Apocalipse 8
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Lè Jèn Mouton an te ouvri setyèm so a, te gen silans nan syèl la pandan anviwon demi èdtan.
2Epi mwen te wè sèt zanj ki kanpe devan Bondye, e yo te resevwa sèt twonpèt.
3Yon lòt zanj te vin kanpe devan lotèl la. Li te kenbe yon lansanswa an lò. Anpil lansan te bay a li menm pou l ta kab ajoute sou lapriyè a tout sen ki te sou lotèl an lò ki te devan twòn nan. 4Konsa, lafimen lansan an avèk lapriyè a tout sen yo te sòti nan men a zanj lan pou monte parèt devan Bondye.
5Zanj lan te pran lansanswa a, liplen li avèk dife lotèl la, e voye l sou tè a. Sa te swiv ak gwo kout tonnè, gwo bri, kout eklè ak yon tranbleman detè. 6Konsa, sèt zanj ki te gen sèt twonpèt yo te prepare yo pou sone yo.
7Premye a te sone, epi te vin parèt lagrèl ak dife tou mele avèk san, e yo te jete yo sou tè a. Epi yon tyè pati tè a te brile, yon tyè nan pyebwa yo te brile e tout zèb vèt yo te brile nèt.
8Dezyèm zanj lan te sone, e yon bagay tankou yon gwo mòn k ap brile ak dife te jete nan lanmè a. Konsa yon tyè nan lanmè a te tounen san. 9Yon tyè nan kreyati vivan ki te nan lanmè yo te mouri, e yon tyè nan bato yo te detwi.
10Twazyèm zanj lan te sone, epi yon gwo zetwal ki t ap brile tankou yon tòch te tonbe soti nan syèl la. Li te tonbe sou yon tyè nan larivyè ak sous dlo yo. 11Non a zetwal la se “Absinthe.” Yon tyè nan dlo yo te vin anmè, e anpil moun te vin mouri akoz dlo yo ki te vin anmè a.
12Katriyèm zanj lan te sone, epi yon tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin nan, ak yon tyè nan zetwal yo te frape, pouke yon tyè nan yo ta vin nwa, e jounen an pa ta parèt pandan yon tyè nan pati li, e lannwit lan, menm jan an.
13Answit, mwen te gade e mwen te tande yon èg k ap vole nan mitan syèl la, ki t ap di nan yon gwo vwa: “Malè! Malè! Malè a sila ki rete sou latè yo, akoz son twonpèt a twa zanj ki toujou rete yo!”
Você sabia?
Silêncio, incenso e trombetas
- Quando o Cordeiro abre o sétimo selo, há silêncio no céu por cerca de meia hora. A visão mostra então os sete anjos que estão diante de Deus, e lhes são dadas sete trombetas.Fontes: o próprio texto bíblico
- Outro anjo, que tem um incensário de ouro, chega e se coloca junto ao altar. Ele recebe muito incenso para oferecer com as orações de todos os santos sobre o altar de ouro diante do trono; a fumaça sobe diante de Deus da mão dele, e então ele enche o incensário com fogo do altar e o lança à terra, seguido de estrondos de trovão, ribombos, clarões de relâmpago e um terremoto.Fontes: o próprio texto bíblico
- Uma após a outra, as quatro primeiras trombetas trazem saraiva e fogo misturados com sangue sobre a terra, algo como uma grande montanha, ardendo em fogo, lançada ao mar, uma estrela chamada Absinto sobre os rios e as fontes, e o escurecimento de parte do sol, da lua e das estrelas. A visão fala repetidamente de um terço — da terra e das árvores, do mar, de suas criaturas viventes e dos navios, das águas e do sol, da lua, das estrelas, do dia e da noite —, enquanto toda a erva verde é queimada; uma águia que voa no alto clama então ai três vezes, porque três anjos ainda não tocaram suas trombetas.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org