Salmos 116
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Mwen renmen SENYÈ a, paske Li tande vwa m,
avèk siplikasyon mwen yo.
2Akoz Li te panche zòrèy Li bò kote m,
pou sa, mwen va rele non Li pandan tout tan ke m viv.
3Kòd lanmò yo te antoure m,
e laperèz fòs lanmò te vini sou mwen.
Mwen te jwenn twoub ak gwo tristès.
4Alò, mwen te rele non SENYÈ a.
O SENYÈ, mwen sipliye Ou, sove lavi mwen!
5Ranpli ak gras ak ladwati, se SENYÈ a.
Wi, Bondye nou an plen ak mizerikòd.
6SENYÈ a toujou pwoteje moun senp yo.
Mwen te abese mwen nèt e Li te sove mwen.
7Reprann repo ou, O nanm mwen, paske
Bondye te aji nan bonte Li avèk ou.
8Paske Ou te delivre nanm mwen devan lanmò,
zye m pou m pa kriye, pye m pou m pa glise tonbe.
9Mwen va mache devan SENYÈ a nan
peyi moun vivan an.
10Mwen te kwè, pou sa mwen te di: “Mwen te vrèman aflije.”
11Mwen te di nan mitan gwo twoub mwen yo:
“Tout moun se mantè”.
12Kisa mwen kapab bay a SENYÈ a
Pou tout bonte Li anvè mwen?
13Mwen va leve wo koup sali a,
e rele non SENYÈ a.
14Mwen va peye tout ve mwen yo anvè SENYÈ a.
Wi, nan prezans tout pèp Li a!
15Byen chè nan zye SENYÈ a, se lanmò a fidèl Li yo.
16O SENYÈ, anverite, mwen se sèvitè Ou.
Mwen se sèvitè Ou, fis a sèvant Ou an.
Ou fin lache kòd mwen yo.
17A Ou menm, mwen va ofri yon sakrifis remèsiman,
e va rele sou non SENYÈ a.
18Mwen va peye ve mwen yo a SENYÈ a.
Wi, kite l fèt nan prezans a tout pèp Li a!
19Nan lakou lakay SENYÈ a, nan mitan nou menm,
O Jérusalem, Louwe SENYÈ a!

Você sabia?
Um Cântico de Ação de Graças por Livramento
- O salmista promete oferecer um sacrifício de ação de graças e cumprir seus votos publicamente nos átrios do templo em Jerusalém, uma cidade montanhosa cujo nome hebraico traz o significado de 'posse da paz' ou 'fundamento da paz'.Fontes: o próprio texto bíblico · Jerusalem
- Ao relatar a libertação de uma profunda aflição, o poeta descreve a proximidade da morte como os 'laços da morte' e a angústia do Seol, decidindo em gratidão erguer o 'cálice da salvação' diante de todo o povo.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 19
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org