Provérbios 4
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa,
e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,
2Paske mwen bay ou bon konsèy;
pa abandone enstriksyon mwen.
3Lè m te yon jenn timoun ak papa m,
byen jenn e sèl fis devan zye a manman m,
4Alò, li te enstwi mwen e te di mwen:
“Kite kè ou kenbe fèm a pawòl mwen;
kenbe lòd mwen yo pou ou viv.
5Vin ranmase sajès!
Ranmase bon konprann!
Pa bliye, ni pa vire kite pawòl a bouch mwen yo.
6Pa abandone li e li va pwoteje ou;
renmen li e li va veye sou ou.
7Men sa ki kòmansman sajès la:
Ranmase sajès!
Epi avèk sa ou rasanble a,
chache bon konprann.
8Mete valè li wo e li va fè ou leve;
li va bay ou onè si ou anbrase l.
9Li va poze sou tèt ou yon kouwòn lagras;
li va prezante ou avèk yon kouwòn byen bèl.”
10Tande, fis mwen an, vin dakò ak pawòl mwen yo,
e lane lavi ou yo va vin byen long.
11Mwen te dirije ou nan chemen sajès la;
mwen te kondwi ou nan pa ladwati yo.
12Lè ou mache, pa ou yo p ap jennen;
epi si ou kouri, ou p ap glise tonbe.
13Pran enstriksyon; pa lage menm.
Pwoteje li paske li se lavi ou.
14Pa antre nan chemen mechan yo,
e pa avanse nan vwa malfektè yo.
15Evite li, pa pase kote li;
vire kite li e ale byen lwen.
16Paske, yo p ap kab dòmi si yo pa fè mal;
epi dòmi vin vòlè soti nan zye yo
si yo pa fè lòt glise tonbe.
17Paske yo manje pen a malveyan yo
e bwè diven vyolans.
18Men pa a moun dwat yo se tankou limyè granmmaten
ki briye pi fò e pi fò jiskaske li vin fè jou nèt.
19Chemen mechan yo tankou tenèb;
yo pa konnen sou kisa pou yo tonbe.
20Fis mwen an, prete atansyon a pawòl mwen yo;
panche zòrèy ou vè diskou mwen yo.
21Pa kite yo vin disparèt devan zye ou;
kenbe yo nan fon kè ou.
22Paske yo se lavi a sila ki jwenn yo,
ak lasante a tout kò yo.
23Veye sou kè ou ak tout dilijans;
paske de li, sous lavi yo koule.
24Mete lwen de ou yon bouch manti
e mete tout pawòl foub byen lwen ou.
25Kite zye ou gade tou dwat devan
e kite vizyon ou konsantre devan nèt.
26Veye wout pye ou konn pran
e tout chemen ou yo va byen etabli.
27Pa vire ni adwat ni agoch;
fè pye ou vire kite mal.
Você sabia?
A Transmissão da Sabedoria e os Dois Caminhos
- O autor apresenta sua instrução como uma herança familiar, recordando como seu próprio pai e sua mãe o ensinaram quando ele ainda era jovem e filho único. Isso destaca a prática antiga de transmitir sabedoria moral e prática de geração em geração.Fontes: o próprio texto bíblico
- O capítulo contrasta a vida dos justos e a dos ímpios usando a metáfora da luz e da escuridão. O caminho do justo é comparado à primeira luz da alvorada que brilha cada vez mais até o meio-dia, enquanto o caminho dos ímpios é como a mais densa escuridão, na qual tropeçam sem saber o motivo.Fontes: o próprio texto bíblico
- O texto enfatiza o cuidado com a vida interior, exortando o ouvinte a guardar o coração como a fonte da vida antes de dar orientações práticas sobre o falar, o olhar e os passos.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org