Jó 2
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Ankò, yon jou te rive lè fis a Bondye yo te vin prezante yo devan SENYÈ a, e Satan osi te vin prezante li menm devan SENYÈ a. 2SENYÈ a te di a Satan: “Kibò ou sòti?”
Satan te reponn SENYÈ a epi te di: “Soti pwomennen sou latè, e te mache toupatou sou li.”
3SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou te remake sèvitè Mwen an, Job? Paske nanpwen okenn moun tankou li sou latè, yon nonm san repwòch e dwat ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite tout mal. Epi li toujou kenbe rèd ak entegrite li, malgre ou te eksite Mwen kont li san koz.”
4Satan te reponn SENYÈ a. Li te di: “Chè pou chè! Wi, tout sa yon nonm genyen, li va bay pou lavi li. 5Malgre sa, lonje men Ou koulye a e touche zo li avèk chè li. Li va modi Ou devan figi Ou.”
6Konsa, SENYÈ a te di a Satan: “Gade byen, li nan pouvwa ou. Sèlman konsève lavi li.”
7Konsa, Satan te sòti nan prezans SENYÈ a e te frape Job avèk abse ak maleng soti anba pye li jis rive sou kwòn tèt li. 8Job te pran yon mòso cha kanari pou grate kò l pandan li te chita nan mitan sann yo. 9Epi madanm li te di l: “Èske ou toujou kenbe rèd a entegrite ou a? Modi Bondye e mouri!”
10Men li te di li: “Ou pale kon youn nan fanm san konprann. Èske anverite nou va aksepte sa ki bon nan men Bondye, e pa aksepte sa ki mal?”
Nan tout sa, Job pa t peche avèk bouch li. 11Alò, lè twa zanmi a Job yo te tande tout malè ki te rive li yo, yo te vini yo chak sòti nan pwòp plas yo, Éliphaz, Temanit lan, Bildad, Souachyen an ak Tsophar, Naamit lan. Yo te òganize yon randevou ansanm pou vini fè konsolasyon avèk li, e bay li rekonfò. 12Lè yo te leve zye yo a distans, yo pa t rekonèt li; yo te leve vwa yo anlè e te kriye. Yo chak te chire rad yo, e yo te jete pousyè sou tèt yo vè syèl la. 13Konsa, yo te chita atè avèk li pandan sèt jou ak sèt nwit san pèsòn pa t pale yon mo ak li, paske yo te wè ke doulè li te tèlman gran.

Você sabia?
A Aflição de Jó e a Chegada de Seus Amigos
- No texto hebraico de Jó, o termo traduzido como Satanás aparece com o artigo definido como o adversário ou acusador. Nesse segundo conselho celestial, o adversário argumenta que, embora Jó tenha suportado a perda de seus bens e família, ferir sua própria carne e ossos o faria abandonar sua integridade.Fontes: Satan · o próprio texto bíblico
- Os companheiros de Jó — Elifaz, o temanita, Bildade, o suíta, e Zofar, o naamatita — vieram de regiões distantes associadas à Arábia. A origem de Bildade é ligada a Suá, filho de Abraão com Quetura, enquanto a antiga tradução grega Septuaginta conecta Zofar aos mineus do sul da Arábia.Fontes: Bildad · Zophar · o próprio texto bíblico
- Ao verem o sofrimento extremo de Jó, seus três amigos rasgaram seus mantos, lançaram pó ao ar sobre suas cabeças e sentaram-se com ele no chão em total silêncio por sete dias e sete noites. Essa vigília compartilhada refletia costumes antigos de profundo luto quando a dor era intensa demais para palavras.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org