Nations Bible

Mateus 9

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Jésus te antre nan yon kannòt pou travèse dlo a, e te vin rive nan pwòp vil Li a. 2Epi konsa, yo te pote bay Li yon moun paralize ki kouche sou yon kabann. Lè Jésus te wè lafwa yo, Li te di a moun paralize a: “Pran kouraj fis Mwen, peche ou yo padone.”

3Kèk nan skrib yo te reflechi nan kè yo: “Moun sa a ap blasfeme.”

4Men Jésus te konnen panse yo e Li te di: “Poukisa nou ap reflechi mal nan kè nou? 5Kisa ki pi fasil pou di: ‘Peche ou yo padone’, oubyen ‘leve mache’? 6Men pou nou kapab konprann ke Fis a lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche”, Li te di a paralitik la: “Leve, pran kabann ou e ale lakay ou!”

7Epi konsa, Li te leve ale lakay li. 8Lè foul la te wè sa, yo te etone, e yo te bay glwa a Bondye ki te bay otorite konsa a lèzòm.

9Lè Jésus te kite kote sa a, Li te wè yon nonm yo rele Matthieu ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di l: “Swiv Mwen!” Epi li te leve e te swiv Li. 10Li vin rive pandan Li te sou tab nan kay la, ke anpil ouvriye travay Kontribisyon an, avèk anpil pechè t ap manje avèk Jésus ak disip Li yo. 11Lè Farizyen yo te wè sa, yo te di a disip Li yo: “Poukisa Mèt nou ap manje avèk moun kontribisyon ak pechè sa yo?”

12Men, lè Jésus tande sa, Li te di: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo. 13Men ale konprann kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo.”

14Aprè sa, disip a Jean yo te vini mande L: “Poukisa nou menm avèk Farizyen yo fè jèn, men disip Ou yo pa fè l?”

15Jésus di yo konsa: “Èske moun k ap fete avèk mesye maryaj la kapab tris pandan mesye a toujou la? Men jou yo ap vini lè mesye a p ap la ankò e nan tan sa a, yo va fè jèn. 16Men pèsòn pa pyese yon vye rad avèk yon twal nèf dekwa ke twal nèf la pa vin chire lè l ap ratresi pou chire rad la pi mal. 17Ni moun pa mete diven nèf nan po kwi ansyen, sinon po a ap fann, diven an va tonbe, e ansyen po a va gate. Men yo mete diven nèf nan po nèf pou tou de kapab konsève.”

18Pandan Li t ap pale konsa avèk yo, yon ofisye sinagòg la te vin bese devan Li e te di L: “Fi mwen an apèn fin mouri, men si ou vin mete men ou sou li, l ap viv.”

19Jésus te leve e te swiv li ansanm avèk tout disip Li yo. 20Konsa, yon fanm ki te soufri yon maladi pèt de san depi douz ane te parèt pa dèyè Li, e te touche rebò vètman Li; 21paske li t ap di nan tèt li: “Si sèlman mwen kapab touche rebò vètman Li, m ap geri.”

22Men Jésus te vire wè li e te di li: “Fi mwen, pran kouraj, fwa ou gen tan fè ou geri.” Lapoula, fanm nan te gen tan geri.

23Konsa, lè Jésus te rive lakay ofisye a, Li te wè moun ki t ap jwe flit avèk yon foul ki t ap fè anpil bwi avèk dezòd. 24Li te di: “Fè yon ti deplase; fi a pa mouri, men se dòmi, l ap dòmi.”

Epi yo te kòmanse ri sou Li. 25Men lè foul la te soti deyò, Li te antre, pran men li, e fi a te vin leve. 26Nouvèl sa a te kouri toupatou nan peyi a.

27Lè Jésus te rive pi lwen, de moun avèg t ap swiv Li. Konsa, yo t ap kriye: “Fè nou gras Fis a David la!” 28Lè L te fin antre nan kay la, yo te vin kote L. Li te mande yo: “Èske nou kwè ke Mwen kapab fè sa?”

Yo te reponn Li: “Wi, Senyè”.

29Li te touche zye yo e te di: “Ke sa fèt selon lafwa nou.” 30Epi zye yo te vin louvri. Jésus te pale ak yo sevèman: “Gade byen, pa kite pèsòn konnen bagay sa a.” 31Men yo te ale deyò e te gaye nouvèl la toupatou nan peyi a.

32E pandan yo t ap soti deyò, konsa, yo te pote bay Li yon moun bèbè avèk yon move lespri. 33Lè Li fin jete move lespri a, bèbè a vin pale. Tout foul la te byen etone. Yo te di: “Nou pa janm wè anyen parèy a sa an Israël.”

34Men Farizyen yo t ap di: “Li chase move lespri yo pa pouvwa a mèt move lespri yo.”

35Jésus t ap prale toupatou nan tout vil ak tout bouk yo. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap geri tout kalite maladi ak pwoblèm fizik. 36Epi lè Li wè tout foul moun yo, Li te gen konpasyon pou yo, paske yo te dezole e dekouraje tankou mouton ki san gadò. 37Konsa Li di a disip Li yo: “Rekòlt la anpil, men ouvriye yo manke. 38Pou sa, sipliye Senyè rekòlt la pou voye ouvriye nan rekòlt Li a.”

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Misericórdia, cura e vinho novo

  • Mateus, filho de Alfeu, era publicano, ou seja, cobrador de impostos, em Cafarnaum. Jesus, ao subir da beira do lago, passou pela coletoria onde Mateus estava sentado e disse: “Segue-me”. Antes, ele era conhecido como Levi; nesse mesmo dia ofereceu um grande banquete, descrito como uma despedida, a Jesus, aos discípulos e, provavelmente, a muitos dos seus antigos companheiros.Fontes: Matthew · o próprio texto bíblico
  • Os que perguntam por que eles e os fariseus jejuam com tanta frequência, enquanto os discípulos de Jesus não jejuam, são discípulos de João Batista. João é chamado o precursor; era de descendência sacerdotal, seu pai Zacarias sacerdote do turno de Abias e sua mãe Isabel uma das filhas de Arão.Fontes: John the Baptist · o próprio texto bíblico
  • Uma cronologia situa a cura do paralítico, o chamado de Mateus, a pergunta sobre o jejum e a parábola dos odres no ano 28 d.C.Fontes: Healing the Man with Palsy · Jesus Calls Matthew · Fasting Question · Parable of the Winseskins

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Sea of Galilee · 32.819, 35.590 · versículo 1

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.