Lucas 14
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Li te rive ke lè L te antre lakay a youn nan dirijan Farizyen yo, nan Saba a pou manje pen, yo t ap veye L de prè.
2Epi la devan li, te gen yon nonm ki t ap soufri avèk maladi kò anfle.
3Konsa, Jésus te reponn e te pale avèk avoka ak Farizyen yo. Li te mande: “Èske se pèmi pou geri nan Saba a oubyen non?”
4Men yo te rete san pale. Li te kenbe li, geri li, e te voye l ale.
5Li te di yo: “Kilès nan nou k ap gen yon fis, oswa yon bèf tonbe nan yon pwi, ki p ap imedyatman rale l sòti nan yon jou Saba?”
6Epi yo pa t kapab reponn sa menm.
7Alò, Li te kòmanse pale an parabòl a sila ki te envite yo, lè L te wè jan yo t ap chwazi chita nan plas donè sou tab la. Li t ap di yo: 8“Lè nou envite pa yon moun nan yon fèt maryaj, pa pran plas donè paske yon moun pi distenge pase ou kapab deja envite pa mèt la. 9Epi sila ki te envite nou toulède a ka petèt vin di ou: ‘Bay plas ou a nonm sila a, e answit ak gwo wont, w ap vin okipe dènye plas la’.
10“Men, lè nou envite, ale chita nan dènye plas la, dekwa ke lè sila a ki te envite nou an vini, li kapab di nou: ‘Zanmi vin pi devan’. Konsa, nou va gen onè nan zye a tout moun ki chita sou menm tab sa a avèk nou.
11“Paske tout sila yo ki leve tèt yo va vin desann, e sila yo ki desann tèt yo, va vin leve.”
12Anplis, Li te ale di a sila a ki te envite L la: “Lè w ap fè yon bankè oswa yon soupe, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ki rich yo, otreman yo ta kab envite ou anretou, e sa va sèvi kòm rekonpans a ou menm.
13“Men lè w ap fè yon resepsyon, envite malere yo, sila ki bwate yo, ki kokobe yo, ak avèg yo. 14Konsa ou va beni, paske yo pa gen mwayen pou remèt ou sa; paske yo va remèt ou sa nan rezirèksyon moun ki jis yo.”
15Lè youn nan sila ki te chita sou tab avèk Li yo te tande sa, li te di Li: “Beni se tout moun ki va manje pen nan wayòm Bondye a!”
16Men Li te di li: “Yon mesye t ap fè yon gwo bankè, e li te envite anpil moun. 17Nan lè bankè a, li te voye esklav Li pou di sila ki te envite yo: ‘Vini! Tout bagay pare koulye a.’
18“Men yo tout ansanm te kòmanse fè eskiz.
“Premye a te di li: ‘Mwen achte yon mòso tè, e Mwen bezwen ale wè l. Silvouplè, eskize mwen.’
19“Yon lòt te di: ‘Mwen fenk achte senk pè bèf kabwa, e mwen pral eseye yo. Silvouplè, eskize mwen.’
20“Epi Yon lòt te di: ‘Mwen fenk marye ak yon fi, e pou rezon sa a, mwen pa kapab vini.’
21“Esklav la te retounen rapòte sa a mèt li. Answit mèt kay la te vin fache, e te di a esklav li a: ‘Ale depi koulye a nan tout lari ak wout vil yo, e mennen isit la malere yo, bwate yo, avèg ak kokobe yo.’
22“Konsa, esklav la te di: “Mèt, sa ou te mande a gen tan fèt, e malgre sa, gen espas toujou.
23“Mèt la te di a esklav la: ‘Ale nan gran ri yo ak sou kote kloti yo, epi fòse yo antre, pou kay mwen an kapab byen plen. 24Paske mwen di nou ke pa gen nan moun sila yo ki te envite k ap goute manje mwen an.’”
25Alò, gwo foul la t ap prale avè l, e Li te vire di yo: 26“Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen. 27Nenpòt moun ki pa pote pwòp kwa li pou swiv Mwen, li pa kapab disip Mwen.
28“Paske kilès nan nou lè li vle bati yon tou fòterès, pa chita avan pou kalkile frè yo pou wè si li gen kont mwayen pou fin fè l? 29Otreman, lè l fin fè fondasyon an, e li p ap kab fin fè l, tout sila k ap obsève l yo ap vin pase l nan betiz. 30Yo va di: ‘Mesye sa a te kòmanse bati, e li pa kapab fini.’
31“Oubyen ki wa, lè li pati pou rankontre yon lòt wa nan batay, li p ap dabò kalkile si l ap gen ase de fòs avèk di-mil moun pou rankontre lòt la k ap vin kont li avèk ven-mil? 32Otreman, pandan lòt la toujou lwen, l ap voye yon delegasyon pou mande kondisyon pou fè lapè.
33“Konsa, nanpwen youn nan nou ki kapab disip Mwen si li pa renonse ak tout sa li posede.
34“Konsa, sèl la bon; men si menm sèl la, pèdi gou li, avèk kisa li va reprann gou l. 35Li initil ni pou tè a, ni pou fimye a; fòk li jete. Sila ki gen zòrèy la, kite l tande.”

Você sabia?
Cura no sábado, banquetes e o custo do discipulado
- Um registro de acontecimentos intitula este episódio “Ensino e cura, da Pereia a Jerusalém”, com início em 30 d.C. e duração de um dia. O capítulo começa numa refeição de sábado e, mais adiante, mostra grandes multidões viajando com Jesus, enquanto ele fala de carregar a cruz, calcular o custo e renunciar a tudo para ser seu discípulo.Fontes: Teaching and Healing in Perea to Jerusalem · o próprio texto bíblico
- Num sábado, Jesus foi comer na casa de um dos principais fariseus, enquanto os presentes o observavam de perto. Bem diante dele havia um homem com hidropisia; Jesus perguntou aos peritos na lei e aos fariseus se era lícito curar no sábado e, como eles ficaram em silêncio, curou o homem e comparou o ato a tirar um filho ou um boi de um poço naquele mesmo dia.Fontes: o próprio texto bíblico
- Ao notar que os convidados escolhiam os lugares de honra, Jesus contou uma parábola sobre os assentos num banquete de casamento e exortou o anfitrião a convidar os pobres, os aleijados, os coxos e os cegos, que não poderiam retribuir. Quando alguém ali declarou bem-aventurados os que comeriam no banquete do reino de Deus, Jesus descreveu um grande banquete cujos convidados se escusaram — um para ver um campo, outro para experimentar cinco juntas de bois e outro porque tinha casado —, e o dono enviou o servo às ruas e aos becos e depois às estradas e às sebes.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org