Nations Bible

Números 3

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò sa yo se chif desandan a Aaron avèk Moïse nan tan lè SENYÈ a te pale avèk Moïse sou Mòn Sinaï a.

2Sa yo se non a fis Aaron yo: Nadab, premye ne a, Abith, Éléazar ak Ithamar. 3Sa yo se non a fis Aaron yo, prèt onksyone ke li te konsakre pou sèvi kòm prèt yo. 4Men Nadab avèk Abihu te mouri devan SENYÈ a lè yo te ofri dife etranje devan SENYÈ a nan dezè Sinaï a. Yo pa t gen pitit. Konsa, Éléazar avèk Ithamar te sèvi kòm prèt pandan papa yo, Aaron, t ap viv.

5Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 6“Mennen tribi Levi a vin pre ou, e fè yo chita devan Aaron, prèt la, pou yo kapab sèvi li. 7Yo va ranpli devwa pou li ak pou tout kongregasyon an devan tant asanble a, pou fè sèvis tabènak la. 8Yo va osi kenbe tout zafè ki founi tant asanble a, ansanm avèk devwa a fis Israël yo, pou fè sèvis tabènak la. 9Konsa ou va bay Levit yo a Aaron avèk fis li yo; yo va bay nèt a li pami fis Israël yo. 10Konsa, ou va chwazi Aaron avèk fis li yo pou yo kapab ranpli fonksyon prèt yo, men nenpòt lòt moun ki pwoche va vin mete a lanmò.”

11Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 12“Alò, veye byen, Mwen te pran Levit yo pami fis Israël yo olye de chak premye ne, premye bebe a chak vant pami fis Israël yo. Konsa, Levit yo se pa M. 13Paske, tout premye ne se pa M yo ye. Nan jou ke M te frape tout premye ne nan peyi Égypte yo, Mwen te sanktifye pou Mwen menm tout premye ne an Israël yo soti nan lòm pou rive nan bèt yo. Yo va pou Mwen; Mwen se SENYÈ a.”

14Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse nan dezè Sinaï a. Li te di: 15“Konte fis a Levi yo selon lakay papa pa yo, pa fanmi yo; tout gason soti nan laj a yon mwa oswa plis, ou va konte yo.” 16Alò, Moïse te konte yo selon pawòl a SENYÈ a, jis jan ke li te kòmande a.

17Konsa, se sa yo ki te fis a Levi yo pa non yo: Guerschon, Kehath, ak Merari.

18Sa se non a fis a Guerschon yo selon fanmi pa yo: Libni ak Schimeï; 19Fis a Kehath yo selon fanmi pa yo: Amram, Jitsehar, Hébron ak Uziel; 20Fis a Merari yo selon fanmi pa yo: Machli ak Muschi. Sa yo se fanmi Levit yo selon lakay papa pa yo.

21Nan Guerschon te sòti fanmi a Libni yo ak fanmi a Schimeï yo. Sa yo se te fanmi a Gèchonit yo. 22Nan mesye konte yo tout gason soti nan yon mwa oswa plis te vin konte nan sèt-mil-senk-san (7,500). 23Fanmi a Gèchonit yo te toujou gen pou fè kan dèyè tabènak la nan kote lwès la. 24Chèf a lakay papa yo pami Gèchonit yo te Élaisaph, fis a Laël la. 25Alò, devwa a fis Guerschon yo nan tant asanble a se te tabènak la avèk tant lan, kouvèti li, rido pòtay tant asanble a, 26bagay pandye sou galeri a, ki antoure tabènak la ak lotèl la, e kòd li yo avèk tout sèvis konsènan li yo.

27Nan Kehath, te sòti fanmi a Amramit yo, fanmi Jitseharit yo, fanmi Ebwonit yo avèk fanmi Izyelit yo. Sila yo se te fanmi a Kehath yo. 28Nan konte tout gason nan laj yon mwa oswa plis, te gen ui-mil-sis-san (8,600) ki t ap fè devwa sanktyè a. 29Fanmi a Kehath yo te gen pou fè kan nan kote sid a tabènak la, 30epi chèf a tout kay papa yo pou Kehath yo se te Élitsaphan, fis a Uziel la. 31Alò, devwa pa yo se te lach la, tab la, chandelye a, lotèl yo, tout zouti pou sèvis sanktyè a, rido a, ak tout sèvis ki fèt avèk yo. 32Éléazar, fis a Aaron an se te chèf an tèt a chèf Levit yo, e li te responsab pou tout sila ki te fè devwa sanktyè a.

