Jó 5
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1“Rele koulye a; èske gen moun ki pou reponn?
A kilès nan sen fidèl yo ke ou va vire?
2Paske rankin va touye moun ki plen foli,
e jalouzi va touye moun senp lan.
3Mwen te wè moun san konprann ki t ap pran rasin,
e byen vit, mwen te denonse kay li.
4Fis li yo pa jwenn sekirite ditou;
menm nan pòtay la, yo oprime,
ni pa gen moun pou delivre yo.
5Moun grangou yo devore rekòlt li,
e mennen l yon kote plen pikan.
Epi pèlen an rete ouvè pou sezi tout byen yo.
6Paske malè pa sòti nan pousyè,
ni gwo twoub pa pouse soti nan tè;
7paske lòm fèt pou gwo twoub,
tankou etensèl dife vole anlè.
8“Men pou mwen, mwen ta chache Bondye,
pou m ta plede kòz mwen devan Bondye.
9Bondye Ki konn fè gwo bagay ki depase konesans lan;
mèvèy ki pa kab menm konte yo.
10Li bay lapli sou tè a,
e voye dlo sou chan yo,
11Jiskaske Li leve sila ki enb yo,
e sila ki an dèy yo, li leve bay sekou.
12Li anile manèv a sila ki gen riz yo
pou men yo pa reyisi.
13Li kaptire saj yo nan pwòp riz pa yo,
e konsèy a moun k ap twonpe moun nan
vin kontrekare byen vit.
14Nan gwo lajounen, yo jwenn ak tenèb,
e yo egare gwo midi tankou se te lannwit.
15Men li sove yo de nepe a pwop bouch yo,
e menm malere a chape nan men pwisan an.
16Akoz sa, sila ki san sekou a gen espwa,
e inikite oblije pe bouch li.
17“Gade byen kijan nonm
ke Bondye bay chatiman an gen kè kontan.
Konsa, pa meprize disiplin Toupwisan an.
18Paske se Li menm ki blese,
e se Li menm ki retire blesi a;
Li fè donmaj la, e pwòp men L ki geri l.
19Soti sis fwa, Li va delivre ou de twoub ou yo;
Menm nan sèt fwa, mal la p ap kab touche ou.
20Nan gwo grangou Li va delivre ou devan lanmò,
e nan lagè, devan pouvwa nepe a.
21Ou va pwoteje devan blese a lang lan,
e ou p ap pè vyolans lan lè l vin parèt.
22Ou va ri devan vyolans ak grangou,
e ou p ap pè bèt sovaj yo.
23Paske ou va fè alyans ak wòch chan yo,
e bèt sovaj yo va anpè avèk ou.
24Ou va konnen ke tant ou an pwoteje,
paske ou va vizite lakay ou san krent ni pèt.
25Anplis, ou va konnen ke desandan ou yo va anpil,
e sila ki sòti nan ou yo anpil tankou zèb latè.
26Ou va rive nan tonbo a ak tout fòs ou,
tankou gwo sak ble nan sezon li.
27Gade sa byen; nou te fè ankèt li, e se konsa li ye.
Tande sa e konnen l pou kont ou.”

Você sabia?
O Conselho de Elifaz sobre o Sofrimento e a Correção Divina
- Elifaz retrata o sofrimento como uma disciplina divina com propósito, e não como mera desgraça casual, afirmando que a aflição não brota do solo sem motivo. Ele exorta Jó a não desprezar a correção do Todo-Poderoso, que fere apenas para depois curar e restaurar.Fontes: o próprio texto bíblico
- Ao prometer livramento de seis calamidades e até mesmo de sete, Elifaz utiliza uma fórmula poética tradicional de paralelismo numérico progressivo. Esse recurso retórico, comum na poesia de sabedoria do Antigo Oriente Próximo, intensifica a ênfase para transmitir a ideia de proteção total e completa.Fontes: o próprio texto bíblico
- Elifaz descreve a restauração final com imagens agrícolas e pastoris, retratando uma vida em que os animais selvagens e o solo pedregoso deixam de ser hostis. Ele projeta uma morte serena na maturidade da vida, comparada a um feixe de cereais colhido no tempo certo.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org