Jeremias 40
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Pawòl ki te rive kote Jérémie soti nan SENYÈ a lè Nebuzaradan, chèf a gad yo te lage li nan Rama, lè l te pran li mare ak chenn pami tout egzile a Jérusalem ak Juda ki t ap egzile Babylone yo. 2Alò, chèf a gad yo te pran Jérémie. Yo te di l: “SENYÈ a, Bondye ou a, te pwomèt gwo malè sa a kont plas sa a; 3epi SENYÈ a te fè l vin parèt. Li te fè l jan sa te pwomèt la. Akoz nou te peche kont SENYÈ a e pa t koute vwa li, pou sa, bagay sa a te vin rive nou. 4Men koulye a, gade byen, mwen ap libere ou jodi a de chenn ki nan men ou yo. Si ou ta prefere vini ak mwen Babylone, vini e mwen va okipe ou. Men si ou prefere pa ale, ou pa oblije. Gade, tout peyi a devan ou. Ale kote li sanble bon e an règ pou ou ta ale.” 5Kòm Jérémie poko t ap tounen, li te di: “Ale konsa, alò, retounen a Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, ke wa Babylone nan te apwente sou vil a Juda yo, e rete la pami pèp la; oswa, ale kote li sanble pi bon pou ou ta ale.”
Konsa chèf gad la te bay li yon pòsyon manje ak yon kado e te kite li ale. 6Konsa, Jérémie te ale Mitspa, kote Guedalia, fis a Achikam e te rete avè l pami moun ki te rete nan peyi a.
7Alò, tout chèf lame ki te nan chan an ak mesye pa yo te tande ke wa Babylone nan te chwazi Guedalia, fis a Achikam nan, sou peyi a, e ke li te mete li an chaj de tout mesye yo, fanm ak timoun yo, sila ki te pi malere pase tout moun nan peyi a, ki pa t oblije fè egzil Babylone yo. 8Pou sa, yo te vin kote Guedalia Mitspa, ansanm ak Ismaël, fis a Nethania a ak Jochanan e Jonathan, fis a Karéach, Seraja, fis a Thanhumeth, fis a Éphaï, Nethopha ak Jezania, fis a Maacatite, yo menm ak mesye pa yo. 9Epi Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, te sèmante a yo menm e a mesye pa yo. Li te di: “Pa pè sèvi Kaldeyen yo. Rete nan peyi a pou sèvi wa Babylone nan, pou sa ale byen pou nou. 10Alò, pou mwen menm, gade byen, mwen ap rete Mitspa, pou m ka kanpe pou nou devan Kaldeyen ki va vini kote nou yo. Men pou nou, ranmase diven an, fwi sezon ete a ak lwil epi mete yo nan veso pou konsève yo e rete nan vil nou ke nou fin okipe yo.”
11Menm jan an osi, tout Jwif ki te Moab yo, pami fis a Ammon nan Edom yo e ki te nan tout lòt peyi yo, te tande ke wa Babylone nan te kite yon retay pou Juda, e ke li te deziye sou yo, Guedalia, fis a Achakim, fis a Schaphan an. 12Epi tout Jwif yo te retounen soti tout kote ke yo te chase ale yo pou te vini nan peyi Juda, kote Guedalia nan Mitspa e te ranmase diven nan gran sezon an an gran kantite.
13Alò, Jochanan, fis a Karéach ak tout chèf lame ki te nan chan an te vini a Guedalia nan Mitspa. 14Yo te di a li menm: “Èske ou konnen ke Baalis, wa a fis Ammon yo te voye Ismaël, fis a Nethania a, pou pran lavi ou?”
Men Guedalia, fis a Achakim nan, pa t kwè yo.
15Epi Jochanan, fis a Karéach la, te pale an sekrè ak Guedalia nan Mitspa. Li te di: “Kite mwen ale touye Ismaël, fis a Nethania a e pèsòn p ap konnen! Poukisa li ta dwe pran lavi ou pou tout Jwif ki rasanble a ou menm yo ta gaye, e pou retay Juda a ta peri?”
16Men Guedalia, fis a Achikam nan, te di a Jochanan, fis a Karéach la: “Pa fè bagay sa a, paske ou ap di yon manti sou Ismaël.”

Você sabia?
Gedalias e o remanescente em Mispá
- Em Ramá, o capitão da guarda babilônica, Nebuzaradã, soltou Jeremias de suas correntes e lhe deu a escolha de viajar amparado para a Babilônia ou permanecer em Judá. Jeremias decidiu ficar e se juntou a Gedalias, filho de Aicão, em Mispá.Fontes: o próprio texto bíblico · Nebuzar-adan · Ramah
- Nabucodonosor nomeou Gedalias, cuja família já havia protegido Jeremias no passado, como governador sobre as pessoas mais pobres que restaram na terra. Gedalias estabeleceu sua base em Mispá e incentivou os refugiados e oficiais judeus a colherem os frutos da terra e viverem em paz sob o domínio babilônico.Fontes: o próprio texto bíblico · Gedaliah · Ahikam · Mizpah
- O comandante militar Joanã alertou Gedalias de que Ismael, filho de Netanias, havia sido enviado pelo rei dos amonitas para assassiná-lo. Gedalias não acreditou no relato e recusou a oferta de Joanã para eliminar Ismael secretamente.Fontes: o próprio texto bíblico · Johanan · Ishmael · Gedaliah
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 1, 4, 5, 7, 9, 11
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 1
- Chaldea · 30.962, 46.104 · versículos 9, 10
- Ammon · 31.955, 35.934 · versículos 11, 14
- Edom · 30.746, 35.604 · versículo 11
- Moab · Hoje: Moab 1 · 31.181, 35.701 · versículo 11
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org