Mateus 10
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Jésus te rele douz disip li yo. Li te bay yo pouvwa sou move lespri yo, pou chase yo deyò, e pou geri tout kalite enfimite avèk maladi. 2Alò, non a douz apot yo te konsa: Premye a, Simon, ke yo rele Pierre, André, frè li, Jacques, fis a Zébédée, Jean, frè li, 3Philippe ak Barthélèmy; Thomas ak Matthieu ki te kolektè kontribisyon an, Jacques, fis Alphée a, ak Thaddée; 4Simon, Zelòt la ak Judas Iscariot, sila ki te trayi Jésus a.
5Douz sila yo Jésus te voye lè Li te fin enstwi yo konsa: “Pa antre nan chemen payen yo, ni pa antre nan okenn vil ki pou Samariten yo, 6Men pito ale vè mouton ki pèdi lakay Israël yo. 7Pandan n ap prale, preche epi di: ‘Wayòm syèl la prèt pou rive.’ 8Geri malad yo, leve mò yo, pirifye lepre yo, chase move lespri yo. Nou te resevwa gratis, nou mèt bay gratis. 9Nou pa pou pran ni lò, ni lajan ni kwiv pou mete nan bous senti nou, 10Ni yon sak pou vwayaj nou, pa menm de chemiz, ni sapat, ni baton; paske yon ouvriye merite soutyen li.
11“Nan nenpòt vil oubyen bouk ke nou antre, mande kilès ki gen merit nan li, epi ak li pou nou rete jis lè nou kite vil sa a. 12Pandan n ap antre nan kay la, bay li salitasyon nou. 13Epi si kay la gen merit, ke benediksyon lapè nou rete sou li, men si li pa gen merit, ke benediksyon lapè nou retounen sou nou. 14Nenpòt moun ki pa resevwa nou, ni pa okipe pawòl nou, lè nou kite kay sa a, oubyen vil sa a, souke pye nou pou pousyè li pa rete. 15Anverite Mwen di nou, l ap pi tolerab pou peyi Sodome ak Gomorrhe nan jou jijman an pase vil sa a.”
16Veye byen, Mwen voye nou tankou mouton nan mitan lou. Konsa, se pou nou saj kon sèpan, men inosan kon toutrèl.
17Men veye lèzòm, y ap livre nou devan tribinal yo, e y ap bat nou ak fwèt nan sinagòg yo. 18Konsa, y ap menm fè nou vini devan ofisye ak wa yo pou non Mwen, kon yon temwayaj de yo menm ak lòt nasyon yo. 19Men lè yo livre nou nan men yo, pa enkyete pou sa n ap di; paske nou va resevwa nan lè sa, sa nou gen pou nou pale. 20Paske se pa nou menm k ap pale, men se Lespri Papa nou an k ap pale nan nou.
21Frè va livre frè l a lanmò, e papa va livre Pitit li. Zanfan yo ap leve kont paran yo e fè mete yo a lanmò. 22Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila ki reziste jiska lafen an ap sove.
23Men nenpòt lè ke yo pèsekite nou nan yon vil, sove ale nan yon lòt. Paske anverite Mwen di nou, nou p ap gen tan fin pase nan tout vil Israël yo, pou lè Fis a Lòm nan vini.
24Yon disip pa pi wo pase enstriktè li, ni yon esklav pase mèt li. 25Se kont pou yon disip pou li vini menm jan avèk enstriktè li, e yon esklav menm jan ak mèt li. Si yo rele mèt kay la Béelzébul, konbyen anplis pou yo kalomnye manm kay li yo! 26Pou sa, pa pè yo; paske pa gen anyen ki kouvri ki p ap dekouvri, e kache ki p ap revele. 27Sa ke Mwen di nou nan tenèb, pale li nan plen limyè, e sa ke nou tande yo chikote nan zòrèy nou, pwoklame li sou twati kay la. 28Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.
29Èske yo pa vann de zwazo pou yon santim? Malgre sa, pa gen youn nan yo k ap tonbe atè san ke Papa nou pa konnen. 30Men menm chak ti grenn cheve nan tèt nou gen tan kontwole. 31Konsa, nou pa bezwen pè. Nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo. 32Pou sa, tout moun ki konfese M devan lòm, Mwen menm osi, M ap konfese l devan Papa m ki nan syèl la. 33Men nenpòt moun ki renye m devan lòm, M ap renye l devan papa M ki nan syèl la.
34Pa sipoze ke Mwen vini pou pote lapè sou latè. Mwen pa t vini pou pote lapè, men nepe. 35Mwen te vini pou mete yon nonm kont papa li, yon fi kont manman li, e yon bèlfi kont bèlmè Li. 36Epi lènmi a yon nonm ap manm a pwòp kay li. 37Sila ki renmen papa li oubyen manman li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen; e sila ki renmen fis li, oubyen fi li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen. 38Epi sila ki pa pran kwa li pou swiv Mwen, li pa merite Mwen. 39Sila k ap konsève lavi li, li va pèdi li; men sila ki pèdi vi li pou Mwen, l ap twouve li.
40Sila ki resevwa nou menm, resevwa M; e si la ki resevwa Mwen, resevwa Sila ki te voye Mwen an. 41Sila ki resevwa yon pwofèt nan non a yon pwofèt ap resevwa rekonpans a yon pwofèt. Epi li ki resevwa yon nonm ladwati nan non a yon nonm ladwati, va resevwa rekonpans a yon nonm dwat. 42Nenpòt moun ki nan non a yon disip, bay youn nan pitit sa yo menm yon tas dlo frèt pou bwè; anverite, Mwen di nou li p ap pèdi rekonpans li.

Você sabia?
Os doze enviados em missão
- Simão, chamado Pedro, e seu irmão André — o primeiro par nomeado entre os doze — eram pescadores de Betsaida, na costa ocidental do mar da Galileia. Tiago e João, citados em seguida, eram filhos de Zebedeu, um pescador da Galileia que tinha os próprios barcos e empregados.Fontes: o próprio texto bíblico · Simon Peter · Andrew · Zebedee
- Mateus, identificado na lista como o cobrador de impostos, era filho de Alfeu e antes era conhecido como Levi; recolhia impostos em Cafarnaum, e o nome Mateus significa “dom de Deus”. Tomé, nomeado ao lado dele, também era chamado Dídimo, o equivalente grego do nome hebraico, que significa “gêmeo”. Bartolomeu significa “filho de Tolmai” e, em geral, se supõe que seja a mesma pessoa que Natanael.Fontes: o próprio texto bíblico · Matthew · Thomas · Bartholomew
- Jesus adverte que o dia do juízo será mais tolerável para Sodoma e Gomorra do que para uma cidade que recusar os doze apóstolos. O Dicionário Bíblico de Easton (1897) descreve essas cidades da planície de Sidim como destruídas pelo fogo e proverbiais pela maldade, e as situa, provavelmente próximas uma da outra, perto da extremidade norte do que hoje é o mar Morto.Fontes: o próprio texto bíblico · Sodom · Gomorrah
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org