João 16
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1“Mwen pale nou bagay sa yo pou nou kapab evite chite.
2“Yo va mete nou deyò nan sinagòg la, epi lè a ap vini ke y ap konprann ke se yon sèvis yo rann Bondye lè yo touye nou. 3Bagay sa yo, yo va fè paske yo pa t janm konnen Papa a, ni Mwen. 4Men bagay sa yo Mwen te pale nou an pou lè lè a rive, nou va sonje ke M te di nou sa. Epi bagay sa yo Mwen pa t di nou nan kòmansman, paske Mwen te avèk nou.
5“Men koulye a, M ap prale a Sila a ki te voye Mwen an. E pa gen nan nou k ap mande M: ‘Kibò W ap prale’? 6Men akoz ke M te di nou bagay sa yo, gwo doulè antre nan kè nou.
7“Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale, Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale, M ap voye Li bay nou. 8E Li, lè L vini, L ap konvenk lemonn konsènan peche, ladwati, ak jijman. 9Konsènan peche, paske yo pa kwè nan Mwen, 10Selon ladwati, paske Mwen ale nan Papa a, e nou p ap ka wè M ankò. 11Epi selon jijman, paske Mèt mond sa a gen tan jije.
12“Mwen gen anpil bagay anplis pou M ta di nou, men nou p ap kab sipòte yo koulye a. 13Men lè Li, Lespri verite a vini, Li va dirije nou nan tout verite. Paske Li p ap pale pou kont Li, men sa Li tande, L ap pale. Li va montre nou tout sa ki va vini. 14Li va fè M resevwa glwa Mwen, paske l ap pran sa ki pou Mwen, e fè nou konprann li.
15“Tout bagay ke Papa a genyen se pou Mwen. Pou sa, Mwen di nou Li pran sa ki pou Mwen, e devwale li a nou.
16“Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M.”
17Kèk nan disip Li yo te di youn a lòt: “Kisa L ap di nou la a? ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis e nou va wè M’ epi: ‘akoz ke M ap prale nan Papa a’?” 18Konsa yo t ap di: “Kisa L ap pale: ‘Yon ti tan’? Nou pa konprann kisa L ap di.”
19Jésus te konnen yo te vle kesyone L, epi Li te di yo: “Èske nou ap diskite pami nou sou sa ke M te di a: ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M?’
20“Anverite, anverite, Mwen di nou, ke nou va kriye avèk lamantasyon, men lemonn va rejwi. Nou va ranpli avèk tristès, men tristès la va vin chanje an jwa. 21Lè yon fanm gen doulè nesans, li gen tristès, paske lè li rive, men lè l fin bay nesans a pitit la, li pa sonje soufrans lan ankò, akoz jwa ke yon pitit gen tan fèt nan lemonn.
22“Konsa, nou menm tou gen tristès koulye a. Men Mwen va wè nou ankò, e kè nou ap rejwi, e pèsòn p ap retire jwa nou ankò.
23“E nan jou sa a nou p ap menm poze M kesyon sou okenn choz. Anverite, anverite, Mwen di nou, si nou mande Papa a pou nenpòt bagay, L ap bay nou Li nan non Mwen.
24“Jis rive koulye a nou pa mande pou anyen nan non Mwen. Mande e nou va resevwa, pou jwa nou kapab vin ranpli.
25“Bagay sa yo Mwen pale nou an parabòl. Lè a ap vini lè M p ap pale avèk nou ankò an parabòl, men M ap pale nou byen klè konsènan Papa a.
26“Nan jou sa a nou va mande nan non Mwen, e Mwen p ap di nou ke M ap mande Papa a anfavè nou. 27Paske Papa a Li menm, renmen nou paske nou renmen Mwen, e te kwè ke Mwen te sòti nan Papa a. 28Mwen te sòti nan Papa a, e te vini nan lemonn. M ap kite lemonn ankò e ap prale kote Papa a.”
29Disip Li yo te di: “Alò koulye a W ap pale klè. Ou p ap sèvi ak parabòl. 30Koulye a nou konnen ke Ou konnen tout bagay, e pa bezwen moun mande Ou anyen. Akoz sa, nou kwè ke Ou soti nan Bondye.”
31Jésus te reponn yo: “Èske nou kwè koulye a? 32Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.
33“Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”

Você sabia?
A partida, o Advogado e a alegria após a tristeza
- As anotações dos eventos situam este capítulo no Discurso do Cenáculo, um episódio de um dia dentro da Semana Santa, que essas anotações indicam como um período de oito dias.Fontes: Upper Room Discourse · Holy Week
- Jesus diz aos discípulos que eles serão expulsos das sinagogas. Acrescenta que virá um tempo em que quem os matar pensará que está oferecendo um serviço a Deus, porque não conheceram o Pai nem a ele.Fontes: o próprio texto bíblico
- Ele diz que é para o bem deles que está indo embora, pois, se não partir, o Advogado não virá. Quando o Espírito da verdade vier, os guiará a toda a verdade, não falando por si mesmo, mas dizendo o que ouve e anunciando o que está por vir.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org