Nations Bible

Jó 3

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Lè l fini, Job te ouvri bouch li e te modi jou li te fèt la. 2Job te di:

3“Kite jou ke m te dwe fèt la peri,

ak nwit ki te anonse ‘se yon gason ki fèt la.’

4Ke jou sa a kapab vin fènwa nèt.

Pa kite Bondye anwo a pran swen li,

ni limyè vin klere sou li.

5Kite fènwa avèk gwo tenèb reklame li.

Kite fènwa jou sa a modi li.

6Selon nwit sa a, kite tenèb sezi li.

Kite li pa gen rejwisans nan jou ane a.

Kite li pa antre nan chif ki konte mwa yo.

7Koute byen, kite nwit sa a rete esteril.

Pa kite okenn kri lajwa antre ladann.

8Kite sila ki konn modi jou yo modi jou sa a,

sila ki prè pou fè Levyatan leve kò l.

9Kite zetwal lannwit li yo vin etenn.

Kite li espere limyè, men pa twouve l.

E kite li pa wè maten vin parèt,

10akoz li pa t fèmen ouvèti vant manman m,

ni kache twoub devan zye m.

11“Poukisa mwen pa t mouri lè m te fèt?

Sòti nan vant li e mouri la menm?

12Poukisa jenou yo te resevwa m, e poukisa tete a, pou m ta pran?

13Paske koulye a mwen t ap gen tan kouche pou m jwenn lapè;

mwen t ap dòmi depi lè sa a e mwen t ap twouve repo,

14ansanm ak wa ak konseye latè

ki te rebati ansyen mazi yo pou kont yo;

15oswa avèk prens ki te gen lò yo,

ki t ap plen lakay yo ak ajan;

16Oswa kon yon fòs kouch ki kache, mwen pa t ap egziste,

kon yon pitit ki pa t janm wè limyè.

17La, mechan yo sispann fè laraj,

e la moun fatige yo jwenn repo.

18Prizonye yo alèz ansanm.

Yo p ap tande vwa a sipèvizè a.

19Ni piti, ni gran yo la.

E esklav la lib de mèt li.

20“Poukisa limyè bay a sila ki soufri a,

e lavi a nanm anmè a,

21ki anvi wè lanmò, men nanpwen,

e fouye plis pou twouve li pase trezò kache,

22ki rejwi anpil e fè lwanj lè yo rive nan tonbo a?

23Poukisa limyè bay a yon nonm ak chemen an kache a,

ke Bondye te jennen tout kote a?

24Paske soupi mwen yo parèt menm moman

manje a rive devan zye m.

Epi kri mwen yo vide tankou dlo.

25Paske sa m krent lan te vini sou mwen.

Sa ke m pa vle wè a te tonbe sou mwen.

26Mwen pa alèz, ni mwen pa anpè.

Mwen pa jwenn repo,

ni m pa kalm,

men se boulvèsman ki vin parèt.”

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Jó Amaldiçoa o Dia do Seu Nascimento

  • Após suportar um sofrimento intenso, Jó quebra o silêncio não para amaldiçoar a Deus, mas para amaldiçoar o dia de seu nascimento e a noite de sua concepção, desejando que aquele dia tivesse sido tragado pela escuridão absoluta.Fontes: o próprio texto bíblico · Job
  • Em seu lamento poético, Jó invoca aqueles que amaldiçoam o dia e estão preparados para despertar o Leviatã, empregando uma linguagem poética de caos cósmico para enfatizar seu desejo de apagar a própria existência.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Jó descreve a sepultura como um lugar de igualdade onde reis, conselheiros, escravos e prisioneiros descansam juntos, livres do esgotamento, da opressão e da angústia que afligem os vivos.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.