Nations Bible

Salmos 106

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Louwe SENYÈ a!

O bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon,

paske lanmou dous Li an se pou tout tan.

2Se kilès ki kab pale sou zèv pwisan a SENYÈ yo,

Oswa fè vin parèt tout lwanj Li yo?

3A la beni sila ki kenbe jistis yo beni.

Beni se sila ki pratike ladwati nan tout tan yo!

4Sonje mwen, O SENYÈ, nan favè Ou anvè pèp Ou a.

Vizite mwen avèk sali Ou,

5pou m kab wè sila ke Ou te chwazi yo byen reyisi;

pou m kab rejwi nan kè kontan a nasyon Ou an,

pou m ka bay glwa de eritaj Ou.

6Nou te peche menm jan ak papa zansèt nou yo.

Nou te fè inikite; nou te aji mal.

7Papa zansèt nou yo an Égypte pa t konprann mèvèy Ou yo.

Yo pa t sonje lanmou dous Ou,

men yo te fè rebèl bò lanmè a, nan Lanmè Wouj la.

8Sepandan, Li te sove yo pou koz non Li,

pou L te kab fè pwisans Li rekonèt.

9Konsa, Li te repwoche Lanmè Wouj, e li te vin sèch,

Li te mennen yo pase nan fon yo,

menm jan yo te pase nan dezè a.

10Konsa, Li te sove yo depi nan men a sila ki te rayi yo,

e te rachte yo soti nan men a lènmi an.

11Dlo yo te kouvri advèsè yo.

Nanpwen nan yo ki te rete.

12Nan lè sa a, yo te kwè nan pawòl Li yo.

Yo te chante lwanj Li.

13Men byen vit, yo te bliye zèv Li yo.

Yo pa t tann konsèy Li,

14men yo te vin gen gwo anvi nan savann nan,

e te pase Bondye a leprèv nan dezè a.

15Pou sa, Li te ba yo sa yo te mande a,

men te voye yon maladi epwizan pami yo.

16Yo te vin jalou a Moïse nan kan an,

ak Aaron, fidèl sen a SENYÈ a.

17Akòz sa a,tè a te louvri vale Dathan,

epi te anglouti tout konpanyen Abiram yo.

18Konsa, yon gwo dife te vin monte nan mitan konpanyen yo.

Flanm nan te manje mechan yo.

19Yo te fè yon jèn bèf nan Horeb.

Yo te adore yon imaj fonn.

20Yo te fè echanj glwa yo pou imaj a yon bèf ki manje zèb.

21Yo te bliye Bondye, sovè yo a,

ki te fè gwo bagay an Égypte yo,

22mèvèy nan peyi Cham yo, ak bagay mèvèy bò Lanmè Wouj la.

23Akoz sa, Li te di Li ta detwi yo,

men se te Moïse ki te kanpe nan brèch la devan Li,

pou detounen kòlè Li pou l pa t detwi yo.

24Alò, yo te meprize bèl peyi a.

Yo pa t kwè nan pawòl Li,

25men te plenyen nan tant yo.

Yo pa t koute vwa SENYÈ a.

26Akoz sa, Li te sèmante a yo ke Li ta jete yo nan dezè a,

27ke Li ta voye desandan yo pami nasyon yo,

e gaye yo nan peyi yo.

28Yo te vin jwenn yo menm, anplis, ak Baal-Peor,

pou manje sakrifis ki te ofri a mò yo.

29Konsa, yo te pwovoke Li a lakòlè ak zèv yo.

E yon epidemi te kase vin parèt nan mitan yo.

30Epi Phinées te kanpe pou te entèsede,

epi epidemi an te vin sispann.

31Sa a te konte a li menm kon ladwati,

pou tout jenerasyon yo jis pou tout tan.

32Anplis, yo te pwovoke Li a lakòlè bò dlo Meriba yo,

Jiskaske sa te sòti byen mal pou Moïse sou kont yo.

33Akoz yo te fè rebèl kont Lespri Li a,

Li te pale san reflechi avèk lèv li.

34Yo pa t detwi lòt pèp yo, jan SENYÈ a te kòmande yo a,

35men yo te fè melanj ak nasyon yo.

Yo te aprann abitid yo.

36Yo te sèvi zidòl yo, ki te devni yon pèlen pou yo.

37Se te menm pwòp fi ak fis yo ke yo ofri kon sakrifis a dyab yo.

38Yo te vèse san inosan, san a pwòp fis ak fi yo,

ke yo te bay kon sakrifis a zidòl Canaan yo.

Peyi a te kontamine nèt ak san.

39Konsa, yo te vin pa pwòp nan abitid yo,

e te jwe pwostitiye nan zèv yo.

40Akoz sa, kòlè SENYÈ a te limen kont pèp Li a.

Li te vin rayi eritaj Li a.

41Konsa, Li te bay yo nan men a nasyon yo,

pou sila ki te rayi yo vin renye sou yo.

42Lènmi yo, anplis, te oprime yo,

e yo te oblije soumèt anba pouvwa yo.

43Anpil fwa, Li te delivre yo.

Malgre, yo menm te plen rebelyon nan konsèy yo,

e te plonje desann nan inikite yo.

44Sepandan, Li te gade twoub yo lè Li te tande kri yo.

45Li te vin sonje akò Li pou koz yo menm,

e te vin ralanti selon grandè lanmou dous Li a.

46Anplis, Li te fè yo resevwa mizerikòd Li,

menm nan men a tout nasyon ki te fè yo prizonye yo.

47Sove nou, O SENYÈ, Bondye nou an.

Ranmase nou pami nasyon yo,

pou bay remèsiman a non sen Ou an,

avèk viktwa ki sòti nan lwanj Ou yo.

48Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la,

pou tout tan jis pou tout tan.

Kite tout pèp la di: “Amen.”

Louwe SENYÈ a!

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A história de rebelião e misericórdia de Israel

  • O Salmo 106 revisita momentos decisivos do Êxodo e da peregrinação no deserto como uma confissão comunitária de pecados. O texto destaca episódios como a rebelião no mar Vermelho, o bezerro de ouro feito em Horebe e a revolta de Datã e Abirão, que foram tragados pela terra.Fontes: o próprio texto bíblico · Horeb · Dathan · Abiram (son of Eliab)
  • O salmo menciona a adoração a Baal-Peor, divindade moabita associada ao monte Peor. Durante essa crise, Fineias, filho de Eleazar, interveio para conter uma praga devastadora, ato lembrado nas Escrituras como fidelidade duradoura.Fontes: o próprio texto bíblico · Baal-peor · Phinehas (Levite)
  • O Egito é chamado poeticamente de terra de Cão nos versículos 21 e 22. Na genealogia bíblica, Cão era filho de Noé, cujos descendentes foram associados ao Egito e a regiões vizinhas.Fontes: o próprio texto bíblico · Ham · Egypt

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 7, 21
  • Mount Horeb · Hoje: Jebel Musa · 28.540, 33.973 · versículo 19
  • Ham · Hoje: Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 22
  • Peor · Hoje: within 1 km of Khirbet Ayun Musa · 31.777, 35.738 · versículo 28
  • Meribah · Hoje: Ain el Qudeirat · 30.648, 34.422 · versículo 32
  • Canaan · 32.767, 35.333 · versículo 38

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.