Apocalipse 7
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Apre sa, mwen te wè kat zanj ki te kanpe nan kat kwen latè, ki t ap kenbe kat van latè yo, pou van pa soufle sou tè a, sou lanmè a, ni sou okenn pyebwa.
2Mwen te wè yon lòt zanj ki t ap monte soti kote solèy la leve a, avèk so a Bondye vivan an. Li te kriye fò avèk yon gwo vwa a kat zanj ki te gen pèmisyon pou fè mal a tè a ak lanmè a. 3Li te di: “Pa fè tè a, lanmè a, oubyen pyebwa yo mal jiskaske nou fin sele sèvitè-atache Bondye nou yo sou fon yo.” 4Konsa, mwen te tande kantite a sila ki te sele yo, san-karant-kat-mil, sele soti nan chak tribi a fis Israël yo.
5Nan tribi Juda a, douz-mil te sele,
nan tribi Ruben an, douz-mil, nan tribi Gad la, douz-mil,
6nan tribi Aser a, douz-mil, nan tribi Nephthali a, douz-mil,
nan tribi Manassé a, douz-mil,
7nan tribi Siméon an, douz-mil, nan tribi Levi a, douz-mil,
nan tribi Issacar a, douz-mil,
8nan tribi Zabulon an, douz-mil, nan tribi Joseph la, douz-mil,
nan tribi Benjamin an, douz-mil te sele.
9Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon gwo foul ke pèsòn pa t kapab konte, soti nan tout nasyon, tout tribi, pèp ak langaj, te kanpe devan twòn nan, e devan Jèn Mouton an ki te abiye an vètman blan, e branch palmis te nan men yo. 10Yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Delivrans sòti nan Bondye nou an ki chita sou twòn nan, ak nan Jèn Mouton an.”
11Konsa, tout zanj yo te kanpe toutotou de twòn nan, toutotou de lansyen yo, ak kat kreyati vivan yo. Yo te tonbe sou figi yo devan twòn nan pou adore Bondye. 12Yo t ap di: “Amen! Benediksyon, laglwa, sajès, remèsiman, lonè, pwisans, e pouvwa pou Bondye nou an pou tout tan e pou tout tan! Amen.”
13Konsa, youn nan ansyen yo te reponn e t ap di mwen: “Sila ki abiye an vètman blan yo, kilès yo ye, e ki kote yo sòti?”
14Mwen te di Li: “Senyè mwen, se Ou ki konnen.”
Epi li te di mwen: “Sa yo se sila ki sòti nan gran tribilasyon an, e yo te lave vètman yo pou fè vin blanch nan san a Jèn Mouton an. 15Pou rezon sa a, yo devan twòn Bondye a; epi yo sèvi Li lajounen kon lannwit nan tanp li an.
“Epi Sila ki chita nan twòn nan va ouvri tabènak li sou yo. 16“Yo p ap grangou ankò, ni swaf ankò. Ni solèy la p ap bat yo, ni okenn chalè; 17paske, Jèn Mouton an nan mitan twòn nan va bèje pa yo. Li va gide yo a sous dlo vivan yo, e Bondye va seche tout dlo ki sòti nan zye yo.”

Você sabia?
As tribos seladas e a grande multidão
- Apocalipse 7 apresenta o número dos selados como 144.000, doze mil de cada uma das tribos de Israel nomeadas no capítulo. Israel era outro nome de Jacó, o segundo dos filhos gêmeos de Isaque e Rebeca; o Easton's Bible Dictionary (1897) explica o nome de Jacó como alguém que segue os calcanhares de outro, ou um suplantador.Fontes: o próprio texto bíblico · Jacob (Israel)
- Embora Rúben fosse o filho mais velho de Jacó e Lia, a lista dos selados começa com Judá e depois nomeia Rúben. A lista inclui também tanto José como Manassés; Manassés era o filho mais velho de José, e Jacó adotou a ele e a seu irmão Efraim como seus próprios filhos.Fontes: o próprio texto bíblico · Reuben · Manasseh (son of Joseph)
- Depois do selamento, a visão mostra uma multidão grande demais para ser contada, de toda nação, tribo, povo e língua, de pé diante do trono e do Cordeiro, com vestes brancas e ramos de palmeira nas mãos. Um dos anciãos diz que eles saíram da grande tribulação e lavaram as suas vestes, tornando-as brancas no sangue do Cordeiro.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org