Salmos 115
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Pa pou nou, O SENYÈ, pa pou nou,
men pou Non Ou glwa bay,
akoz lanmou dous Ou, akoz verite Ou.
2Poukisa nasyon yo ta di:
“Kote Bondye yo a ye koulye a?”
3Men Bondye nou an nan syèl yo.
Li fè sa Li pito.
4Zidòl yo se ajan ak lò, zèv men a lòm.
5Yo gen bouch, men yo pa kab pale.
Yo gen zye, men yo pa kab wè.
6Yo gen zòrèy, men yo pa kab tande.
Yo gen nen, men yo pa kab santi anyen.
7Yo gen men, men yo pa kab manyen.
Yo gen pye, men yo pa kab mache.
Nanpwen okenn bri ki sòti nan gòj yo.
8Sila ki mete konfyans nan yo va tankou yo.
Wi, tankou tout moun ki fè yo konfyans yo.
9O Israël, mete konfyans ou nan SENYÈ a!
Se Li menm ki sekou ak boukliye yo.
10O lakay Aaron, mete konfyans ou nan SENYÈ a;
Se Li menm ki sekou ak boukliye yo.
11Nou menm ki gen lakrent SENYÈ a,
mete konfyans nou nan SENYÈ a.
Se Li menm ki sekou yo ak boukliye yo.
12SENYÈ a te toujou sonje nou.
Li va beni nou.
Li va beni lakay Israël la.
Li va beni lakay Aaron an.
13Li va beni sila ki krent SENYÈ yo,
piti kon gran.
14Ke SENYÈ a kab fè nou grandi plis,
nou menm ak pitit nou yo.
15Ke nou ta vin beni pa SENYÈ a,
Kreyatè syèl la ak tè a.
16Syèl yo se Syèl SENYÈ a,
Men latè, Li te bay li a fis a lòm yo.
17Mò yo pa louwe SENYÈ a,
ni sila ki desann antre nan silans yo.
18Men nou va beni SENYÈ a,
soti nan moman sa a e rive jis pou tout tan.
Louwe SENYÈ a!
Você sabia?
Confiança no Deus Vivo em Vez de Ídolos Inanimados
- O salmo estabelece um contraste marcante entre o Deus de Israel, que habita nos céus e faz tudo o que Lhe agrada, e os ídolos das nações vizinhas, esculpidos em prata e ouro por mãos humanas, desprovidos de fôlego, visão, fala e movimento.Fontes: o próprio texto bíblico
- O apelo à confiança no Senhor é estruturado em três grupos: toda a nação de Israel, a casa de Arão (a linhagem sacerdotal descendente do irmão de Moisés, da tribo de Levi) e todos os que temem ao Senhor, incluindo pequenos e grandes.Fontes: Aaron · o próprio texto bíblico
- Refletindo a perspectiva do antigo Israel, o salmo ressalta que o reino dos mortos é um lugar de silêncio onde Deus não é mais louvado, tornando a dádiva da vida terrena a oportunidade essencial para os vivos bendizerem ao Senhor.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org