Nations Bible

1 Corinthians 2

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Frè m' yo, lè mwen te al lakay nou, se pa t' avèk gwo diskou ni bèl pawòl mwen te fè nou konnen plan travay Bondye ki te kache a. 2Mwen te mete nan tèt mwen pou m' te bliye tout bagay sa yo. Yon sèl bagay mwen te konnen tout tan mwen te la ansanm ak nou an, se Jezikri, epi sèlman Jezikri yo te kloure sou kwa a. 3Mwen vin kanpe tou fèb devan nou. Lè sa a, mwen t'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen te pè. 4Lè m' te fè nou konnen tout bagay sa yo, lè m' te anonse nou nouvèl la, se pa t' avèk bèl pawòl bon konprann lèzòm mwen t'ap chache pran tèt nou. Men, se te avèk pouvwa Lespri Bondye a ki t'ap bay tout prèv pou fè nou kwè. 5Konsa, konfyans nou gen nan Bondye a pa chita sou bon konprann lèzòm, men sou pouvwa Bondye. 6Malgre sa, se yon bon konprann m'ap fè moun ki byen devlope nan konfyans yo konnen. Men, se pa menm bon konprann ak bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn, ni ak bon konprann pouvwa k'ap donminen lemonn, pouvwa ki la pou disparèt. 7Bon konprann m'ap anonse a, se bon konprann Bondye te sere a. Li te kache nan je moun. Men, depi anvan Bondye te kreye anyen, bon konprann sa a te nan plan l' pou l' te ka sèvi yon lwanj pou nou. 8Pa gen pouvwa nan lemonn ki te konnen bon konprann sa a. Si yo te konnen l', yo pa ta kloure Seyè ki merite lwanj la sou kwa a. 9Men, jan sa te ekri nan Liv la: Bagay pesonn pa t' janm wè, ni pa t' janm tande, bagay ankenn moun pa t' janm mete nan tèt yo, se sa Bondye te pare pou moun ki renmen li. 10Bondye voye Sentespri l' ki devwale sekrè travay sa a ban nou. Lespri Bondye sonde tout bagay, menm sa ki nan fon kè Bondye. 11Pran nenpòt moun: Kilès ki ka konnen sa ki nan kè li? Se lespri ki nan li a sèlman ki ka konn sa. Konsa tou, sèl Lespri Bondye konnen tout bagay ki nan Bondye. 12Se pa lespri k'ap travay nan moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan nou te resevwa. Lespri nou resevwa a, se Lespri Bondye te voye ban nou an pou n' te ka konnen tout favè Bondye te fè nou. 13Si n'ap pale sou tout favè Bondye fè nou, se pa avèk pawòl nou jwenn nan bon konprann lèzòm, men se pito avèk pawòl Lespri Bondye ap moutre nou. Se konsa, nou fè moun ki gen Lespri Bondye nan kè yo konprann verite ki soti nan Lespri a. 14Yon moun ki pa gen Lespri Bondye a nan kè l' pa ka asepte verite ki soti nan Lespri Bondye a. Pou li, se pawòl moun fou yo ye. Li pa kapab konprann yo, paske se Lespri Bondye a ki pou ede l' egzaminen yo. 15Okontrè, moun ki gen Lespri Bondye a nan kè l', li kapab jije tout bagay. Men li menm, pesonn pa ka jije li. 16Jan sa ekri nan Liv la: Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki pou moutre l' sa pou l' fè? Men nou menm, nou konnen sa ki nan lide Kris la.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Christ crucified and the Spirit's wisdom

  • The writer says he did not come with eloquence or wisdom when he proclaimed the testimony about God. He had resolved to know nothing while he was with them except Jesus Christ and him crucified, and he came in weakness, fear, and much trembling, so their faith would rest on God's power rather than on human wisdom.Sources: the Bible text itself
  • The wisdom spoken among the mature is not the wisdom of this age or of its rulers, who are coming to nothing. It is called God's mysterious, hidden wisdom, destined for glory before time began; those rulers did not understand it, or they would not have crucified the Lord of glory.Sources: the Bible text itself
  • The chapter says God has revealed by the Spirit what lies beyond human sight, hearing, and imagination. Only a person's own spirit knows that person's thoughts, and only the Spirit of God knows God's thoughts. The natural person does not accept what comes from the Spirit, treats it as foolishness, and cannot understand it, because it is spiritually discerned.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.