Jó 23
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, Job te reponn:
2Menm jodi a, plent mwen yo se rebelyon.
Men Li rete lou malgre tout plent mwen yo.
3O ke m ta kab konnen kibò mwen ta kab twouve Li,
pou m ta kab pwoche chèz Li a!
4Mwen ta prezante ka m nan devan L,
e plen bouch mwen ak diskou yo.
5Mwen ta vin aprann pawòl ke Li ta reponn yo
e apèsi sa Li ta di m.
6Èske Li ta sèvi gran fòs Li pou goumen ak mwen?
Non, anverite, Li ta koute mwen.
7La, moun ladwati yo ta rezone avè L;
epi mwen ta delivre jis pou tout tan de Jij mwen an.
8Men gade, mwen fè avan, men Li pa la,
e mwen fè bak, men mwen pa kab twouve Li.
9Lè L aji agoch, mwen pa kab wè Li.
Li vire adwat, mwen pa wè L.
10Men Li konnen chemen ke m pran an.
Li fè m pase a leprèv, e mwen va sòti tankou lò.
11Pye m te kenbe fèm a pa Li.
Mwen te kenbe chemen Li an, e mwen pa t vire akote.
12Mwen pa t kite kòmand a lèv Li yo.
Mwen te kenbe pawòl a bouch Li
kon pi presye pase manje ki fè m gen fòs la.
13Men pa gen lòt tankou Li;
se kilès ki kab kanpe kont Li?
Sa ke nanm Li pito, se sa ke Li fè.
14Paske li acheve sa ki deziye pou mwen an.
Se anpil dekrè konsa ki rete avè L.
15Pou sa, mwen deranje nèt nan prezans Li.
Lè m kalkile, Li fè m pè anpil.
16Se Bondye ki fè kè m sote.
Se Toupwisan an ki deranje m konsa.
17Akoz mwen pat koupe retire nèt avan fènwa a,
ni Li pat kouvri gwo tenèb la devan figi m.

Você sabia?
O anseio de Jó por uma audiência
- Jó utiliza a linguagem de um processo judicial, ansiando por encontrar a sede de Deus para apresentar sua causa e encher sua boca de argumentos. Ele expressa a confiança de que uma pessoa reta seria ouvida e absolvida diante de seu Juiz.Fontes: o próprio texto bíblico
- Em sua busca por Deus, Jó percorre os quatro pontos cardeais: leste, oeste, norte e sul. Ele lamenta que, embora Deus esteja em plena atividade ao seu redor, Sua presença permaneça totalmente oculta aos olhos humanos.Fontes: o próprio texto bíblico
- Apesar do profundo temor diante da soberania e dos decretos imutáveis de Deus, Jó mantém sua integridade. Ele afirma ter guardado as palavras de Deus mais do que seu pão diário e confia que, ao ser provado, sairá como ouro refinado.Fontes: o próprio texto bíblico · Job
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org