1 Corinthians 3
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Men, frè m' yo, pou di vre, mwen pa t' kapab pale ak nou tankou ak moun ki gen Lespri Bondye a nan kè yo. Mwen te blije pale ak nou tankou ak moun k'ap viv dapre lide ki nan lèmonn, tankou ak moun ki timoun toujou nan konfyans yo nan Kris la. 2Mwen te blije moutre nou ti bagay tou senp, tankou lè yo bay timoun piti lèt, yo pa ba yo gwo manje. Paske nou pa t' ankò pare pou sa. Ata koulye a, nou poko pare. 3Paske n'ap viv tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn toujou. Depi ou tande gen jalouzi nan mitan nou, depi nou gen kont yonn ak lòt, nou tou wè se moun lemonn nou ye, se tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan n'ap viv. 4Lè yonn rete li di: Mwen menm, mwen se moun Pòl; yon lòt: Mwen se moun Apolòs, èske se pa tankou moun lemonn n'ap pale? 5Lè ou gade byen, ki moun ki Apolòs la? Ki moun ki Pòl la? Nou tou de se sèvitè Bondye nou ye. N'ap travay pou nou menm, moun Korent yo, nou te ka rive kwè. Chak moun te fè travay Mèt la te ba l' fè. 6Mwen plante, Apolòs wouze, men se Bondye ki fè plant lan pouse. 7Konsa, moun ki plante a pa anyen, moun ki wouze a pa anyen tou. Se Bondye ki tout bagay la, se li menm ki fè plant lan pouse. 8Moun ki plante a ak moun ki wouze a, se menm bagay yo ye. Bondye va ba yo sa yo merite dapre travay yo fè. 9Apolòs ak mwen, se travay n'ap travay ansanm pou Bondye. Nou menm, moun Korent yo, nou se tankou yon jaden Bondye bay travay pou li. Ou ankò, nou se yon kay Bondye ap bati. 10Dapre favè Bondye te fè m' lan, mwen travay tankou yon bon enjenyè, mwen poze fondasyon an. Yon lòt ap bati sou li. Men, se pou chak moun veye kò yo pou yo konnen ki jan y'ap bati. 11Paske fondasyon an deja la: se Jezikri. Pesonn pa ka poze yon lòt. 12Gen moun k'ap sevi ak lò, osinon ak lajan, osinon ak bèl wòch ki koute chè pou bati sou fondasyon an. Gen lòt menm k'ap sèvi ak bwa, ak zèb chèch, ak pay. 13Men, se jou jijman an n'a wè ki kalite travay chak moun te bay. Se jou sa a ki va devwale kalite travay chak moun te fè. Paske jou sa a, se nan mitan dife l'ap parèt. Dife a pral sonde travay chak moun. L'ap fè wè kalite travay yo. 14Si dife a pa boule travay yon moun bati sou fondasyon an, moun sa a ap resevwa rekonpans li. 15Men tou, si dife a boule travay yon moun, moun sa a ap pèdi travay li. Men li menm, l'ap sove, tankou yon moun ki chape nan yon kay k'ap boule. 16Eske nou pa konnen se tanp Bondye a nou ye, se Lespri Bondye a ki rete nan kè nou? 17Enben, si yon moun kraze tanp Bondye a, Bondye ap kraze l' tou. Paske tanp Bondye a se yon bagay ki apa pou li. Se nou menm ki tanp Bondye a. 18Piga pesonn twonpe tèt yo. Si yon moun mete nan lide l' li gen bon konprann tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, pito li vin fou pou l' ka gen bon konprann tout bon. 19Paske, bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo se bagay moun fou li ye devan Bondye. Men sa n' jwenn ekri nan Liv la: Bondye pran moun lespri yo nan pwòp pèlen yo te tann lan. 20Nou jwenn sa ekri tou: Bondye konnen lide moun save yo mete nan tèt yo, li konnen tou sa pa vo anyen. 21Konsa, pesonn pa dwe chache lwanj pou tèt pa yo nan sa moun ka fè. Pou nou menm, tout bagay se pou nou yo ye. 22Ni Pòl, ni Apolòs, ni Pyè, ni tou sa ki sou latè, se pou nou yo ye. Lavi, lanmò, bagay ki la koulye a, bagay ki gen pou vini, tou sa se pou nou yo ye tou. 23Men nou menm, se pou Kris la nou ye. Kris la menm, se pou Bondye.

Did you know?
Rival Teachers and God's Field
- The words “I follow Paul” and “I follow Apollos” refer to two teachers the Corinthians knew. Apollos, a Jew from Alexandria described as eloquent and well versed in the Scriptures, went to Corinth after Aquila and Priscilla had instructed him more fully, and his followers became strongly attached to him.Sources: the Bible text itself · Apollos
- Paul turns their work into a shared image: he planted the seed, Apollos watered it, and God made it grow. He calls them servants through whom the Corinthians believed, and fellow workers of one purpose, each rewarded according to his own labor.Sources: the Bible text itself · Apollos
- A traditional biographical note says Apollos was with Paul in Ephesus when this letter was written. Paul still speaks of both as servants and tells the Corinthians to stop boasting in men—Paul, Apollos, or Cephas—because the Corinthians belong to Christ, and Christ belongs to God.Sources: Apollos · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org