèk nou nan lespri, pa pouvwa Jezikri, Seyè nou an. 5Se pou n' lage nonm sa a nan men Satan pou kò l' ka peri. Se konsa lespri l' ka jwenn delivrans lè jou Seyè a va rive. 6Nanpwen anyen la a pou n'ap fè grandizè! Nou konn pawòl la ki di: Se yon ti kras ledven ki fè tout pa t' la leve. 7Wete vye ledven peche sa a pou nou ka tounen yon lòt kalite moun. Lè sa a, n'a tankou yon pa t' ki fèk bat, san ledven ladan li. Pou di vre, se sa menm nou ye deja. Paske Delivrans nou, se Kris la menm. Yo ofri l' bay Bondye pou nou deja tankou ti mouton yo konn touye lè fèt la. 8Se pa pou n' fete fèt la avèk pen ki gen vye ledven an, ledven vis ak mechanste. Men, ann fete l' avèk pen san ledven an, pen ki bon pou moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo. 9Nan lèt mwen te ekri nou an, mwen te mande pou n' pa mele ak moun k'ap viv nan imoralite. 10Lè sa a, mwen pa t' gen nan lide mande nou pou n' separe ak tout moun sou latè k'ap viv nan dezòd lachè, ki gen lanvi plen kè yo, k'ap vòlò osinon k'ap sèvi zidòl. Pou n' ta egzante tout moun sa yo, se kite pou n' ta kite tè a nèt. 11Mwen te vle di pou n' pa mele ak yon nonm ki swadizan frè nou nan Kris la, men k'ap viv nan dezòd, ki gen lanvi plen kè l', k'ap sèvi zidòl, k'ap pale moun mal, ki tafyatè, osinon ki vòlò. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n' manje ak yon nonm konsa. 12Zafè moun deyò pa gade m', mwen pa gen dwa jije yo. Se Bondye ki va jije yo. 13Men, èske se pa devwa nou pou n' jije moun ki anndan yo, moun ki ansanm avè n' yo? Tankou yo di l' nan Liv la: Wete mechan an nan mitan nou.

Did you know?
Immorality and Removal from the Community
- This chapter reports sexual immorality of a kind the writer calls intolerable even among pagans: a man has his father’s wife. The community is proud, though the letter says they should rather have been stricken with grief and have removed from their fellowship the man who did this.Sources: the Bible text itself
- Although absent in body, the writer says he is present in spirit and has already pronounced judgment on the man. When they are assembled in the name of our Lord Jesus, with the writer in spirit and with the power of the Lord Jesus, they are to hand the man over to Satan for the destruction of the flesh, so that his spirit may be saved on the Day of the Lord. The name Satan means “adversary” or “accuser,” and in the New Testament it is used interchangeably with the devil more than thirty times.Sources: the Bible text itself · Satan
- The letter warns that a little leaven works through the whole batch of dough, and calls for the old leaven to be removed so that they may be a new unleavened batch. Christ is called “our Passover lamb,” who has been sacrificed, and the feast is to be kept not with the old bread leavened with malice and wickedness, but with the unleavened bread of sincerity and of truth.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org