Jó 22
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Epi Éliphaz, Temanit lan, te reponn:
2“Èske yon nonm plen kouraj kapab itil a Bondye?
Byen klè yon nonm saj se itil a pwòp tèt li.
3Èske Toupwisan an pran plezi nan ladwati ou,
oswa twouve pwofi si chemen ou yo san fot?
4Èske se akoz krentif la menm ou gen pou Bondye
ke L ap repwoche ou?
Ke l ap antre nan jijman kont ou?
5Se pa ke mechanste ou gran
e inikite ou yo san limit?
6Paske ou te pran garanti a frè ou yo san koz
e te menm retire rad pa yo jis yo vin toutouni.
7A moun fatige yo, ou pa t bay dlo pou bwè
e a grangou yo, ou te refize yo pen.
8Men posede tè a se pou nonm ki pwisan an,
e se moun entèg ki viv ladann.
9Ou te voye vèv yo ale men vid
e te kraze fòs a òfelen yo.
10Akoz sa, pèlen yo antoure ou,
e laperèz, sibitman, vin bay ou gwo lakrent,
11oswa se fènwa pou ou pa kab wè
ak anpil dlo ki kouvri ou.
12“Èske Bondye pa nan wotè syèl la?
Menm anplis, gade zetwal byen lwen yo; kijan yo wo!
13Ou di: ‘Kisa Bondye konnen?
Èske Li kab jije nan fènwa pwofon an?
14Nwaj yo se yon plas pou L kab kache,
pou L pa kab wè.
Se anwo plafon syèl la l ap mache.’
15Èske ou va kenbe ansyen chemen a,
kote mesye mechan yo te mache,
16ki te rachte avan lè yo,
ki te lese fondasyon ki lave a
retire nèt pa rivyè a?
17Yo te di a Bondye: ‘Kite nou!’,
Epi: ‘Kisa Toupwisan an kab fè pou nou?’
18Sepandan, Li te ranpli lakay yo ak bon bagay;
men konsèy a mechan yo lwen m.
19Moun ladwati yo wè, yo fè kè kontan.
Inosan yo moke yo.
20Yo di: ‘Anverite, advèsè nou yo koupe retire nèt.
E dife a fin manje retay yo.’
21“Vin konnen L depi koulye a e fè lapè avè L;
se konsa, sa ki bon va rive kote ou.
22Souple, resevwa enstriksyon nan bouch Li
e etabli pawòl Li yo nan kè ou.
23Si ou retounen bò kote Toupwisan an,
ou va restore,
si ou retire inikite a byen lwen tant ou.
24Mete richès ou nan pousyè a,
lò Ophir a pami wòch kouran dlo yo.
25Alò, se Toupwisan an ki va richès ou,
e pi bèl ajan pou ou.
26Paske konsa ou va rejwi nan Toupwisan an,
e leve figi ou vè Bondye.
27Ou va priye a Li menm, e Li va tande ou.
Ou va peye ve ou yo.
28Anplis, ou va fè yon dekrè e li va etabli pou ou;
konsa limyè va briye sou wout ou.
29Lè ou santi ou vin ba, alò ou va pale ak konfyans,
e moun ki enb lan, Li va sove li.
30Li va delivre menm sila ki pa inosan yo,
e delivrans sa a va fèt akoz men ou ki pwòp.”
Você sabia?
O terceiro discurso de Elifaz e o ouro de Ofir
- Neste terceiro discurso, Elifaz passa de reflexões teológicas gerais a acusações diretas contra Jó, alegando pecados sociais específicos, como reter penhores sem motivo, privar os necessitados de roupas e despedir viúvas de mãos vazias.Fontes: o próprio texto bíblico
- Elifaz exorta Jó a lançar o ouro de Ofir entre as pedras dos ribeiros para que o Todo-Poderoso seja seu verdadeiro tesouro. Ofir era célebre na literatura bíblica por seu ouro puro, embora sua localização geográfica exata seja debatida, com propostas que incluem a Arábia, regiões próximas ao rio Indo ou a Índia.Fontes: o próprio texto bíblico · Ophir
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org