Lamentações 5
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Sonje, O SENYÈ, sa ki te rive nou an.
Gade pou wè repwòch nou.
2Eritaj nou te bay kon don a etranje yo,
kay nou yo a moun nou pa konnen.
3Nou te devni òfelen san papa.
Manman nou yo tankou vèv.
4Nou oblije achte dlo pou nou bwè.
Bwa nou se pou vann, yo vann nou li.
5Sila k ap kouri dèyè nou yo rive sou kou nou.
Nou vin bouke nèt.
Nanpwen repo pou nou.
6Nou te vin soumèt devan Egypte ak Assyrie
pou nou jwenn ase pen.
7Papa zansèt nou yo te peche,
men yo pa la ankò;
se nou menm ki te pote inikite pa yo.
8Se esklav yo k ap domine sou nou;
nanpwen moun ki pou delivre nou nan men yo.
9Nou riske lavi nou pou jwenn pen
akoz nepe nan dezè a.
10Po nou vin kwit tankou yon fou,
akoz gwo chalè grangou a.
11Yo te ravaje tout fanm Sion yo;
vyèj lavil a Juda yo.
12Prens yo te pann pa men yo;
ansyen yo te vin pa respekte.
13Jennonm yo te fòse travay devan moulen an
e timoun yo te kilbite anba gwo chaj bwa yo.
14Ansyen yo ale kite pòtay la;
jennonm yo ale kite mizik yo.
15Jwa nan kè nou vin sispann;
danse vin ranplase pa fè dèy.
16Kouwòn nan soti sou tèt nou;
malè a nou menm, paske nou te peche!
17Akoz sa, kè nou febli;
akoz bagay sa yo, zye nou pa wè klè.
18Akoz Mòn Sion ki kouche dezole nèt,
rena yo fè patwouj ladann.
19Ou menm, O SENYÈ, Ou renye jis pou tout tan;
twòn Ou se de jenerasyon an jenerasyon.
20Poukisa Ou bliye nou jis pou tout tan?
Poukisa Ou abandone nou jis rive tout tan sa a?
21Restore nou a Ou menm O SENYÈ,
pou nou ka vin restore.
Fè jou nou yo vin jan yo te ye nan tan pase yo.
22Men Ou deja fin rejte nou nèt.
Ou rete byen fache nèt ak nou.

Você sabia?
Uma oração por restauração e a desolação de Sião
- O monte Sião, uma das colinas proeminentes de Jerusalém onde o rei Davi outrora estabeleceu sua cidadela, é retratado neste capítulo como completamente desolado, deixado em tal abandono que raposas rondam por ele.Fontes: o próprio texto bíblico · Mount Zion
- O capítulo ilustra o colapso das estruturas sociais e cívicas cotidianas, destacando que os anciãos abandonaram a porta da cidade, os jovens pararam sua música para trabalhar em moinhos e necessidades básicas como água e lenha agora precisam ser compradas.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Assyria · 36.359, 43.153 · versículo 6
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 6
- Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 11
- Mount Zion · 31.772, 35.229 · versículo 18
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org