Zacarias 5
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Answit, mwen te leve zye m ankò. Mwen te gade e mwen te wè, yon liv woulo ki t ap vole anlè. 2Konsa, li te di mwen: “Kisa ou wè la a?”
Mwen te reponn: “Mwen wè yon liv woulo k ap vole anlè; longè li se ven koude, e lajè li se dis koude.”
3Li te di mwen: “Sa se malediksyon k ap vin parèt sou fas a tout tè a. Anverite, tout moun ki vòlè va vin koupe retire nan yon bò selon li; epi tout moun ki fè fo sèman va vin koupe retire nan lòt bò a selon li. 4Mwen va fè li vin parèt”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Epi li va antre lakay a vòlè a ak lakay a sila ki fè fo sèman nan non Mwen an. Konsa, li va rete nèt nan mitan kay li a, e li va detwi l nèt ansanm ak bwa travès ak tout wòch yo.”
5Epi zanj ki t ap pale avè m nan te sòti deyò. Li te di mwen: “Koulye a leve zye ou pou wè sa k ap vin parèt la.”
6Mwen te di: “Kisa li ye?”
Li te di: “Sa se panyen efa a k ap vin parèt la.” Li te di ankò: “Sa se inikite ki nan tout peyi a. 7Epi vwala, yon kouvèti an plon ki peze yon talan (40 kilo) te vin leve. Epi te gen yon fanm ki chita nan mitan panyen an”. 8Zanj la te di: “Sa se Mechanste!” Epi li te jete fanm nan rive nan mitan panyen efa a, e li te voye mas plon an sou bouch panyen an.
9Mwen te leve zye m, mwen te gade, e mwen te wè te gen de fanm ak van nan zèl yo. Zèl yo te tankou zèl a sigòy. Konsa, yo te leve panyen efa a antre tè a ak syèl la. 10Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Se ki kote yo prale ak panyen an la a?”
11Li te di mwen: “Pou bati yon tanp pou fanm nan, nan peyi Schinear. Konsa, lè l fin prepare, fi a va pozisyone la sou pwòp baz pa l.”

Você sabia?
Visões do Rolo Voador e do Cesto
- Zacarias vê um enorme rolo voador medindo vinte côvados de comprimento por dez côvados de largura. O anjo intérprete explica que ele representa uma maldição que percorre a terra contra ladrões e perjuros, permanecendo em suas casas até destruir suas vigas e pedras.Fontes: o próprio texto bíblico
- A segunda visão do capítulo retrata uma mulher que personifica a Maldade trancada dentro de um cesto de medir sob uma pesada tampa de chumbo. Duas mulheres com asas de cegonha levam o cesto para Sinear, região bíblica associada ao sul da Mesopotâmia e à antiga Babilônia, onde uma casa e um pedestal são preparados para ele.Fontes: o próprio texto bíblico · Shinar
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Shinar · Hoje: Babylonia · 32.543, 44.422 · versículo 11
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org