Lucas 13
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, nan menm lè sa a, te gen kèk moun prezan ki te bay Li yon rapò sou Galileyen sila yo, ke Pilate te mele san yo avèk sakrifis pa yo.
2Jésus te reponn yo: “Èske nou sipoze ke Galileyen sa yo te pi gwo pechè pase tout lòt Galileyen yo akoz yo te soufri sò sa a? 3Mwen di nou: ‘Non’, men amwenske nou repanti, nou tout ap peri konsa. 4Oubyen èske nou sipoze ke lè tou nan Siloé a te tonbe sou diz-uit yo, e te touye yo, ke yo te koupab pase tout lòt moun ki t ap viv Jérusalem yo?
5“Mwen di nou non, men amwenske nou repanti, nou tout va peri menm jan an.”
6Li te kòmanse pale parabòl sila a: “Yon sèten mesye te gen yon pye fig frans ki te plante nan chan li. Li te vini pou chache fwi sou li, e li pa t twouve anyen. 7Konsa, li te di a jeran chan rezen yo: ‘Gade, depi twa lane m ap vini la pou chache fwi, sou pye sila a, san twouve anyen. Koupe retire li nèt! Poukisa menm l ap okipe espas tè a?’ 8Li te reponn pou di l: ‘Kite li nan plas li mesye, pou lane sila a toujou, jis lè ke m fouye tè otou de li pou mete angrè. 9Si li pote fwi lane pwochèn, sa bon, men si sa pa fèt, koupe l jete.’”
10Konsa, li t ap enstwi nan youn nan sinagòg yo nan Saba a. 11Epi vwala, te gen yon fanm ki t ap vèse san pandan diz-uit lane. Li te gen yon maladi ki te fèt pa yon move lespri, ki fè l koube doub, e li pa t kapab drese menm.
12Lè Jésus te wè l, Li te rele li vini. Li te di l: “Fanm, ou lib de enfimite ou a”. 13Li te poze men Li sou li, e imedyatman, li te drese dwat ankò, e te kòmanse bay lwanj a Bondye.
14Men ofisye sinagòg la, byen move akoz Jésus te geri nan Saba a, te di foul la kòm repons: “Gen sis jou pou travay kapab fèt. Konsa, vini pandan jou sa yo pou geri, men pa nan jou Saba a.”
15Men Senyè a te reponn li: “Nou ipokrit, èske nou chak nan Saba a pa demare bèf li, oswa bourik li sou manjwa a pou l kab mennen l al bwè? 16Alò, fanm sa a, yon fi Abraham, jan li ye a, mare pa Satan pandan diz-uit ane byen long, èske li pa t dwe lage nan chèn sila a nan jou Saba a?”
17Pandan ke Li t ap di sa a, tout advèsè Li yo te imilye, men tout foul la te rejwi yo nan tout mèvèy ke Li t ap fè yo.
18Konsa Li t ap di: “A kisa wayòm Bondye a sanble, e a kilès Mwen kapab konpare li? 19Se tankou yon grenn moutad ke yon mesye te ale jete nan pwòp jaden li. Li te grandi e li te vin tounen yon pyebwa, epi zwazo anlè yo te vin fè nich nan branch li.”
20Ankò Li te di: “A kilès pou M ta konpare wayòm syèl la? 21Se tankou ledven ke yon fanm te pran e mete nan twa mezi farin jiskaske tout te vin leve.”
22Li t ap pase de yon vil a yon lòt, pou bay enstriksyon pandan Li t ap fè wout Li vè Jérusalem. 23Konsa, yon moun te di Li: “Senyè, èske se sèlman kèk moun k ap sove?”
Li te reponn yo: 24“Fè efò pou antre pa pòt etwat la; paske anpil, Mwen di nou, va eseye antre, e yo p ap kapab. 25Depi mèt kay la leve e fèmen pòt la, epi konsa, n ap kanpe deyò pou di: ‘Senyè, ouvri pou nou’. Alò, li va reponn, e va di nou: ‘Mwen pa konnen nou, ni kote nou sòti’.
