Provérbios 5
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Fis mwen an, fè atansyon a sajès mwen,
apiye zòrèy ou vè bon konprann mwen;
2pou ou kab kenbe sajès
e pou lèv ou ka konsève konesans.
3Paske lèv a fanm adiltè a degoute siwo,
e pale li pi dous pase lwil;
4men a lafen, li vin anmè pase kou fyèl,
epi file kon yon nepe ki koupe de bò.
5Pye li yo desann vè lanmò
e pa li yo kenbe fèm nan chemen Sejou mò yo.
6Li pa reflechi sou pa lavi a;
vwa li yo pa stab; li pa rekonèt bagay sa a.
7Alò, fis mwen yo, koute mwen,
e pa bliye pawòl a bouch mwen yo.
8Kenbe wout ou byen lwen li, e
pa pwoche toupre pòt lakay li.
9Oswa ou va bay fòs ou a lòt yo
ak ane ou yo a mechan an.
10Konsa, etranje yo va ranpli ak fòs ou,
e byen yo ke ou te ranmase ak swè ou,
va rive lakay a yon etranje.
11Epi ou va plenyen nan gòj
lè dènye moman lavi ou rive,
lè chè ou ak kò ou fin manje nèt.
12Ou va di: “Ki jan mwen te rayi enstriksyon!
Ak “Ki jan kè m te rayi repwòch!
13Mwen pa t koute vwa a sa yo kap enstwi m yo,
ni mwen pa t panche zòrèy mwen vè mèt mwen yo.
14Mwen te prèt pou fini nèt nan mitan asanble a ak kongregasyon an.”
15Bwè dlo nan pwòp sitèn pa ou e dlo fre nan pwi pa ou.
16Èske sous ou yo dwe dispèse nan peyi etranje,
kon vwa dlo k ap kouri nan lari yo?
17Kite yo pou ou sèl, e pa pou etranje yo avèk ou yo.
18Kite fontèn dlo ou a rete beni,
e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.
19Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan,
kite tete li yo satisfè ou tout tan.
Rete debòde nèt ak lanmou li.
20Paske poukisa fis mwen an,
ou ta dwe renmen ak yon fanm adiltè,
e anbrase lestonmak a yon etranje?
21Paske chemen a yon nonm se devan zye a SENYÈ a,
e Li veye tout pa li yo.
22Pwòp inikite a mechan an va kaptire li.
Li va kole nan kòd a pwòp peche pa li.
23Li va mouri akoz mank enstriksyon,
e nan grandè foli li, li va vin egare.

Você sabia?
Sabedoria, fidelidade e os perigos da sedução
- A passagem emprega fontes domésticas de água, como a cisterna e o poço próprios, como metáforas para a intimidade conjugal e a fidelidade. O mestre aconselha a buscar a satisfação no próprio lar em vez de permitir que suas fontes e correntes se espalhem pelas ruas e praças públicas.Fontes: o próprio texto bíblico
- O discurso sedutor é contrastado com suas consequências: embora suas palavras sejam descritas como doces como o mel e suaves como o azeite, o resultado final é amargo como o absinto, cortante como espada de dois gumes e condutor à morte e ao Seol.Fontes: o próprio texto bíblico
- A advertência destaca os custos práticos e espirituais da infidelidade, desde a perda de bens e vigor físico até a vergonha diante da assembleia pública, lembrando que todos os caminhos humanos são observados pelo SENHOR.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org