Nations Bible

Provérbios 23

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Lè ou chita sou tab ak yon moun ki gouvènè,

konsidere byen sa ki devan ou.

2Konsa, mete yon kouto sou gòj ou

si ou se yon nonm ak gwo lanvi.

3Pa dezire bon manje sa yo,

paske se yon repa desepsyon.

4Pa fatige kò ou pou jwenn richès;

sispann reflechi sou sa.

5Depi ou mete zye ou sou li, l ale.

Paske, anverite, li gen zèl kon yon èg

k ap vole vè syèl yo.

6Pa manje pen a yon mesye ki chich,

ni anvi bèl bagay li;

7paske jan li panse nan tèt li a, se konsa li ye.

Li di ou: “Manje e bwè!” Men kè li pa avè w.

8Ou va vomi mòso ke ou te manje a

e gaspiye tout bèl pawòl ou yo.

9Pa pale nan zòrèy a moun sòt,

paske l ap meprize sajès a pawòl ou yo.

10Pa deplase ansyen bòn nan,

ni antre nan chan òfelen yo,

11Paske Redanmtè yo a pwisan.

Li va plede ka yo kont ou.

12Aplike kè ou a disiplin

ak zòrèy ou a pawòl ki pote konesans.

13Pa ralanti disiplin sou yon timoun;

malgre ou frape li ak yon baton, li p ap mouri.

14Ou va frape li ak baton

pou delivre nanm li de sejou mò yo.

15Fis mwen an, si kè ou saj,

pwòp kè m va kontan tou.

16Wi, jis anndan m va rejwi

lè lèv ou pale sa ki dwat.

17Pa kite kè ou fè lanvi pechè yo,

men viv nan lakrent SENYÈ a tout tan.

18Anverite, gen davni,

e espwa ou p ap anile.

19Koute, fis mwen an, vin saj

pou dirije kè ou nan chemen an.

20Pa bwè twòp diven,

ni fè voras nan manje vyann;

21paske sila ki bwè twòp la ak moun voras la va vin pòv;

e dòmi nan zye a va fè l abiye ak vye twal chire.

22Koute papa ou ki te fè ou a,

e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.

23Achte verite e pa vann li!

Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.

24Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil,

e sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.

25Kite papa ou ak manman ou fè kè kontan;

kite fanm ki te fè ou a, rejwi.

26Ban m kè ou, fis mwen an;

kite zye ou fè kè kontan nan chemen mwen yo.

27Paske yon pwostitiye se yon fòs byen fon,

e yon fanm adiltè se yon ti pwi etwat.

28Anverite, li kache veye tankou vòlè,

pou l ogmante enfidelite pami lòm.

29Se kilès ki gen gwo pwoblèm?

Se kilès ki gen tristès?

Se kilès ki gen konfli?

Se kilès k ap plenyen?

Se kilès ki blese san rezon?

Se kilès ki gen zye wouj?

30Sila ki mize sou diven an,

sila ki ale goute diven mele an.

31Pa gade diven an lè l wouj,

lè l fè klè nan tas la,

lè l desann byen dous.

32Nan dènye moman an, li mòde tankou sèpan;

li brile tankou bouch koulèv.

33Zye ou va wè bagay ki dwòl,

e panse ou va twouble anpil.

34Ou va tankou yon moun ki kouche nan mitan lanmè,

oswa tankou yon moun ki kouche sou ma batiman.

35“Yo te frape m, men mwen pa t santi anyen!

Yo te bat mwen, men mwen pa t konnen sa!

Lè m leve, m ap chache pou m kab bwè ankò.”

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Advertências e orientações para uma vida sábia

  • O capítulo recomenda extrema cautela e autocontrole ao comer com governantes ou anfitriões mesquinhos. Ele adverte que a hospitalidade generosa pode ser enganosa ou calculada secretamente por alguém cujo coração não é verdadeiramente generoso.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O texto proíbe expressamente mudar os marcos de limites antigos ou confiscar a propriedade dos órfãos. Ele adverte que essas pessoas vulneráveis têm um forte Redentor que defenderá a causa delas contra os opressores.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Provérbios 23 apresenta uma descrição vívida dos perigos do consumo excessivo de bebida, comparando o vinho a uma serpente que pica como uma víbora. O texto retrata a embriaguez por meio de desorientação, alucinações, insensibilidade a ferimentos e o ciclo vicioso de buscar outro gole.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.