1 Corinthians 6
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Lè yonn nan nou gen kont ak yon frè, ki jan l' ka penmèt li al nan tribinal devan moun ki pa konn Bondye, pase pou l' mande moun ki fè pati pèp Bondye a regle sa pou li? 2Kouman? Se konnen nou pa konnen moun ki fè pati pèp Bondye a gen pou jije moun ki nan lemonn yo? Si nou gen pou nou jije moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, ki jan nou fè pa kapab jije bagay ki pi piti pase sa? 3Se konnen nou pa konnen nou gen pou n' jije ata zanj Bondye yo tou? Se pa ti bagay k'ap pase sou latè sa a pou n' pa ta kapab jije. 4Si nou gen kont pou ti bagay konsa, nou pa ka al pran moun ki pa anyen nan legliz la pou jije nou. 5Mwen wont pou nou. Konsa, gen lè pa gen pesonn nan mitan nou ki gen bon konprann dekwa pou regle kont nou gen yonn ak lòt, 6kifè yon frè blije rele yon lòt frè nan tribinal pou fè moun ki tou pa kwè yo jije nou? 7Sa ki pi rèd, si nou ka gen pwose yonn ak lòt, sa deja moutre jan nou pa bon menm. Poukisa nou pa asepte soufri lenjistis pito? Poukisa nou pa kite yo piye nou pito? 8Okontrè, mwen wè se nou menm k'ap fè lòt lenjistis, k'ap piye yo, epi ki moun n'ap fè sa, se pwòp frè nou nan Kris la! 9Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason, 10moun k'ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k'ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. 11Anpil nan nou, se sa menm nou te ye. Men, koulye a Bondye mete nou nan kondisyon pou nou sèvi l'. Gremesi Jezikri, Seyè a, li mete nou apa pou li, li fè nou gras pa pouvwa Lespri Bondye nou an. 12Gen kèk moun nan nou ki di: Mwen gen dwa fè tout bagay. Wi, ou gen dwa fè tout bagay. Men, tout bagay pa bon pou fè. Mwen ka di mwen gen dwa fè tout bagay. Men, mwen p'ap kite anyen fè m' tounen esklav li, li te mèt sa l' te ye. 13Nou di tou: Manje fèt pou vant, vant fèt pou manje. Se vre. Men, Bondye ap detwi ni yonn ni lòt. Kò moun pa fèt pou dezòd lachè. Se pou Seyè a li ye, Seyè a se pou kò a li ye. 14Bondye te fè Seyè a leve soti vivan nan lanmò. La fè menm bagay la tou pou nou ak pouvwa li. 15Nou konnen, pa vre, kò nou se manm kò Kris la. Eske mwen ka pran yon mann kò Kris la pou m' fè l' tounen yon manm kò yon fanm k'ap fè jennès? Pa posib! 16Eske nou pa konn sa: yon nonm ki mete kò l' ak yon fanm ki nan jennès, li fè yon sèl kò avèk li. Se sa Liv la di: yo tou de va fè yon sèl kò. 17Men, moun ki mete l' avèk Seyè a, li fè yon sèl lespri avèk li. 18Kouri pou dezòd lachè. Yon moun te mèt fè tout lòt kalite peche, sa pa fè kò l' anyen. Men, moun ki lage kò l' nan dezòd lachè, li fè peche kont pwòp kò li. 19Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò. 20Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.

Did you know?
Lawsuits, the Kingdom, and the Body
- The chapter challenges believers who take a grievance against another to law before the unrighteous instead of before the saints. It argues that people who will judge the world, and even angels, should be able to judge trivial everyday cases, and it treats a lawsuit between brothers—especially before unbelievers—as a defeat already suffered.Sources: the Bible text itself
- It warns that the wicked will not inherit the kingdom of God, naming the sexually immoral, idolaters, adulterers, men who submit to or perform homosexual acts, thieves, the greedy, drunkards, verbal abusers, and swindlers. It then says that some of the readers once were such people, but were washed, sanctified, and justified in the name of the Lord Jesus Christ and by the Spirit of our God.Sources: the Bible text itself
- Quoted claims—“Everything is permissible for me” and “Food for the stomach and the stomach for food”—are answered with limits: not everything is beneficial, and the body is for the Lord, not for sexual immorality. Uniting with a prostitute is said to make two people one flesh, while uniting with the Lord is one spirit with him; the body is called a temple of the Holy Spirit, and the readers are told they were bought at a price.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org