João 17
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Jésus te pale bagay sa yo. Epi ak zye Li leve pou gade vè syèl la, Li te di. “Papa, lè a rive. Bay glwa a pitit Ou, pou pitit Ou kab bay glwa a Ou menm. 2Menm jan ke Ou te bay Li otorite sou tout chè, a tout sa ke Ou te bay Li yo, pou Li ta kapab bay lavi etènèl.
3“E sa se lavi etènèl, pou yo kapab konnen Ou, sèl vre Dye a, ak Jésus Kri ke Ou voye a. 4Mwen te bay Ou glwa sou latè, lè M te acheve travay ke Ou ban M fè a.
5“E koulye a, ban M glwa ansanm avèk Ou Menm, Papa, avèk glwa ke M te gen avè W avan lemonn te egziste a.
6“Mwen fè non Ou rekonèt a moun ke Ou te ban Mwen nan lemonn yo. Yo te pou Ou, e Ou te ban Mwen yo. Konsa, yo kenbe pawòl Ou.
7“Koulye a, yo gen tan konnen ke tout bagay ke Ou ban Mwen soti nan Ou menm. 8Paske pawòl ke Ou te ban Mwen yo, Mwen bay yo, e yo te resevwa yo e te vrèman konprann ke Mwen soti nan Ou menm. Yo te kwè ke Ou te voye Mwen.
9“Mwen mande anfavè yo. Mwen pa mande pou lemonn, men pou sa ke Ou te ban Mwen yo. Paske se pou Ou yo ye.
10“Tout bagay ki pou Mwen, se pou Ou, e sa ki pou Ou, se pou Mwen. Mwen resevwa glwa nan yo.
11“Mwen pa nan lemonn ankò. Malgre, yo menm, yo toujou nan lemonn, e Mwen vini a Ou, Papa ki Sen, kenbe yo nan non Ou, non ke Ou ban Mwen an, pou yo kapab vin yon sèl, menm jan ke nou menm, nou se yon sèl. 12Pandan Mwen te avèk yo, Mwen t ap kenbe yo nan non Ou, sa ke Ou te ban Mwen yo. E Mwen te gade yo. Youn nan yo pa t pèdi sof fis pèdisyon an, pou Lekriti ta kapab akonpli.
13“Men koulye a, Mwen ap vini kote Ou. Konsa, bagay sa yo Mwen pale nan lemonn pou yo kapab gen lajwa Mwen tou ranpli nèt nan yo menm.
14“Mwen te bay yo pawòl Ou. E lemonn rayi yo. Paske yo pa nan lemonn, menm jan ke Mwen pa nan lemonn. 15Mwen pa mande Ou pou retire yo nan lemonn, men pou kenbe yo kont sila ki mechan an. 16Yo pa nan lemonn menm jan ke Mwen pa nan lemonn. 17Fè yo vin sen pa laverite. Pawòl Ou se laverite.
18“Kon Ou te voye M nan lemonn nan, Mwen osi voye yo nan lemonn. 19E pou koz a yo menm, Mwen vin sen Mwen menm, pou yo menm kapab vin sen nan laverite.
20“Mwen pa mande pou sila yo sèlman, men pou sa yo osi ki kwè nan Mwen pa pawòl pa yo. 21Pou yo tout kapab fè yon sèl. Menm jan ke Ou menm, Papa, Ou nan Mwen, e Mwen nan Ou, pou yo kapab nan Nou tou. Pou lemonn kapab kwè ke Ou te voye M. 22Glwa ke Ou ban Mwen an, Mwen bay yo. Pou yo kapab fè yon sèl, menm jan ke Nou fè yon sèl. 23Mwen nan yo, e Ou nan Mwen, pou yo kapab vin pafè nan linite, pou lemonn kapab konnen ke Ou te voye Mwen, e te renmen yo, menm jan ke Ou renmen Mwen.
24“Papa, Mwen vle ke yo menm tou, ke Ou ban Mwen yo, kapab avèk Mwen kote Mwen ye a, pou yo kapab wè glwa M, ke Ou ban Mwen, paske Ou te renmen Mwen avan fondasyon lemonn.
25“O Papa ladwati a, malgre lemonn pa konnen Ou, Mwen konnen Ou. E sa yo konnen ke Ou te voye Mwen. 26E Mwen te fè non Ou rekonèt a yo, e yo va fè l rekonèt; pou menm lanmou ke Ou renmen Mwen an, kapab nan yo, epi Mwen menm nan yo.”

Você sabia?
João 17: a hora chegou
- A oração começa quando Jesus, depois de ter dito essas coisas, ergue os olhos ao céu e diz que a hora chegou. Ela está associada ao Discurso do Cenáculo, indicado como um dia, e à Semana Santa, indicada como oito dias.Fontes: o próprio texto bíblico · Upper Room Discourse · Holy Week
- Aqui a vida eterna é conhecer o único Deus verdadeiro e Jesus Cristo, a quem o Pai enviou. Jesus também fala da glória que tinha com o Pai antes de o mundo existir e do amor do Pai por ele antes da fundação do mundo.Fontes: o próprio texto bíblico
- Ele ora por aqueles que o Pai lhe deu do mundo, os que guardaram a palavra, e também por quem crerá por meio da mensagem deles, pedindo que sejam um. Não pede que sejam tirados do mundo, mas que sejam guardados do maligno e santificados pela verdade, que ele identifica como a palavra do Pai.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org