33Nan Merari, te sòti fanmi a Machli yo ak fanmi Muschi yo. Se sa yo ki te fanmi a Merari yo. 34Mesye pa yo ki te konte pa tout gason ak laj yon mwa oswa plis yo, te si-mil-de-san (6,200). 35Chèf a lakay papa Merari yo se te Tsuriel, fis a Abihaïl la. Yo te gen pou fè kan sou kote nò a tabènak la. 36Alò, devwa a fis Merari yo se te pou okipe ankadreman tabènak la, poto li yo, baz reseptikal li yo, tout bagay sa yo avèk sèvis ki konsène yo, 37ak pilye ki antoure galeri a, avèk baz reseptikal pa yo avèk pikèt ak kòd yo.

38Alò, sila ki te gen pou fè kan devan tabènak la vè lès la devan tant asanble a, vè solèy leve a, se te Moïse avèk Aaron avèk fis li yo, ki pou fè devwa sanktyè yo, pou ranpli obligasyon a fis Israël yo. Men nenpòt moun ki pa prèt va vin mete a lanmò si li vin toupre.

39Tout mesye ki te konte pami Levit yo, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmand a SENYÈ a, pa fanmi pa yo, tout gason ki te gen yon mwa oswa plis, te venn-de-mil (22,000).

40Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: “Konte tout gason, premye ne pami fis Israël yo soti nan laj yon mwa oswa plis, e fè yon chif ak non yo. 41Ou va pran Levit yo pou Mwen—Mwen se SENYÈ a—olye de premye ne pami fis Israël yo; ak bèt a Levit yo olye de tout premye ne nan bèt a fis Israël yo.”

42Konsa, Moïse te konte tout premye ne pami fis Israël yo, jan SENYÈ a te kòmande li a. 43Tout premye ne nan gason yo soti nan laj a yon mwa oswa plis, mesye ki te konte pou yo te venn-de-mil-de-san-swasann-trèz22,273 44SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 45“Pran Levit yo olye de tout premye ne pami fis Israël yo ak bèt a Levit yo olye bèt pa yo. Konsa, Levit yo va pou Mwen: Mwen se SENYÈ a. 46Pou ranson a de-san-swasann-trèz (273) nan premye ne an Israël ki plis ke Levit yo, 47ou va pran senk sik pou chak, pa tèt. Ou va pran yo an valè sik sanktyè a (sik la se ven gera), 48epi bay Aaron avèk fis li lajan an ki te peye pou ranson pa Levit yo.”

49Moïse te pran lajan ranson an ki sòti nan sila ki te anplis sila ki te ransonen pa Levit yo; 50nan men a premye ne a fis Israël yo, li te pran lajan an an valè sik sanktyè a, mil-twa-san-swasann-senk (1,365) sik. 51Epi Moïse te bay lajan ranson an bay Aaron avèk fis li yo, selon kòmand a SENYÈ a, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Os Levitas e os Primogênitos

  • Os levitas foram designados por Deus para auxiliar Arão e seus filhos no serviço do tabernáculo em lugar de todos os primogênitos de Israel, consagrados quando Deus feriu os primogênitos no Egito. Como os primogênitos israelitas somavam 22.273 e os levitas 22.000, um valor de resgate de cinco siclos por pessoa foi recolhido para os 273 excedentes e entregue aos sacerdotes.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Os levitas foram organizados de acordo com os três filhos de Levi: Gérson, Coate e Merari. Cada clã tinha uma posição de acampamento ao redor do tabernáculo e funções específicas: os gersonitas cuidavam dos tecidos e cortinas, os coatitas transportavam a mobília sagrada como a arca e o candelabro, e os meraritas cuidavam da estrutura pesada de armações, colunas e bases.Fontes: o próprio texto bíblico · Gershon · Kohath · Merari
  • Os dois filhos mais velhos de Arão, Nadabe e Abiú, haviam morrido perante o Senhor no deserto do Sinai ao oferecerem fogo não autorizado, sem deixar filhos. Com isso, apenas os filhos mais jovens, Eleazar e Itamar, serviram como sacerdotes durante a vida de Arão, sendo Eleazar designado como líder dos chefes levitas.Fontes: o próprio texto bíblico · Aaron · Nadab

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Wilderness of Sinai · Hoje: about 50 km around Jebel Musa · 28.540, 33.973 · versículos 4, 14
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 13

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.