Jeremias 39
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, lè Jérusalem te vin kaptire nan nevyèm ane pouvwa Sédécias la, wa Juda a, nan dizyèm mwa, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, ak tout lame li te rive kote Jérusalem pou te fè syèj sou li. 2Nan onzyèm ane pouvwa Sédécias la, nan katriyèm mwa a, nan nevyèm jou nan mwa a, yon brèch te fèt nan miray vil la. 3Epi tout ofisye a wa Babylone yo te antre ladann. Yo te chita bò kote Pòtay Mitan a; Nergal-Scharetser, Samgar-Nebu, Sarsekim, chèf a enik yo, Nergal-Sar-Ezer, chèf a majisyen yo, ak tout rès chèf a wa Babylone yo. 4Lè Sédécias, wa Juda a, ak tout mesye lagè yo te wè yo, yo te sove ale e te ale deyò lavil la nan nwit lan pa chemen jaden a wa a, atravè pòtay antre de miray yo. Konsa li te sove ale vè dezè a.
5Men lame Kaldeyen yo te kouri dèyè yo e te kaptire Sédécias nan plèn Jéricho. Yo te sezi li e te mennen li monte kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, nan Ribla, nan peyi a Hamath la. Epi li te pwononse jijman sou li. 6Epi wa Babylone nan te touye fis a Sédécias yo, devan zye l nan Ribla. Anplis, wa Babylone nan te touye tout mesye enpòtan Juda yo. 7Epi li te avegle zye Sédécias, e te mare li ak braslè an bwonz pou mennen l Babylone.
8Anplis, Kaldeyen yo te brile palè wa a ak dife avèk kay a pèp la, e yo te kraze miray Jérusalem yo. 9Tout rès pèp la ki te rete lavil la, ak sila ki te abandone vil la, ki te janbe kote li, e retay ki te rete nan vil la, Nebuzaradan, chèf gad yo, te pote yo an egzil Babylone. 10Men kèk nan sila ki te malere nèt yo, ki pa t gen anyen yo, Nebuzaradan, chèf gad yo, te kite yo dèyè nan peyi Juda, e te bay yo chan rezen ak chan pou yo kiltive nan menm lè sa a.
11Alò, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pase lòd de Jérémie pa Nebuzaradan, chèf gad la. Li te di: 12“Pran l e okipe l, pa fè l anyen ki mal, men pito aji avèk li jan li mande ou a.”
13Konsa Nebuzaradan, chèf gad yo, te voye pawòl pa Nebuschazban, chèf a enik yo, Nergal-Scharetser, chèf a majisyen yo, ak tout chèf a wa Babylone yo, 14te voye retire Jérémie sòti nan lakou kay gad la e te fè Guedalia, fis Achikam, fis a Schaphan nan, responsab pou mennen li lakay li. Konsa, li te rete pami pèp li a.
15Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie pandan li te anprizone nan lakou kay gad la. Li te di: 16“Ale pale ak Ébed-Mélec, Etyopyen an pou di l: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen prèt pou mennen pawòl Mwen yo sou vil sa a pou dezas e pa pou pwosperite. Konsa yo va fèt devan ou nan jou sa a. 17Men mwen va delivre ou nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “Ou p ap livre nan men a moun sa yo ke ou pè yo. 18Paske anverite, Mwen va sove ou e ou p ap tonbe anba nepe, men ou va gen lavi ou kon benefis, akoz ou te mete konfyans nan Mwen,” deklare SENYÈ a.’”

Você sabia?
A Queda de Jerusalém e o Destino dos Sobreviventes
- Ribla, onde o rei Zedequias foi julgado por Nabucodonosor, era uma cidade estratégica às margens do rio Orontes, na terra de Hamate. Situada na principal rota de caravanas entre a Palestina e o Eufrates, serviu como quartel-general babilônico durante o cerco de Jerusalém.Fontes: Riblah · Hamath · o próprio texto bíblico
- Os oficiais babilônicos que entraram em Jerusalém ostentavam altos títulos de corte, como Rabe-Mague e Rabe-Saris. Registros e inscrições babilônicas associam o oficial Nergal-Sharezer a Neriglissar, que mais tarde ocupou o trono da Babilônia após o filho de Nabucodonosor.Fontes: Nergal-sharezer · o próprio texto bíblico
- Enquanto o rei Zedequias foi capturado nas campinas de Jericó ao fugir em direção ao Arabá, Nabucodonosor ordenou a Nebuzaradã que protegesse Jeremias. O profeta foi libertado do pátio da guarda e confiado a Gedalias, enquanto o cuchita Ebede-Meleque também recebeu a promessa de livramento divino.Fontes: Nebuzar-adan · Arabah · Jericho · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 1, 3, 5, 6, 7, 9, 11, 13
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 3, 8
- Arabah · 30.417, 35.151 · versículo 4
- Chaldea · 30.962, 46.104 · versículos 5, 8
- Hamath · Hoje: Hama · 35.136, 36.750 · versículo 5
- Jericho · Hoje: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · versículo 5
- Riblah · Hoje: Rableh · 34.460, 36.573 · versículos 5, 6
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org