Provérbios 22
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Yon bon non pi bon pase tout richès;
e favè Bondye, pase ajan ak lò.
2Rich la ak malere a mare ansanm;
se SENYÈ a ki fè yo tout.
3Sila ki reflechi, wè mal e kache kò li;
men ensanse yo antre ladann e jwenn pinisyon.
4Rekonpans pou imilite avèk lakrent SENYÈ a
se richès, bon repitasyon, ak lavi.
5Pikan ak pèlen se nan chemen a pèvès yo;
sila ki veye nanm li, va rete lwen yo.
6Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,
e lè li vin gran, li p ap kite li;
menm lè l granmoun, li p ap kite li.
7Rich yo domine sou pòv yo,
e moun ki prete vin esklav a sila k ap bay prè a.
8Sila ki simen inikite a va rekòlte vanite;
e baton kòlè li a va detwi.
9Sila ki bay ak men louvri va beni;
paske li bay manje a malere.
10Mete moun k ap moke moun yo deyò,
e diskisyon an prale tou;
wi, konfli ak dezonore moun ap sispann.
11Sila ki renmen kè ki san tach
e ki pale ak gras, va zanmi a wa a.
12Zye a SENYÈ a konsève konesans;
men Li boulvèse pawòl moun malveyan yo.
13Parese a di: “Gen yon lyon deyò a;
m ap mouri nan lari!”
14Bouch a fanm adiltè a se yon fòs byen fon;
sila ke SENYÈ a modi va tonbe ladann.
15Foli mare nan kè a yon timoun;
baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.
16Sila ki oprime malere a pou ogmante tèt li;
ni sila k ap fè kado a rich yo, va rive nan povrete.
17Apiye zòrèy ou pou tande pawòl a saj yo;
epi aplike ou a konesans mwen.
18Paske sa va byen agreyab pou ou
si ou kenbe yo anndan ou, pou yo toujou prè sou lèv ou.
19Pou konfyans ou kapab nan SENYÈ a,
mwen te enstwi ou jodi a, menm ou menm nan.
20Èske mwen pa t ekri ou trant bèl bagay,
de konsèy ak konesans yo?
21Pou fè ou konnen vre pawòl verite yo,
pou ou kab byen reponn sila ki te voye ou a?
22Pa vòlè malere a paske li pòv,
ni kraze aflije nan pòtay la;
23paske, SENYÈ a va plede ka yo
e pran lavi a sila ki vòlè yo.
24Pa asosye ak yon nonm ki livre a kòlè;
oswa ale ak yon moun kolerik,
25sinon, ou va aprann mès li yo
e jwenn yon pèlen pou tèt ou.
26Pa konte pami sila ki sèvi kon garanti yo,
pami sila ki fè sekirite pou dèt yo.
27Si ou pa gen mwayen pou ou kab peye,
poukisa ou ta kite l rale kabann nan sòti anba ou?
28Pa deplase ansyen bòn
ke papa zansèt nou yo te mete a.
29Èske ou wè yon nonm byen abil nan travay li?
Li va kanpe devan wa yo;
li p ap oblije kanpe devan nenpòt kalite vye moun.
Você sabia?
Sabedoria, integridade e justiça social
- Provérbios 22:17–21 marca uma transição evidente no livro, introduzindo uma coleção descrita como trinta ditados de conselho e conhecimento para orientar o leitor na verdade e na confiança no SENHOR.Fontes: o próprio texto bíblico
- A advertência no versículo 22 para não oprimir o aflito junto à porta faz referência à porta da cidade, que funcionava como o principal espaço público para julgamentos, decisões cívicas e comércio no mundo antigo.Fontes: o próprio texto bíblico
- O versículo 28 proíbe mudar de lugar os antigos marcos de divisa postos pelas gerações passadas. Essas pedras demarcavam os limites das propriedades, e deslocá-las era uma forma de roubo que privava famílias vulneráveis de suas terras.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org