26“Konsa, nou va kòmanse di: ‘Nou te manje bwè nan prezans Ou, e Ou te enstwi nan lari nou yo.’
27“Epi Li va di: ‘Mwen di nou, Mwen pa konnen kote nou sòti. Kite Mwen, nou tout ki fè inikite.’ 28Va gen kriye fò, ak manje dan nan plas sa a lè nou wè Abraham, Isaac avèk Jacob ak tout pwofèt yo nan wayòm syèl la, men nou menm, k ap jete deyò. 29Yo va sòti nan lès, ak lwès, e nan nò avèk sid, epi yo va repoze sou tab la nan wayòm syèl la.
30“Gade byen, gen kèk moun ki dènye ki va vin premye, e kèk moun ki premye ki va vin dènye.”
31Nan menm jou sa a, kèk Farizyen te pwoche. Yo te di L: “Ale kite isit la, paske Hérode vle touye Ou.”
32Li te reponn yo: “Ale di rena sa a ‘Gade, Mwen chase move lespri yo, e Mwen fè gerizon jodi a, ak demen. Epi nan twazyèm jou a bi m va fin acheve. 33Malgre sa, Mwen oblije fè wout Mwen jodi a, demen ak jou apre a, paske li pa kapab fèt pou yon pwofèt ta peri andeyò Jérusalem.’”
34O Jérusalem, Jérusalem, vil ki touye pwofèt yo, e lapide sila ki te voye kote li yo! Kijan souvan Mwen te vle rasanble pitit nou yo ansanm tankou yon poul ranmase pitit li yo anba zèl li, men nou pa t fè sa!
35“Gade, lakay nou rete nan men nou dezole, epi Mwen di nou, nou p ap wè M ankò jiskaske nou di: ‘Beni se Sila a ki vini nan non Senyè a!’”

Você sabia?
Arrependimento no caminho de Jerusalém
- Pôncio Pilatos foi o sexto procurador romano da Judeia, de 26 a 36 d.C. Sua sede ficava em Cesareia, embora ele subisse com frequência a Jerusalém. Lucas 13 começa com a notícia de que ele havia misturado o sangue de alguns galileus com os sacrifícios deles; Jesus responde que isso não mostra que fossem piores pecadores do que os outros galileus e que, se os ouvintes não se arrependerem, também todos perecerão.Fontes: Pontius Pilate · o próprio texto bíblico
- Jesus pergunta também se os dezoito que morreram quando a torre de Siloé desabou eram mais pecadores do que todos os outros habitantes de Jerusalém, e de novo diz que, se os ouvintes não se arrependerem, também todos perecerão. Siloé, que significa “enviado” ou “envio”, tem sido identificado com o Birket Silwan, no baixo vale do Tiropeão, a sudeste da colina de Sião. A água chega a esse tanque de forma intermitente por um canal subterrâneo sinuoso que vem da Fonte da Virgem, e o Evangelho de João registra que Jesus deu a visão a um cego ali.Fontes: Siloam · o próprio texto bíblico
- Enquanto percorre as cidades e aldeias em direção a Jerusalém, Jesus lamenta a cidade que mata os profetas e apedreja os que lhe são enviados. Ela é descrita como uma cidade de montanha assentada numa fortaleza; seu nome, na forma dual, significa “possessão de paz” ou “fundação de paz”, referindo-se provavelmente a Sião e Moriá, os dois montes sobre os quais foi construída, ou, como alguns supõem, à cidade alta e à cidade baixa. Ele diz que muitas vezes quis reunir os filhos dela como a galinha reúne os pintinhos debaixo das asas, e o Easton's Bible Dictionary (1897) observa que essa ave familiar só é mencionada nesse lamento e em Mateus 23:37.Fontes: o próprio texto bíblico · Jerusalem · Josiah
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Galilee · 32.760, 35.527 · versículos 1, 2
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 4, 22, 33, 34
- Siloam · Hoje: Pool of Siloam · 31.771, 35.235 · versículo 4
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org