Nations Bible

Números 2

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 2Fis Israël yo va fè kan, chak bò kote pwòp drapo pa yo, avèk drapo lakay papa zansèt pa yo. Yo va fè kan antoure tant asanble a, a yon distans.

3Alò, sila ki fè kan nan kote lès la vè solèy leve yo va sila nan drapo kan an Juda yo, selon lame pa yo. Chèf dirijan a fis Juda yo vaNachschon, fis a Amminadab la, 4avèk lame pa li. Men mesye ki te konte yo, swasann-katòz-mil-sis-san (74,600).

5Sila ki fè kan bò kote li yo va nan tribi Issacar. Chèf dirijan an va Nethaneel, fis a Tsuar a, 6avèk lame pa li. Mesye ki te konte yo te senkant-kat-mil-kat-san (54,400).

7Sila a va swiv pa Zabulon, avèk chèf dirijan fis Zabulon yo: Eliab, fis a Hélon an, 8avèk lame pa li, men mesye ki te konte yo, senkant-sèt-mil-kat-san (57,400).

9Total a mesye ki te konte nan kan Juda a te: san-katreven-si-mil-kat-san (186,400) selon lame pa yo. Yo va sòti avan.

10Nan kote sid la va gen drapo a kan Ruben an selon lame pa yo. Chèf a fis Ruben yo te: Élitsur fis a Schedéur a, 11avèk lame pa li. Men mesye ki konte yo, karant-si-mil-senk-san (46,500).

12Sila ki fè kan bò kote li yo va nan tribi Siméon. Chèf a fis Siméon yo te: Schelumiel, fis a Tsurischaddaï la, 13avèk lame pa li. Mesye ki te konte yo te senkant-nèf-mil-twa-san (59,300).

14Swiv pa tribi Gad la, avèk chèf a fis Gad yo: Éliasapah, fis a Déuel la, 15avèk lame pa li. Men mesye ki te konte yo; karann-senk-mil-sis-san-senkant (45,650).

16Total a mesye konte nan kan Ruben an te: san-senkanteyen-mil-kat-san-senkant (151,450). Se yo k ap sòti nan dezyèm nan.

17Konsa, tant asanble a va sòti avèk kan levit yo nan mitan kan yo. Menm jan ke yo fè kan an, konsa yo va sòti, chak moun nan plas li bò kote drapo pa li. 18Nan kote lwès la, va gen drapo kan Ephraïm lan selon lame pa yo e chèf a fis Ephraïm yo va Élischama fis a Ammihud la. 19Nan lame pa li, men sa ki konte yo; karann-mil-senk-san (40,500).

20Akote li va gen tribi Manassé a, e chèf a fis Manassé yo te: Gamaliel, fis a Pedahstsur a, 21avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo, trann-de-mil-de-san (32,200).

22Apre se tribi a Benjamin an, e chèf a tribi Benjamin an te: Abidan, fis a Gideoni a, 23avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo; trann-senk-mil-kat-san (35,400).

24Total a mesye konte nan kan Ephraïm yo te: san-ui-mil-san (108,100) pa lame pa yo. Yo va sòti nan twazyèm nan.

25Nan kote nò va gen drapo pou kan Dan an, selon lame pa yo, e chèf a fis Dan yo te: Ahiézer, fis a Ammischaddaï a, 26avèk lame pa li. Men mesye ki te konte yo; swasann-de-mil-sèt-san (62,700).

27Sila ki fè kan bò kote li yo va nan tribi Aser, e chèf a fis a Aser yo te: Paguiel, fis a Ocran an, 28avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo; karanteyen-mil-senk-san (41,500).

29Apre se te tribi a Nephtali a, e chèf a fis a Nephtali yo te: Ahira, fis a Énan an, 30avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo; senkant-twa-mil-kat-san (53,400).

31Total a mesye nan kan Dan yo te san-senkant-sèt-mil-sis-san. (157,600) Yo va sòti dènye avèk drapo pa yo.

32Sa yo se mesye ki te konte a fis Israël yo selon lakay papa zansèt pa yo; total a mesye a tout kan yo ki te konte pa lame yo te sis-san-twa-mil-senk-san-senkant (603,550) 33Malgre sa, Levit yo pa t konte pami fis Israël yo, jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

34Konsa fis a Israël te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, yo te fè kan bò kote drapo pa yo, e konsa yo te sòti, yo chak avèk pwòp fanmi pa yo selon lakay zansèt papa yo.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A Organização do Acampamento

  • Os israelitas foram instruídos a acampar ao redor da Tenda do Encontro voltados para os quatro pontos cardeais, deixando o santuário e os levitas posicionados no centro do acampamento.Fontes: o próprio texto bíblico
  • As doze tribos foram organizadas em quatro grupos de três, cada um sob o estandarte principal de uma tribo: Judá acampava a leste e partia primeiro, seguido por Rúben ao sul, Efraim a oeste e Dã na retaguarda ao norte.Fontes: o próprio texto bíblico · Dan · Issachar
  • Naassom, filho de Aminadabe, foi designado líder de Judá, que formava a maior divisão com 186.400 homens; sua irmã Eliseba era casada com Arão.Fontes: o próprio texto bíblico · Nahshon · Aaron · Amminadab

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.