Salmos 107
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
LIV 5
1O bay remèsiman a Bondye, paske Li Bon,
paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan.
2Kite rachte a SENYÈ yo pale: “Se sa!”
Sila ke Li fin rachte soti nan men advèsè a,
3e te ranmase soti nan peyi yo,
soti nan lès e soti nan lwès,
soti nan nò e soti nan sid.
4Yo te mache egare nan dezè yo.
Yo pa t jwenn yon vil pou yo ta rete.
5Yo te grangou ak swaf.
Nanm yo te fennen anndan yo.
6Yo te kriye fò a SENYÈ a nan gran twoub yo,
Konsa, Li te delivre yo sòti nan twoub yo.
7Anplis, Li te mennen yo pa yon chemen dwat,
pou rive nan yon vil ki deja etabli ak moun ladann.
8Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a,
pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
9Paske Li te satisfè nanm swaf la, e
nanm grangou a, Li te ranpli li ak sa ki bon.
10Te gen sila ki te viv nan tenèb yo ak nan lonbraj lanmò yo,
Prizonye yo nan mizè ak chenn yo,
11akoz yo te fè rebèl kont pawòl Bondye a,
e te meprize konsèy a Pi Wo a.
12Akoz sa, Li te imilye kè yo ak travay fòse.
Yo te chape tonbe e pa t gen moun ki pou bay yo sekou.
13Epi nan gwo pwoblèm yo, yo te rele fò a SENYÈ a.
Li te delivre yo sòti nan gwo twoub yo.
14Li te mennen yo sòti nan tenèb la,
nan lonbraj lanmò a, e te kase chire kòd li yo.
15Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou
Lanmou dous Li a ak pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
16Paske Li te kraze pòtay an bwonz yo,
e te koupe ba fè yo.
17Yo te vin fou nèt nan rebelyon yo
e akoz inikite yo, yo te aflije.
18Nanm yo te rayi tout kalite manje
e yo te rive toupre pòtay lanmò yo.
19Konsa yo te kriye fò a SENYÈ a nan gran mizè yo,
e Li te sove yo sòti nan gwo pwoblèm yo.
20Li te voye pawòl Li pou te geri yo,
pou te delivre yo sòti nan destriksyon yo.
21Kite yo bay remèsiman pou Lanmou dous Li a,
ak mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
22Anplis, kite yo ofri sakrifis a remèsiman yo
e pale sou afè zèv Li yo ak chan lajwa.
23Sila ki desann bò kote lanmè nan bato yo,
ki fè komès sou gwo dlo yo,
24yo te konn wè zèv SENYÈ yo,
avèk mèvèy Li yo nan gran fon an.
25Paske Li te pale e fè leve yon gwo van tanpèt,
ki te fè leve gwo vag lanmè yo.
26Yo te leve jis rive nan syèl yo e te desann jis rive nan fon yo.
Nanm yo te fann avèk mizè.
27Yo te gaye, bite tankou moun sou.
Yo te fin about nèt.
28Yo te kriye a Bondye nan mizè yo,
e Li te mennen yo sòti nan twoub yo.
29Li te fè tanpèt la vin kalm,
jiskaske vag lanmè yo te vin kalm.
30Konsa, yo te kontan akoz yo te kalme,
e Li te gide yo pou rive nan pò ke yo te pito a.
31Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a,
pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
32Kite yo leve L wo, anplis, nan asanble a pèp la,
e beni Li nan asanble ansyen yo.
33Li chanje rivyè yo vin tounen dezè,
e sous dlo yo an tè deseche.
34Yon tè fètil vin tounen savann tè sale,
akoz mechanste a sila ki rete ladann yo.
35Li chanje dezè a vin tounen gwo sous dlo,
e tè deseche a an sous k ap koule.
36Epi la, li fè moun grangou yo vin rete,
pou yo vin etabli yon vil ki plen moun,
37pou yo ka plante chan yo,
plante chan rezen yo,
e ranmase yon gwo rekòlt.
38Anplis, Li beni yo!
Yo miltipliye anpil,
e li pa kite bèt chan pa yo bese.
39Lè yo vin febli, koube nèt,
akoz opresyon avèk mizè ak tristès,
40Li vide wont sou prens yo e
fè yo vin mache egare nan yon savann ki san chemen.
41Men Li fè malere a chita wo ansekirite,
byen lwen tout afliksyon,
e fè fanmi li yo byen pwoteje kon yon twoupo.
42Moun dwat yo wè l e yo kontan.
Men tout mechan yo fèmen bouch yo.
43Se kilès ki saj? Kite li bay atansyon a bagay
sa yo e konsidere lanmou dous SENYÈ a.

Você sabia?
Ação de graças por libertação nas aflições
- O Salmo 107 retrata quatro grupos distintos em perigo extremo: viajantes perdidos em desertos sem água, prisioneiros em masmorras escuras, enfermos à beira da morte e mercadores marítimos apanhados por uma tempestade violenta. Em cada crise, os aflitos clamam por socorro e são resgatados.Fontes: o próprio texto bíblico
- O salmo emprega um refrão poético estruturado e repetitivo em cada cenário. Cada libertação é seguida por um apelo idêntico para que os resgatados deem graças pela constante misericórdia e pelas maravilhas do Senhor.Fontes: o próprio texto bíblico
- A seção final descreve reversões dramáticas tanto na natureza quanto na sociedade. Terras férteis tornam-se desertos áridos e terras secas transformam-se em mananciais, enquanto nobres opressores são humilhados e os necessitados são exaltados.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org