1 Corinthians 4
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Se poutèt sa, nou menm moun Korent, se pou nou rekonèt se sèvitè Kris la mwen ye, tankou yon jeran Bondye mete reskonsab plan travay li yo ki te kache. 2Yon sèl bagay yo mande yon jeran, se pou l' yon moun serye. 3Pou mwen menm, nou te mèt jije m', lèzòm te mèt jije m' nan tribinal yo, sa pa di m' anyen. Mwen menm, poutèt pa m', mwen pa jije tèt mwen non plis. 4Konsyans mwen pa repwoche m' anyen, se vre. Men, sa pa vle di mwen inonsan pou sa. Se Seyè a ki sèl jij mwen. 5Se poutèt sa, pa prese jije pesonn anvan lè a rive. Se pou nou tann Seyè a vini. Se li menm k'ap mete deyò tou sa ki te kache, tou sa ki t'ap fèt nan fènwa. L'ap devwale tout kalkil lèzòm t'ap fè nan kè yo. Lè sa a, chak moun va resevwa lwanj yo merite nan men Bondye. 6Frè m' yo, nan tout bagay sa yo, si m' pran egzanp sou mwen ak Apolòs, se te pou byen nou. Mwen ta vle nou pran egzanp sou nou pou n' ta ka konprann sans pawòl la ki di: Rete nan limit yo ban nou an. Piga pesonn pran pati pou yon moun kont yon lòt. 7Kilès ki di ou pi bon pase lòt yo? Kisa ou genyen se pa Bondye ki ba ou li? Enben, nan kondisyon sa a, poukisa w'ap fè grandizè pou sa ou genyen an tankou si se pa Bondye ki te ba ou li? 8Atò, nou gen tan gen tou sa n' te bezwen? Nou gen tan rich kont kò nou? Nou gen tan tounen wa anvan mwen? Mwen ta byen kontan si nou ta tounen wa tout bon, pou m' te kapab wa tou ansanm avèk nou. 9Men, nou menm apòt Kris yo, gen lè Bondye mete nou dèyè nèt. Nou tankou moun yo kondannen amò pou yo touye sou plas piblik; nou tounen yon espektak pou tout moun, ni pou zanj yo nan syèl la, ni pou moun sou latè. 10Poutèt Kris la, nou menm apòt yo, nou tankou moun fou. Men, nou menm moun Korent yo, gen lè nou gen bon konprann nan Kris la? Nou menm apòt yo, nou fèb. Men, nou menm moun Korent yo, gen lè nou gen fòs kouraj? Nou menm apòt yo, y'ap meprize nou tankou chen. Men, nou menm moun Korent yo, yo respekte nou nèt ale? 11Jouk koulye a nou anba grangou, nou swaf dlo, nou manke rad, y'ap bat nou, n'ap plede mache san nou pa gen kote pou n' rete. 12N'ap fatige kò nou travay pou n' ka manje. Lè yo joure nou, nou mande benediksyon pou moun k'ap joure nou; lè yo pèsekite nou, nou mare kè nou. 13Lè yo pale nou mal, nou menm se byen nou di pou yo. Jouk koulye a, y'ap konsidere nou tankou fatra ki nan lemonn, dènye kras moun ki sou latè. 14Mwen pa ekri nou tout bagay sa yo paske mwen vle fè nou wont non. Men, se vle mwen vle fè nou wè rezon, tankou pitit mwen renmen anpil. 15Menm si nou ta rive gen dimil (10.000) moun k'ap kondi nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la, nou pa ka gen anpil papa. Si n'ap konsidere lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la, se mwen menm ki papa nou, paske se mwen menm ki te pote bon nouvèl la ban nou. 16Tanpri, pran egzanp sou mwen. 17Se pou sa menm m'ap voye Timote, pitit mwen nan Seyè a, ban nou. Se yon pitit mwen renmen anpil, li menm tou li fèb pou mwen. La fè nou chonje tout prensip k'ap dirije lavi m'ap mennen nan Kris la. Se menm prensip sa yo m'ap moutre toupatou nan tout legliz yo. 18Gen kèk moun nan mitan nou ki gen tan gonfle lestonmak yo ak lògèy. Yo mete nan lide yo mwen p'ap vini wè nou. 19Enben, si Bondye vle, m'ap vin wè nou anvan lontan. Lè sa a, m'a wè sa bann grandizè sa yo ka fè apre tou sa yo di a. 20Paske, nan peyi kote Bondye wa a, pale anpil pa di anyen, se fè ki tout bagay la. 21Kisa nou pito? Nou ta vle mwen vin ak yon baton pou nou, osinon avèk renmen, avèk dousè nan kè mwen pou nou? Libètinaj nan legliz la

Did you know?
Servants, stewards, and a father's warning
- Paul applies these things to himself and Apollos so that the Corinthians may learn not to take pride in one man over another. Apollos, a Jew born in Alexandria, eloquent and well versed in the Scriptures, went on to Corinth, where he watered the seed Paul had sown, and his disciples there were much attached to him. A brief account of his life places him with Paul at Ephesus when the first letter to the Corinthians was written.Sources: the Bible text itself · Apollos
- Paul says the Corinthians already have all they want, have become rich, and have become kings without him and his companions, and he wishes they really were kings so that he and his companions might be kings with them. It seems to him, he writes, that God has displayed the apostles at the end of the procession, like prisoners appointed for death, a spectacle to the whole world, to angels as well as to men, while they go hungry and thirsty, poorly clothed, homeless, and hard at work with their own hands.Sources: the Bible text itself
- Paul says he has sent Timothy, his beloved and faithful child in the Lord, to remind the Corinthians of his way of life in Christ Jesus, the same teaching he gives everywhere in every church. Timothy, a name meaning honoring God, was a young disciple who traveled with Paul on many of his journeys, and Paul called him his own son in the faith. That account says nothing of Timothy’s father except that he was a Greek, and names his mother as Eunice and his grandmother as Lois.Sources: the Bible text itself · Timotheus
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org