Jeremias 4
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1“Si ou va retounen, O Israël”, deklare SENYÈ a, “si ou va retounen kote Mwen, e si ou va retire bagay abominab ou yo devan prezans Mwen; konsa, ou p ap deplase. 2Si ou va sèmante: ‘Kon SENYÈ a vivan an’, anverite, ak jistis, e nan ladwati; konsa, nasyon yo va beni tèt yo nan Li, e nan Li yo va gen glwa.”
3Paske se konsa SENYÈ a pale a mesye a Juda ak Jérusalem yo: “Kraze e prepare tè ki poze a; pa simen pami pikan yo. 4Sikonsi tèt nou a SENYÈ a e retire prepis kè nou, mesye Juda yo, ak sila ki rete Jérusalem yo, sinon kòlè Mwen va vin parèt tankou dife e brile pou okenn moun pa ka tenyen l, akoz mechanste a zèv nou yo. 5Deklare nan Juda e pwoklame nan Jérusalem, pou di: ‘Soufle twonpèt nan peyi a!’ Kriye fò! Di yo: ‘Rasanble nou pou nou antre nan vil fòtifye yo.’ 6Leve yon drapo vè Sion! Chache sekou! Pa kanpe anplas, paske Mwen ap mennen malè sòti nan nò, ak gwo destriksyon.”
7Yon lyon ale soti nan rak bwa li; yon destriktè a nasyon yo gen tan derape. Li fin kite plas li pou fè peyi ou a vin yon savann. Vil ou yo va pil mazi ki san moun pou rete ladan yo. 8Pou sa, abiye an twal sak! Rele fò! Kriye anmwey! Paske gwo kòlè SENYÈ a pa t kite nou. 9“Li va vin rive nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “ke kè a wa a ak kè prens yo va fè fayit. Prèt yo va sezi e pwofèt yo va etone.”
10Nan lè sa a, mwen te di: “O, Senyè BONDYE! Asireman ou te pase pèp sa nan rizib nèt lè Ou te di: ‘Ou va gen lapè’. Men alò, yon nepe parèt sou gòj yo.”
11Nan lè sa a, li va pale a pèp sa a, e a Jérusalem: “Yon van sechrès ki sòti nan mòn sèk nan dezè a, nan direksyon fi a pèp Mwen an—— li pa pou vannen ni pou netwaye. 12Yon van fò depase sa a——va vini sou lòd Mwen. Alò, anplis Mwen va pwononse jijman kont yo.”
13Gade byen, li monte tankou nwaj, e cha lagè li yo kon toubiyon. Cheval li yo pi vit ke èg. Malè a nou menm, paske nou vin detwi nèt! 14Lave kè ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè panse mechan nou yo va rete anndan ou? 15Paske yon vwa deklare soti Dan e pwoklame mechanste soti mòn Éphraïm. 16“Livre rapò li bay nasyon yo koulye a! Pwoklame sou Jérusalem, ‘Moun syèj yo sòti nan yon peyi lwen! Yo leve vwa yo kont vil Juda yo. 17Tankou gadyen k ap veye yon chan an, yo kont li toupatou, akoz li te fè rebèl kont Mwen’”, deklare SENYÈ a. 18“Chemen pa ou yo ak zèv pa ou yo te mennen fè bagay sa yo rive ou. Sa se mal ou. Li amè anpil! A la sa rive jis nan kè ou!”
19Nanm mwen, nanm mwen! Mwen nan gwo soufrans! O kè mwen! Kè m ap bat anndan m. Mwen p ap ka rete an silans, pwiske ou te tande, O nanm mwen, son de twonpèt la, alam lagè a. 20Dega sou dega vin pwoklame, paske tout peyi a fin detwi nèt. Sibitman, tant mwen yo vin devaste; rido mwen yo vin devaste nan yon moman. 21Pou konbyen de tan mwen va oblije wè drapo a, e koute son twonpèt la?
22“Paske, pèp mwen an rete nan foli. Yo pa rekonèt Mwen. Yo se timoun sòt ki pa gen konprann. Yo koken nan fè mal, men pou fè sa ki bon, yo pa konnen.” 23Mwen te gade sou tè a e, gade byen, li te san fòm e vid; vè syèl yo men yo pa t gen limyè. 24Mwen te gade vè mòn yo, e gade byen, yo t ap souke; tout kolin yo te fè mouvman ale retou. 25Mwen te gade, e gade byen, pa t gen moun, e tout zwazo syèl yo te vin sove ale. 26Mwen te gade e gade byen, bon peyi fètil la te vin yon dezè, e tout vil li yo te fin demoli devan SENYÈ a, devan gwo kòlè Li. 27Paske konsa pale SENYÈ a: “Tout peyi a va dezole; malgre, Mwen p ap fin detwi li nèt. 28Pou sa, tout latè va kriye ak doulè, e syèl anwo yo va fènwa, akoz Mwen te pale sa a. Mwen te fè plan sa a, e Mwen p ap chanje lide Mwen. Ni Mwen p ap detounen sou sa.”
29Ak bri chevalye a, ak mèt banza yo, tout vil yo vin sove ale. Yo antre nan gran rak bwa, e yo monte sou wòch yo. Tout vil yo vin abandone e nanpwen pèsòn ki rete ladan yo. 30Ou menm, O sila ki dezole a, se kisa ou va fè? Malgre ou abiye an kramwazi, malgre ou dekore kò ou ak dekorasyon an lò, malgre ou agrandi zye ou ak penti, se anven ou fè kò ou bèl la. Sila ki renmen ou yo meprize ou. Yo chache lavi ou. 31Paske mwen te tande kri yon fanm nan doulè l; doulè a yon fanm k ap fè premye pitit, kri fi a Sion an, k ap soufle fò, lonje men l e rele, “Anmwey! Mwen pèdi kouraj nèt devan asasen yo.”

Você sabia?
O desastre vindo do norte
- Quando o capítulo proclama o desastre vindo de Dã e das colinas de Efraim, ele descreve o avanço para o sul de um exército invasor desde a fronteira norte em direção a Jerusalém.Fontes: o próprio texto bíblico · Dan · Mount Ephraim · Jerusalem
- As medidas de emergência em Judá incluíam tocar o chifre de carneiro e erguer sinais para orientar a população vizinha a buscar refúgio nas cidades fortificadas e no alto de Sião.Fontes: o próprio texto bíblico · Zion
- Jeremias evoca a expressão 'sem forma e vazia' para transmitir a gravidade da devastação iminente, retratando cidades em ruínas e campos cultivados transformados em um deserto inabitado.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 3, 4, 5, 10, 11, 14, 16, 17
- Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 6, 30, 31
- Dan · Hoje: Tel Dan · 33.249, 35.652 · versículo 15
- Mount Ephraim · 31.923, 35.241 · versículo 15
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org